Beny pou si w pile yon bagay epi pye w vin gen yon cho-frèt, oswa w pran yon kout pyès nan pye, oubyen yon “batri”
Si pye w konn ap fè cho-frèt,
youn cho pandan lòt la frèt,
oswa tou de pye yo toujou ap cho.
Beny sa a fèt pou ede balanse tanperati pye yo epi soutni sikilasyon.
Menm si se yon sèl pye ki gen pwoblèm nan, toujou tranpe tou de pye yo ansanm.
ENGREDYAN:
- 3 gwo men fèy gwayav
PREPARASYON:
- Bouyi fèy yo pandan anviwon 10 minit
- Vide dlo a nan yon veso ki apwopriye
- Pandan li toujou cho:
- Lage 1 gwo bout glas ladan
- Ajoute 3 chòt kleren blan fò
- Ajoute 3 priz bikabonat (baking soda)
- Chita mete pye yo tranpe
- Asire dlo a vin tyèd (pa boule) selon sa ou ka tolere
- Brase pye yo dousman ak fèy yo tanzantan
- Kite yo tranpe pandan 30–35 minit, jiskaske dlo a vin frèt

DIPLIS:
- Si w gen pye anfle (edèm / retansyon dlo):
Ou ka ajoute sèl lanmè ak kèk fèy mant
Pa neglije diminye sèl nan manje w - Gen plis dòz pou pye anfle sou sit la:
https://medikaplant.org/doz-natirel-pou-pye-k-kenbe-dlo - Si se atwoz oswa atrit:
https://medikaplant.org/beny-fey-kont-atwoz
Medikaplant
www.medikaplant.org



Ou mete 3 chòt klè blan. Eske se pa kleren blan ou tap mete?
wi
M ta renmen pou edem tanpri, mw genyen nn 2 pye kranp ak feblès sitou lè li fè fredi, edem tanpri tut sam fè m pa janm ka jwnn solisyon🙏
W ap jwenn dòz pou kontwole tanperati pye a sou sit la, gen plizyè pòs sou pwoblèm pye. Ale nan bar rechèch la, ekri « pye » epi fè rechèch la.
me kontan rejwenn sit medikaplant me vraiment exciter poum aprann anpil de plant e kijan me kapab itilize yo too,travay nap fè a pas gen prix mille merçi
Nou kontan ou la tou, se yon plezi pou n mete konesans tradisyonèl plis lasyans ansanm pou ede pwoteje ak pwoteje lavi. Nou apenn lanse yon gwo ekosistèm kote w ap jwenn plis bagay epi tout sèvis nou yo konekte ansanm sou hoismedikaplant.com