Tretman ak Plant Natirèl pou Moun Fou
Nan tradisyon ayisyen, lè yon moun kòmanse atake maladi foli oswa yo di bonnanj li oubyen tèt li faya, sa vle di moun nan kòmanse pèdi bonsans li, pawòl li yo pa fè sans, epi li aji etranj oubyen dwòl. Li ka gen tandans pete kouri pran lari san kontwòl. Sitiyasyon sa yo grav, epi si fanmi oswa zanmi pa pran swen moun sa depi premye sentom yo parèt, moun nan ka vin pi difisil pou yo trete li.
Siy oswa sentom pou veye
- Pawòl san sans, konfizyon, moun nan ap pale ak tèt li pou kont li.
- Pete kouri san rezon pou pati lwen, anvi kite kay la.
- Gwo enkyetid ak tèt chaje ki sanble depase kontwòl moun nan.
- Yon santiman “tèt pati” jan pèp la konn di l.
- Tande pil vwa k ap pale nan tèt, pafwa se vwa lespri.
Pi bonè ou aji, se pi fasil pou ede moun nan.
Wòl Plant nan Tretman Maladi Tèt
Nan medsin tradisyonèl ayisyen, plizyè plant sèvi kòm baz pou soulaje ak estabilize moun ki gen kriz mantal oswa ki nan premye etap foli. Medikaplant itilize dòz plant pou netwaye, ranje ak balanse tèt, ansanm ak eksperyans ki konfime efikasite yo.
Egzanp Plant nan Pwotokòl Tradisyonèl yo
- Kalalou (Abelmoschus esculentus) – fèy ak grenn pou kalme nève.
- Joumou (Cucurbita moschata) – fèy pile pou refwadisman ak detoks.
- Zanmorèt (Solanum torvum) – grenn pou ranfòse nève.
- Melis / Sitwonèl Bwa (Melissa officinalis) – kalme lespri ak anksyete.
- Romaren (Rosmarinus officinalis) – netwaye tèt, amelyore memwa.
- Bazilik (Ocimum basilicum) – bese estrès ak panik.
- Fèy Zoranj Si (Citrus aurantium) – efè sedatif lejè.
- Lwil Esansyèl – melanj 3-5 plant pou nève ak balans tèt.
- Tranpe / Tonkti – fèy tranpe nan kleren pou beny ak konprès.
- Bacopa (Bacopa monnieri) – ogmante kapasite mantal.
- Tibonm (Mentha × piperita var.) – mant pou kalme nève.
- Ave / Anamu (Petiveria alliacea) – detoks nève ak elimine chaj mistik.
- Jenjanm / Ginger (Zingiber officinale) – chofe kò, ranfòse sikilasyon.

Plant Etranje Disponib nan Dòz “Sèvo Lò” sou MedikaplantShop.com
- Gotu Kola (Centella asiatica) – memwa ak konsantrasyon
- Scullcap (Scutellaria lateriflora) – kalme nève, bese estrès
- Water Hyssop (Bacopa monnieri) – ogmante kapasite mantal
- Peppermint (Mentha × piperita) – kalme tèt chaje ak migrèn
- Chinese Red Ginseng (Panax ginseng) – ranfòse enèji ak konsantrasyon
- Ginkgo biloba – amelyore sikilasyon sèvo
- Cayenne (Capsicum annuum) – ranfòse sikilasyon, elimine fatig mantal

Bon Sèvo – Se yon melanj deja prepare pou kapasite mantal, li gen ladan l: Gotu Kola, Ginkgo biloba, Chinese Red Ginseng, Cayenne, ak lòt plant medisinal pou sistèm nève w, w ap jwenn achte sou MedikaplantShop.com
Pwotokòl Tretman Foli ki Grav
- Lokalize moun nan si li deja pati kite kay li epi mennen l retounen lakay.
- Enfizyon kalalou ak konprès fèy joumou pou refwadi tèt.
- Dòz lwil esansyèl ak te melis, romaren, oswa basilik pou nève yo.
- Beny oswa fwotman fèy zoranj si tranpe nan kleren pou chase chaj mistik.
Avètisman
- Si moun nan gentan pete kouri pran lari, tretman vin pi konplike.
- Fòk terapet la gen konesans ak eksperyans.
- Sou Medikaplant.org, w ap jwenn dòz pou koule tèt, fè konprès, ak pwotokòl beny.
Konklizyon
Apwòch Medsin Tradisyonèl Ayisyen relye swen fanmi, dòz plant medsinal, ak respè pou lanati. Aji vit ede moun retounen nan balans li.
– Pran swen moun yo, pi bonè se gran maten.
MedikaPlant
Lyen kèk pòs ak resèt pou Maladi tèt:
1) Beny Dechaje Tèt: Beny Pou Koule Tèt
2) Konprès Fèy Joumou: Pou Moun Ki Malad Tèt
3) Remèd Fèy Pou Maladi Tèt: Travay Tèt Anboulatcha (Tèt Pati)


