Ki Diferans Ki Gen Ant Hizòp Vs, Bazilik
1) Hizòp (Hysope) se yon plant fò, plis li medisinal nan tradisyon oksidantal, sitou pou pwoblèm respiratwa.
2) Bazilik se plant ki rasin nan tradisyon Ayisyen ak Karayib: li sèvi pou lasante fizik, men li gen gwo valè espirityèl tou.
3) Sekirite: Bazilik dou e san danje kòm manje; Hysope fò anpil, e ka danjere nan gwo dòz.
4) Senbòl: Toulede asosye ak netwayaj, men hysope plis sou pirifikasyon & repantans, pandan bazilik plis sou benediksyon & pwoteksyon.
Pou rezime:
– Si w bezwen yon ekspektoran fò pou pwoblèm respiratwa → chwazi Hizòp (Hysope).
– Si w bezwen yon plant ki anrasinen nan pratik tradisyonèl Ayisyen an pou fè beny, pwoteksyon, ak tretman kalman → chwazi Bazilik.

Pwofil Hizòp Vs. Bazilik: Kèk Detay Jeneral
I.- Hysope (Hyssopus officinalis)
Fanmi: Lamiaceae (fanmi mant)
Itilizasyon tradisyonèl:
– Nan Bib ak nan anpil tradisyon, yo sèvi ak li kòm plant pou pirifikasyon. Ale gade Sòm (Psaume) 51:7, w a wè kichòy.
– Sèvi kòm ekspektoran: ede chase glè nan poumon, soulaje tous ak bwonchit.
– Konnen tou pou soulaje gòj fè mal, dijesyon difisil, vant gonfle.
Wòl enèjik / senbolik:
– Asosye ak netwayaj pwofon (espirityèl ak fizik).
– Sèvi nan beny fèy oswa nan pafim (lafimen) pou pirifye kò moun oswa kay/ lakou.
Gou & Sant:
-Amè, fò, yon ti jan mant.
-Gen anpil lwil esansyèl, fòk yo sèvi ak li ak prekosyon (pa bon pou fanm ansent ni moun ki gen kriz malkadi).

II.- Bazilik (Ocimum basilicum)
Fanmi: Lamiaceae (fanmi mant)
Itilizasyon tradisyonèl:
– Nan medsin popilè Ayiti ak Karayib (TRAMIL), yo sèvi avè l pou rim, tous, lafyev, ak pwoblèm dijestif.
– Te fèy bazilik ede kalme nè, ogmante apeti, amelyore sikilasyon.
– Sèvi anpil nan beny pou pwoteksyon, ranfòse lespri, epi pou atire chans.
Wòl enèjik / senbolik:
– Nan kilti ayisyen, bazilik se yon plant sakre.
– Yo sèvi avè l pou benediksyon, pwoteksyon, ak vitalite espirityèl.
Gou & Sant:
– Dou, aromatik, yon ti jan epis (santi klowòf).
– Pi souvan plant sa sèvi kòm epis nan manje, dousè li fè l plis “alimantè” pase Hizòp (hysope).
Medikaplant
Medikaplantshop.com vann plant sa yo, w ap ka achte Hizòp ak Bazilik plis plizyè lòt plant medisinal sou sit nou an, yo òganik, byen anbale. Vizite n jodi a menm.
Follow MedikaPlant sou Facebook, IG, X ak TikTok pou aprann ak konnen plis sou plant yo.
#Medikaplant #Beny_Fèy #PlantSakre



Mèsi pou gwo travay sa wap fè nan kominote a.
Mw voye anpil bon enèji pou ou
Mèsi anpil Rosemond, bon enèji sa a rive. Kontinye swiv nou!
Merci ton. Vieux Herold
Merci à vous Claudy, au plaisir!
Mèsi, pou bel eksplikasyon sa yo… Mèsi BOKOU
Mèsi BOKOU pou ou tou, Gonell! 🌿
mèsi pou sèvis wap rann Nou Nan kominote a
Mèsi Jean Valentina, se ansanm nou fè l.