SORÈL | FLÈ IBISIK | FLEUR JAMAICA
Non syantifik : Hibiscus sabdariffa
Lòt Non Popilè: Sudanese tea
Panyòl: Flor de Jamaica
Anglè: Sorrell | Hibiscus Flower | Bissap | Roselle | Florida cranberry | Jamaican tea
Gen anpil moun, akoz jan yo konn rele plant sa “hibiskis,” ki panse se flè choublak Ayiti a li ye. NON, se pa menm plant la ditou. Chak gen pwòp idantite pa yo ak pwòp itilizasyon pa yo. Fòk nou fè diferans lan.
Kijan Sorèl la ye?
Flè a gen yon koulè wouj fonse ak yon gou asid ki rafrechi. Men sorèl se plis pase yon bwason fre, se yon remèd tradisyonèl ki gen anpil valè.

Plant sa a rich an vitamin C ak antiyoksidan, li ede:
- bese tansyon natirèlman
- soutni sante ak bon fonksyònman fwa
- nouri kò a epi bay plis vitalite
Ou ka bwè l cho oswa frèt—nan tout fòm li ap ba w bon enèji ak byennèt.
Pou Medam Yo
Sorèl se yon sipò natirèl pou:
- ede netwaye matris la apre règ
- soulaje difikilte san k ap vide
- ede lè règ anreta
Ou ka mete 2–3 bwa kanèl ladan l pou ede règ koule pi byen.
MEN ATANSYON:
- Si règ ou deja koule anpil, pinga bwè sorèl kole ak dat règ ou.
- Evite tout melanj ak kanèl si ou konn senyen anpil.
Itilizasyon nan lòt peyi
- Jamayiken bwè ji sorèl anpil, yo fè bwason melanje epi vann li sou tout fòm.
- Nan Lafrik Lwès, yo rele l Bissap epi yo sèvi avè l chak jou.

Benefis Esansyèl Sorèl (Hibiscus sabdariffa)
Sorèl se yon flè ki gen fòs terapetik depi lontan. Li ede:
- regle tansyon
- sipòte detòks fwa
- nouri san
- ranfòse sistèm iminitè
- bay plis enèji ak vitalite
Bwè l cho oswa frèt—li toujou kenbe valè li.
Swiv, Pataje, epi Edike Fanmi an!
MedikaPlant | Plant pa plant



Bonjou , nou pa prezante choublak Ayiti a men jan nou fè pou ibiskis la.
Bonjou René, bon obsèvasyon! Se egzakteman pou sa nou ekri atik sa a: Sorèl (Hibiscus sabdariffa) ak Choublak (Hibiscus rosa-sinensis) se de plant diferan, menm si yo nan menm fanmi. N ap prepare yon atik espesyal sou Choublak lakay la byento. Mèsi paske w ap swiv nou!
Mesi bondye ap Beni ou
Amèn, mèsi anpil!