1) Konstipasyon ![]()
MASKRETI VYOLÈT | KARAPAT (Non syantifik: Ricinus Communis)
Itilize lwil Risin nan (vèsyon famasi a), pa itilize lwil maskreti kreyòl nou fè ak grenn yo, sila nou penyen cheve a ki plis konsantre a. Bwè kiyè lwil la yon sèl fwa pandan w ap pran dejene. Granmoun: 2-3 kiyè (15-45 mL anviwon) epi timoun 1/2-2 ti kiyè ki anvwon 5-15 mL. Lè w konstipe li enpòtan pou manje fwi ak legim. Ou bezwen bon fib, li enpòtan si w blennde ji pou w kite ma yo. Bwè dlo tyèd nan maten ak dlo frèch pandan tout jounen.
2) Vant Fè Mal | Lachman | Kolik ![]()
KAMOMIY ou FLÈ SOLÈY (Non Syantifik: Matricaria recutita)
Bouyi 1 ponyen fèy nan 1 Lit dlo pou 10 minit. Pase nan paswa epi te a pare. Sikre l ak siwomyèl oswa rapadou ou sik wouj òganik.
3) Endijesyon | Vomisman | Balonnman | Gaz ![]()
TIBONM | Mant (Mentha nemorosa)
Ou ka itilize Tibonm Mawon an tou, yo konn rele l Vilnerè nan kèk zòn (Salvia occidentalis)
Bouyi 1 ponyen fèy nan 1 Lit dlo pou 10 minit. Pase nan paswa epi te a pare. Li preferab pou w pran l ak 2-3 grenn sèl.
si w gen pwoblèm irinè nou dekonseye w bwè te sa.

4) MOVE DIJESYON | GAZ | BALONNMAN ![]()
Engredyan: Fèy Papay | Lanni | Jenjanm | Tibonm | Gwo Ten
OU BEZWEN: 1-2 Fèy Papay + 3 branch Lanni + 3 bout Jenjanm + 1 ti ponyen Tibonm + 3-7 fèy Gwo Ten
PREPARASYON:
Graje/pile oswa blennde Jenjanm nan, ajoute nan 1+ lit dlo, kou l pral koumanse bouyi, ajoute tout fèy yo ansanm. Lese melanj lan bouyi pou 5-7 minit. Pase melanj lan nan paswa, vide nan tas pou bwè tyèd. Ajoute de twa gout sitwon oswa 3 grenn sèl. Pou gou ou ka pran l ak siwomyèl men sèl la se meyè opsyon pou gaz. 2-3 tas pa pou 7 jou. Si pwoblèm dijesyon an pèsiste ale wè yon pwofesyonèl sante ou ekri nou.

5) TE MELANJ 3 PLANT pou Gaz | Gonfleman | Balonnman ![]()
ENGREDAN: TIBONM + WOMAREN + LAY
PREPARASYON: Netwaye yo tout ansanm epi melanje yo. Bouyi yo pandan 5 a 7 minit. Pase nan paswa ou grèp. Epi ajoute 2-3 grenn sèl.
Si w pa jwenn Womaren ou ka ranplase l ak yon ti jenjanm.
6) LACHMAN | VOMISMAN | GAZ | VANT FÈ MAL | LAFYÈV ![]()
JENJANM (Zingiber officinale):
Lave yon mòso jenjanm frèch. Grajel ak tout po a, epi mete yon kiyè jenjanm graje sa (anviwon 5g) bouyi nan 1-2 tas dlo pandan 10-12 minit. Pase l nan paswa oswa nan yon grèp te. Bwè 2-3 fwa X jou pandan 3 jou. Si w gentan djanm ou pa oblije kontinye bwè l.
Li pa bon pou fanm ansent | manamn k ap bay timoun tete oswa tyovi ki gen pi piti pase 5 lane.
7) LACHMAN | DYARE ![]()
GWAYAV (Psidium guayava):
Pran 7 fèy grayav frèch epi byen lave yo epi mete yo nan yon kaswòl ki gen 1-2 tas dlo. Ajoute yon ti priz sèl + yon ti priz sik
epi byen kouvri kaswòl la; bouyi l pou anviwon 12 minit. Koule te a epi l pare pou bwè. Bwè l kou tizann oswa pran 4-5 fwa X jou pandan 3 jou. Si lachman an kanpe anvan sa, sispann pran dòz la. Ale konsilte doktè.
8) VANT FÈ MAL | ILSÈ ![]()
VETIVÈ (Vetiveria zizanioides)
Pran 3 branch fèy; si fèy yo sèch ou ka deside pile yo si w vle men lè sa w ap jis itilize yon kiyè poud fèy sila; si w itilize 3 branch frèch, w ap mete 3 branch vetivè yo nan yon veso ki gen 2-3 tas dlo ladan l. Bouyi melanj lan pandan 12 minit.
Pase l nan paswa oswa nan yon grèp te. Bwè 2-3 fwa X jou pandan 3 jou.
Li pa bon pou fanm ansent | manamn k ap bay timoun tete oswa tyovi ki gen pi piti pase 5 lane.
9) GAZ | BALONNMAN ![]()
Jiwòf (Syzygium aromaticum)
Nan yon vè dlo ou mete 12 klou jiwòf ladan depi nan aswè nan demen maten bwè li kou w fin bwose dan w.

Avètisman:
Majorite dòz plant sa yo pa bon pou fanm ansent | manamn k ap bay timoun tete oswa tyovi ki gen pi piti pase 5 lane. Si se yon aplikasyon topikal (sou po), si se p ayon te w ap bwè ki pral anndedan kò a, li pa poze pwoblèm pou kategori moun nou site anlè yo la. Men nou dekouraje yo bwè te fèy pandan moman gwosès, lè w ap bay tete oswa timoun ki gen -5 ane. #Medikaplant rete kwè n ap fè pwòp rechèch pèsonèl pa nou sou chak grenn plant anvan nou konsome yo. Epi li enpòtan pou n konsilte pwofesyonèl sante ou doktè nou anvan e sitou si n nan lòt medikplant famasi.
![]()
![]()
PATAJE POU EDIKE PLIS MOUN | LIKE & FOLLOW.
Medikaplant


