Kisa Detòks ye?
Detòks se yon pwosesis kote kò a lage toksin, metal lou, ak salte ki akimile nan tisi yo. Lè w ap fè detòks, se tankou w ap ba sistèm entesten, fwa, ren, ak san w yon netwayaj pwofon pou yo fonksyone pi byen. Sa ede w santi w pi lejè, gen plis enèji, epi kenbe balans natirèl kò a.
Pwotokòl Antiparazit
Yon lòt etap enpòtan nan detòks se pwotokòl antiparazit. Parazit se òganis ki ka viv nan trip, fwa, oswa lòt pati nan kò a, epi yo konn bloke bon fonksyònman sistèm dijestif la. Lè w swiv yon pwotokòl antiparazit ak plant natirèl, ou ede chase yo, pwoteje sante entesten, epi anpeche yo fè dega nan sistèm iminitè w. Sa bay yon baz solid pou tout lòt netwayaj ak tretman natirèl.
Koneksyon ak Lyennaj (Binder)
Lè parazit yo fin mouri oswa paralize pandan pwotokòl la, yo lage anpil toksin danjere nan san w, epi yo konn kite dèyè ze ki ka kale ankò si kò a pa netwaye yo byen. Toksin sa yo ak kras dechè (sekresyon, tisi mò, ets) parazit yo ka lakòz: enflamasyon, maltèt, fatig, ak lòt sentòm « die-off ».

Li mache byen ansanm ak Detripe #1
Se la lyennaj (binder) pran wòl li: yo aji tankou yon “may” ki mare toksin, rezidi, ak metal lou yo pou w ka elimine yo natirèlman olye pou kò w rekipere yo ankò.
Rechèch syantifik konfime kapasite lyennaj tankou Klorèl, Spirilin (Spiriluna), Zeyolit, ak Ajil Bentonit pou mare metal lou, pestisid, ak mikotoksin nan kò a (Afonso et al., 2019; Koutelidakis et al., 2018). Sa fè yo tounen yon pati endispansab nan nenpòt pwotokòl detòks oswa antiparazit serye.
Poukisa Lyennaj (Binder) enpòtan pandan Detòks?
Si w pa pran lyennaj (binder), toksin ou lage yo ap retounen nan san w. Lè sa rive, kò a ka reaji avèk yon reyaksyon Herxheimer (yo rele sa “die-off”), ki konn bay sentòm dezagreyab tankou:
Maltèt
Fatig
Bouton oswa gratèl sou po
Ensonmi
Chanjman nan atitid
Kè plen / nwaye
Se poutèt sa, toujou pran lyennaj (binder) ou 1–2 èdtan apre w fin itilize plant oswa manje pou netwaye kò a. Sa aplike pou tout kalite netwayaj. Pa ekzanp, si w ap pran Antiparazit Medikaplant lan, ou ka pran Detripe #1 a apre sa oswa ansanm avèk li, men li enpòtan pou w pran Detripe #2 kòm yon lyennaj (binder) ansanm ak yo tou de oswa nenpòt nan yo ou chwazi fè a kòm netwayaj. Detripe #2 alyas « Colon Cleanse #2 », w ap jwenn nan Shop Medikaplant lan se yon « binder » pa ekselans. Li mache ak Detripe #1 a konsa l ap pi efikas epi w p ap konstipe.

Lis Lyennaj (Binder) ak Benefis yo
- Ajil Bentonit (Bentonite Clay) – Ajil natirèl ki rale toksin, metal lou ak parazit, epi ede chase yo deyò kò a.
- Zeyolit (Zeolite) – Yon mineral ki netwaye metal lou, radikal lib, epi pote plis klè nan lespri ak enèji.
- Tè Dyatome (Diatomaceous Earth) – Poud mineral ki soti nan fosil mikwoskopik; li ede netwaye trip, chase toksin ak parazit.
- Klorèl (Chlorella) – Alg vèt ki rich an klowofil; li mare metal lou, sipòte fwa, epi pote vitamin ak mineral esansyèl.
- Spirilin (Spiriluna) – Alg ble-vèt ki bay anpil pwoteyin, vitamin B, ak antioksidan; li ranfòse san ak sistèm iminitè pandan detòks.
- Koryand / Silantro (Coriander Leaf) – Fèy sa ede lage metal lou nan tisi yo, sipòte fonksyon ren ak fwa.
- Psyllium Husk (non anglè) – Yon fib natirèl ki mare toksin nan trip, fasilite mouvman entesten, epi ede moun santi yo pi lejè.
- Asid Himik & Filvik – Konpoze mineral òganik ki mare toksin, amelyore absòpsyon eleman nitritif, epi diminye enflamasyon.
Konklizyon & Envite Espesyal
Nan Medikaplant, nou mete detòks kòm yon pilye pou sante ak byennèt. Se poutèt sa, chak ane nou òganize 2 gwo kanpay detòks ofisyèl pou ede kominote a netwaye kò yo, chase parazit, epi ranfòse sistèm iminitè a avèk plant natirèl.
Nou ankouraje w patisipe nan kanpay sa yo avèk nou, swiv pwogram yo sou Medikaplant.org, epi jwenn tout pwodui detòks orijinal sou sit ofisyèl nou an: MedikaplantShop.com.
Antre nan mouvman natirèl la, pran swen tèt ou, epi viv yon lavi pi lejè ak pi balanse!
Medikaplant
Medsin Tradisyonèl Ayisyen
Medikaplantshop.com



