Akèy › Hoïs
Limyè · Ekla Limyè
HOÏS se yon mo sakre ki vle di « Limyè », « Ekla Limyè ». Nan yon mond kote fènwa alawonnbadè, disip fènwa ak enèji mal ap pwopaje toupatou, li enpòtan pou n tounen fè zèv limyè a ak reprezante puisans Limyè a, se sa k ap ede n atenn dimansyon pèsonèl ki reprezante Limyè a.
kouman pou konekte ak Puisans Granmèt Souf la;
dekouvri ak reyalize misyon desten pèsonèl ou;
fè zèv limyè sou latè, ede pwoteje ak pwolonje lavi lòt moun;
ki jan pou w pa dewoute epi amonize nou avèk lanati ak kòmòs la atravè plan ekzistansyèl yo? Klike pou vwayaje avèk nou sou pakou HOÏS la.
Antre sou pakou HOÏS laZèv limyè
« Zèv Limyè » se yon konsèp nou devlope nan HOÏS ki anglobe plizyè aksyon (praksi) konkrè pou materyalize limyè a. Zèv nou yo se konkretizasyon dimansyon espirityèl Limyè a. Se bon jan aksyon nou reyalize pou kore pawòl limyè nou reprezante a, fòs byen an, puisans lanmou pou pwòp tèt pa nou ak tout lòt moun ki ekziste, e nan kontèks pi laj lanati ak tout linivè.
Zèv limyè a nan kontèks patikilye nou pataje l nan lakou HOÏS-Medikaplant, se pou ankouraje tout moun pou transfòme tèt yo chak jou kòm ajan limyè, k ap fè bon zèv pou ede amelyore kondisyon lavi lòt yo: sove ak pwoteje lavi. Chak jou nou reveye nou dwe asire n fè yon zèv limyè, se fason pou n manifeste lanmou ak limyè Granmèt Souf epi fè pawòl ak espirityalite n pran fòm verite.
Konnen plis
Puisans Granmèt souf la
Se « Souf » la ki pèmèt tout sa ki viv sou latè vivan. Li se eleman vital esansyèl pou garanti lavi nou sou latè.
Sa yo posib, sèlman si n koumanse nan fondasyon sakre a ki ekzije pou nou rekonèt ekzistans ak Puisans Granmèt Souf la kòm sila ki pa gen sou tèt la; sila ki konn tout linivè a nan fondas li; ki jan ak pou ki rezon li te kreye mond lan.
Konnen plis
Charit
An n fè zèv limyè atravè charit
Charit se pi gwo prèv lanmou pou yon lòt ki nan bezwen. Se youn nan pi gwo zèv limyè ou ka fè nan vi w. Se yon zam espirityèl puisan, se yon zouti defans solid ki ede pwoteje lavi n kont tout fòm atak fizik ak malefik.
Ann fè zèv