Ti plant sa rele Ti Kole, yo konn rele l Kòl Kòl tou pafwa, li gen lòt non tou swizan ki zòn ou rete. Li gen yon lòt non yo konn ba li tou, yo rele li « Sentantwàn » tou men se pa tout moun ki konnen l sou non sa. Non syantifik li se « Desmodium incanum ». Ayisyen konn itilize l pou fè rale-mennen-vini sitou pou fanm. Se rete w rete ou wè w damou kole sere sou nèg ou, menm si w pa t gen lanmou. Anpil medam yo pran nan ralba sa. Ou konn wè de modèl gengenn byen anfòm ak de kalite mawozo pwès k ap pede bat yo, epi medam yo pa ka kite nèg yo. Se Ti Kole wi k ap travay. Antouka, fè beny Anti Wonga Lanmou MedikaPlant lan epi w ap jwenn lapè w. Si w vle ou ka boule ti kole epi ajoute sann lan ann beny lan. Pa gen sekrè nan fè kola, si fè pa t koupe fè machòkèt pa t ap viv.

Atò yo te ka itilize l pou kole mazanza, kole lougawou nan lakou ak do kay, kolè vòlè, elatriye, men non yo pito kole fanm pito. Ala yon ti pèp sa papa.
Pwopriyete Medisinal
An pasan, plant sa gen benefis medisinal tou malgre moun peyi n plis itilize l pou mal. Yo itilize l non sèlman nan beny men tou pou swen matris apre akouchman, sitou lè fanm ap pran tizann ak vapè, moun ki toujou gen doulè, ka benyen ak li oswa fè dekoksyon. Ou ka konpoze dlo netwayaj avè l pou netwaye maleng, maleng kout pyès, byenke gen ka pèmaganat konn pi efikas. W ap jwenn pòs sou sa sou Medikaplant.
Yon Lòt varyete
Gen yon lòt varyete « Desmodium adscendens » li menm ki bon pou trete Hepatit B, li pwoteje fwa nou. Li bon anpil men li mwens ra nan peyi n. Nou ka fè rechèch sou li sou entènèt la sou platfòm syantifik yo oswa etnobotanik yo. Se yon plant ki plen benefis antiyoksidan, antiviral, anti-ilsè. Li ede konbat dyabèt, ede pwoteje kè, elatriye. Nou ka itilize non syantifik la pou kontinye fè plis rechèch sou li epi pataje sa w jwenn sou paj rezo sosyal Medikaplant yo ansanm avèk nou pou w ka jwenn plis limyè ak fè boukantaj lide ansanm avèk lòt elèv plant k ap swiv nou.

Pa bliye li toujou konseye pou n fè pwòp rechèch pa n sou plant yo ak maladi nou genyen, epi konsilte pwofesyonèl sante nou. Tout sa ki pibliye la yo se pou enfòmasyon, yo pa la pou ranplase dyagnostik ak konsiltasyon ou preskripsyon doktè nou.
Medikaplant




Bonjour nom mwen se Marie map chache yon feuille ki rele ti Kole.
Bonjou Marie. Ti kole pouse nan lakou ak bò chemen ann Ayiti, gade foto yo nan atik la pou w rekonèt li. Ki kote w ye?