Fondatè
Kiyès Vye Ewòl ye?
Vye Ewòl se yon dimansyon pèsonèl ki reprezante Limyè a. Li se pwofesè Inivèsite nan Florida, USA ak Ayiti. Se yon otè-ekriven Ayisyen, nèg Dabòn-Leyogàn. Se yon pèsonaj piblik ki pase plis pase 20 lane nan lavi l ap sèvi kominote ak pèp Ayisyen gratis kit se atravè emisyon li te anime ou patisipe Radyo-Tele, seminè fòmasyon, atelye konferans, kou aprantisaj, piblikasyon liv ou atik, oswa odyovizyèl.
Vye Ewòl se yon Ayisyen byen kwit ki pwofonde nan tout dimansyon nan filozofi, literati, nan imajinè koletif la, nan kilti ak tradisyon pèp Ayisyen an. Tout vi l se pataj, pataj lanmou ak limyè. Pwojè Medikaplant se yon moso nan limyè sa li reprezante a.
Kontakte