N ap vanse! Jan match la ye a, sanble n ap rive nan pwolongasyon, paske pa gen kanpe. Bon konba ak tout fanmi Medikaplant lan. Anpil lanmou pou vye Ewòl!
Guerdy D'aout
Kominote Medikaplant · Facebook
Akèy › Temwanyaj
Temwanyaj
Mesaj ki soti nan kominote Medikaplant lan: kanpay, defi, beny terapetik ak pwodui nou yo.
N ap vanse! Jan match la ye a, sanble n ap rive nan pwolongasyon, paske pa gen kanpe. Bon konba ak tout fanmi Medikaplant lan. Anpil lanmou pou vye Ewòl!
Guerdy D'aout
Kominote Medikaplant · Facebook
Mèsi Medikaplant, mèsi vye Ewòl pou bèl eksperyans kanpay 21 jou bwè te a, e m ap kontinye bwè. M te santi m byen anpil pandan kanpay la: pa egzanp, m gen plis rezistans lè m ap antrene foutbòl. Avan, m te konn bouke pi souvan; kounye a m pa fatige rapid. Dènye jou a, m bwè te kamomiy lan ak kè kontan. Hoïs tout moun, nan non Granmèt souf la!
Kzo Tigadyen De Benoit
Kanpay 21 jou bwè te · Facebook
Depi papa nou mouri, ti frè m nan te chanje: li te bwè anpil, yon jan ki te depase konpreyansyon. M t ap swiv paj la, epi m fè yon bon dyòk ak 7 beny remanbre Vye a. Depi lè sa a, frè m pa janm mete kleren ni byè nan bouch li ankò; chak dimanch se Bib li li pran pou l al legliz. M p ap janm ka di w mèsi ase. Apre Bondye, se gras a w m jwenn frè m nan ankò. M mande Bondye pou l beni w plis, e m pa ka tann jou m ap rankontre w pou m di w sa w fè nan lavi m ak post Medikaplant yo. Mèsi!
Yon manb kominote a
Beny terapetik · Mesaj prive
Vye Ewòl, mèsi paske w deside pataje konesans ou ak nou, ak mwen espesyalman. Mwen te konn gen anba kè fè mal. Lè l te konn pran m, se asosi ak fèy metsiyen m te konn bouyi pou m bwè, e sa te konn soulaje m pou prèske yon semèn. Men depi m fin fè dòz fèy barachen ak bannann nan, m pa janm santi bagay konsa ankò. Mèsi anpil!
Mackenson Sylvaince
Resèt & Dòz · Facebook
Bonswa Medikaplant, mèsi pou resèt ou te ban m nan, ak fèy gwayav, bikabonat ak kleren. Mwen poko fè l, paske m poko achte kleren an, men depi m achte fèy yo ak lòt engredyan yo, m pa santi chalè a ankò. Kanmenm, m p ap pran nan kraponay: m ap fè l kanmenm. Pou fini, lè mari m wè fèy yo, li estomake: li panse se mistik!
Ckysha L.
Resèt & Dòz · Facebook
Bonjou Ton Vye! Tifoyid la trete wi, mèsi Tonton. Pa bliye: ou te trete emoraji pou mwen, epi kounye a ou fèk trete tifoyid pou mwen. Mezanmi, mèsi pa sifi!
Blanchard Dorro Tracy
Konsiltasyon · Facebook
Ton Vye, ou sonje sonografi pelvyen an? Doktè a te di m mwen gen yon kis 8 cm. Li ban m grenn planin pou 30 jou, men lè m tounen, kis la te rete menm jan, e li preskri menm grenn yo pou 30 jou ankò. Mwen pa t vle bwè yo ankò, se konsa m te mande w ede m, epi ou voye yon remèd pou m bwè. Sonografi jodi a fè m souri! Ou espesyal. Mèsi anpil, fanmi. Se pou Bondye ba w yon long vi.
Yon manb kominote a
Konsiltasyon · WhatsApp
Bonswa Vye. Mwen se Darlyne, yon manb Medikaplant. Vandredi pase, m reve de moun t ap vin sou mwen pou touye m. M t ap kouri, epi m kwaze avè w. Ou di m tounen al jwenn yo, pa pè, ou gentan ranje tout bagay. M tounen vre; yon dam lonje men l ban m, m pran l, epi kouran an pran dam nan. M voye je m gade w, paske ou te kanpe agoch mwen. Ou di yo: si yo pa rete, y ap mouri. Epi je m vin klè. Mèsi pou moun ou ye a, Vye! Bondye itilize w pou ede m nan pwoblèm. Mèsi pa sifi!
Darlyne
Kominote · Telegram
Depi m piti, m se yon moun ki kwè nan fèy, e m toujou fè beny, men m pa t ko jwenn yon gwo manman koze tankou Medikaplant. Fen ane a, m te vle mete tout baka ak giyon deyò. Apre 2 beny giyon, m fè yon rèv: m wè yon klas plen elèv ak yon ansyen pwofesè aljèb k ap fè kou. M di se pa lekòl mwen sa a, epi m soti. Lè yo rele m pou m retounen, m wè tout moun nan fènwa; se sèlman kote m kanpe a ki te gen limyè.
Yon manb kominote a
Beny terapetik · WhatsApp
Temwanyaj sa yo se eksperyans pèsonèl moun yo pataje. Rezilta yo ka diferan pou chak moun, e yo pa ranplase swen medikal. Tout temwanyaj yo reflete sèlman opinyon ak pwen de vi moun ki ekri yo, pa sa Medikaplant. Nou pa verifye ni nou pa andose okenn deklarasyon moun yo fè. FDA pa evalye okenn nan deklarasyon sa yo, e yo pa fèt pou dyagnostike, trete, geri oswa anpeche okenn maladi oswa pwoblèm sante.
Pataje pa w la
Ekri eksperyans ou dirèkteman isit la. Li ale tou dwat nan imèl nou. N ap li l anvan nou pibliye l.
Ou chwazi si nou mete non konplè w, premye non w sèlman, oswa anonim.
Nou ka korije òtograf la oswa rezime l, san nou pa chanje sa w di.