Passer au contenu principal

Medikaplant

Akèy › Kanpay & Defi › Defi / Tchalendj

#DefiDetòks2026 · #BonTe2026

Defi Detòks 14 jou

Yon tas te plant chak jou pandan 14 jou pou netwaye kò a, rebalanse dijesyon an epi prepare w pou Kanpay Bon Te a. Tout resèt yo soti nan baz done Medikaplant lan.

Kòmansman 21 okt 2026
Fen 3 nov 2026
Dire 14 jou · 14 te

01

Chwazi

Prepare te jou a lakay ou ak plant fre oswa sèk.

02

Bwè

Yon tas maten oswa aswè, chak jou, pandan 14 jou.

03

Make

Klike «Mwen bwè te a» pou swiv pwogrè w sou aparèy ou.

04

Pataje

Poste yon foto ak #DefiDetòks2026 epi make Medikaplant.

Plan 14 jou a

21 Oktòb → 3 Novanm

De faz 7 jou: premye a netwaye respirasyon, nè ak dijesyon; dezyèm nan sipòte fwa, san ak ren.

Jou 1–7

Faz 1 · Netwaye

Jou 01
21 okt 2026

Respirasyon & detòks

Sitwonèl + Mant

Enfizyon

Bwè yon gwo vè dlo kou w leve, anvan te a.

Jou 02
22 okt 2026

Respirasyon & detòks

Bazilik + Gwayav

Enfizyon

Louvri fenèt yo, respire byen fon 5 fwa.

Jou 03
23 okt 2026

Nè & dijesyon

Kamomiy + Koupye

Enfizyon

Bwè l aswè pou yon bon dòmi.

Jou 04
24 okt 2026

Nè & dijesyon

Mant + Fèy zoranj

Enfizyon

Diminye sik ak manje fri jodi a.

Jou 05
25 okt 2026

Ren & pipi

Ti banbou + Bab mayi

Dekoksyon

Bwè omwen 8 vè dlo pandan jounen an.

Jou 06
26 okt 2026

Balans & enèji

Melis + Sitwonèl

Enfizyon

Fè 30 minit egzèsis oswa mache.

Jou 07
27 okt 2026

Rale souf

Bazilik

Enfizyon

Repoze w. Gade ki jan kò w ye apre 7 jou.

Jou 8–14

Faz 2 · Rebati

Jou 08
28 okt 2026

Fwa & san

Rasin pisanlit

Dekoksyon

Manje plis legim vèt ak fwi fre.

Jou 09
29 okt 2026

Fwa & san

Rasin bètrav + Jenjanm

Dekoksyon

Evite alkòl ak bwason gaze.

Jou 10
30 okt 2026

Ren & pipi

Planten + Pèsi

Enfizyon

Manje yon manje natirèl a midi.

Jou 11
31 okt 2026

Ren & dijesyon

Dèyè do (chanca piedra) + Fèy lougawou + Bab mayi

Dekoksyon

Pa manje ta: fini dènye manje w anvan 7è.

Jou 12
1 nov 2026

Balans & enèji

Benzoliv (moringa) + bazilik

Enfizyon

Fè yon Zèv Limyè pou yon lòt moun.

Jou 13
2 nov 2026

Iminite

Sitwonèl + jenjanm

Dekoksyon

Fè yon ji natirèl: sitwon, kawòt, zoranj.

Jou 14
3 nov 2026

Selebrasyon

Mant + Sitwonèl

Enfizyon

Pataje rezilta w ak #DefiDetòks2026.

Kijan pou prepare te a

Enfizyon oswa dekoksyon

  • Enfizyon (fèy, flè): bouyi dlo a, vide l sou plant yo, kouvri 5–10 minit, koule.
  • Dekoksyon (rasin, po, grenn): bouyi plant yo nan dlo a 10–15 minit, kite l repoze, koule.
  • Yon ti ponyen plant pou 1 tas dlo (250 ml). Ou ka mete yon ti siwo myèl.

Sipò detòks (opsyonèl)

Binder pou akonpaye defi a

  • Detripe #2 (binder Medikaplant) ak Detripe #1 oswa antiparazit la
  • Ajil bentonit
  • Zeyolit
  • Tè dyatome (diatomaceous earth)
  • Chlorella
  • Spirulina
!

Fanm ansent, fanm k ap bay tete, timoun ki poko gen 5 an ak moun k ap pran medikaman dwe konsilte yon pwofesyonèl sante anvan yo kòmanse. Sispann si w santi yon reyaksyon.

Li anvan ou kòmanse

Resèt ak konsèy

Atik Medika-bibliyotèk ki ede w prepare te yo byen.

Resèt ak Dòz 28 mas 2025

9 Dòz Natirèl Pou Detòks ak Pwoblèm Gastro-Entestinal

1) Konstipasyon MASKRETI VYOLÈT | KARAPAT (Non syantifik: Ricinus Communis)Itilize lwil Risin nan (vèsyon famasi a), pa itilize lwil maskreti kreyòl nou fè ak grenn yo, sila nou penyen cheve a ki plis konsantre a. Bwè kiyè…

Li atik la →
Aprann Fè Remèd 10 jen 2022

Kèk Prensip Jeneral Pou Prepare Te Plant

Tout règ toujou gen eksepsyon men jeneralman gen yon estanda nan mannyè nou manipile plant yo swivan ki pati nan plant lan n ap itilize pou fè remèd. Men kèk prensip fondamantal pou prepare dòz yo depan ki pati nan plant lan…

Li atik la →
Aprann Fè Remèd 14 jen 2022

Ki sa Enfizyon ye?

ENFIZYON = Se lè w bouyi oswa prèske bouyi dlo a epi w vide l sou plant la ou toufe l. a) Vide anpe dlo bouyi sou 30 g plant frèch (25g si l sèch) b) Toufe l ak yon kouvèti epi kite l poze c) Lese te a tyèd epi pase nan…

Li atik la →
Aprann Fè Remèd 14 jen 2022

Ki sa Dekoksyon ye?

🌿 Ki sa yon Dekoksyon ye? Dekoksyon se youn nan pi ansyen fason moun prepare remèd plant nan tradisyon natirèl la. Se yon metòd kote ou bouyi plant yo nan dlo pou tire tout sibstans aktif ki ladan yo, sitou lè plant lan gen…

Li atik la →
Resèt ak Dòz 7 jiy 2023

Dòz Te Dijesyon Fasil: Gras ak 5 Plant-Epis

Anpil fwa nou gen pwoblèm dijesyon se paske nou pa byen prepare manje nou yo epi kalite manje n ap manje yo ki lakoz sa. Chwa epis n ap itilize kòm fondasyon pou prepare pla yo konn reponsab pwoblèm gastwoentestinal nou…

Li atik la →
Dekouvri plant yo 22 jen 2023

Kèk Te Plant Pou Evite Bwè Si w Ansent

Tande byen! Nou byen di wi, evite bwè te sa yo, pandan gwosès oswa pandan w ap bay ti bebe tete. Paske gen ka kote yon moun te bwè youn nan plant sa yo chans pa l pitit la pa t tonbe, l ap di w bon m te pran l m pa t gen…

Li atik la →

Apre defi a

Kontinye ak Kanpay Bon Te 21 Novanm → 11 Desanm

Defi 14 jou a se yon preparasyon. Rete nan woutin nan epi antre nan fòmil « 7–7–7 » kanpay la.