Yon fason rapid pou dezanfle pye moun ki anfle, ki gonfle/kenbe likid/dlo. Depi w konsa evite ou redui konsomasyon sèl la nèt sitou nan manje ou likid w ap vale. Men yon bagay nou ka fè pou ban n souf imedyatman:
MEN SA OU DWE FÈ:
ENGREDYAN: Tibonm (mant), Grenn sèl (Sèl Epsom bon tou), Bikabonat
PREPARASYON: Bouyi fèy tibonm (mant) nan dlo pou 7-10 minit, vide ni dlo a ak tout fèy tibonm lan nan yon kivèt ou yon veso, ajoute 3 ponyen grenn sèl ladan l, ak yon 2-3 kiyè bikabonat swivan valè dlo w itilize a. Lè pye moun nan ka tolere tanperati dlo a tou tyèd la, fè l chita epi mete pye yo tranpe nan veso a pou 25-45 minit. Itilize yon sèvyèt koton blan pou byen tranpe ak tanponnen pye a desann (sot anlè desann anba) tanzantan. Si lè w fini trete pye a, ou reyalize tanperati pye yo pa menm, swiv menm pwosesis preparsyon sa men angiz tibonm, itilize fèy gwayav + ajoute 1 bèl bout glas apre w fin vide l nan veso a pou tranpe pye a. Y ap regle koze yon pye cho, youn frèt la; l ap egalize tanperati tou 2 pye yo. Si w vle ou ka itilize fèy/grenn bwa din/fèy esans jiwòf sitou nan ka se yon filaryoz ki apenn ap devlope.
DIPLIS:
ENGREDYAN KI NAN FÒMIL YO: Pèsi – Sitwon – Vinèg Sid Pòm (Apple Cidre / koulè) – Siwomyèl òganik (pa obligatwa) – Bab Panyòl – Lwil Maskreti – Militon – Bikabonat -Grenn sèl (Sèl Epsom bon tou)
MEN DÒZ:
1) Ou ka ba l 1-2 tas pèsi bouyi ak wonn sitwon (po a) pou 1-3 jou swivan bezwen. Ou ka pran l sou fòm rafrechi ajoute kalakou si w vle.
2) Ou ka ba li tizann Dandelion (Pisanlit) la tou + ou ka ajoute grenn lanniy (fenouy/fennel seed) ladan li si w vle, oswa pran yo chak apa. + Yon ti rafrechi kalalou p ap deranje.
3) 1 kiyè vinèg Sid Pòm (Apple Cider) sa ki gen koulè a + melanje l ak 2 tas dlo + yon ti pire sitwon + ajoute yon ti siwomyèl òganik (jis pou gou a).
4) Konsome zonyon / oswa simen sik wouj òganik la sou li, ou kraze l nan ji kann (sitou pou fanm fle anfle apre akouchman).
5) Pye anfle pandan gwosès men li pa two grav: Prije yon bon kann peyi bwè 1 vè ji/ven kann pandan 2-3 fwa X jou pou 7 jou.
MEN PI GWO KOU YO LÈ KA GRAV: (Sa ka ede konbat kout pyès ki pa gen nanm ladan l)
6) Ou ka fè enfizyon ak Bab Panyòl, ou ba l bwè 1 tas pandan 3 jou.
7) Graje 1 militon ak tout po + pase l nan paswa, pran ji a, pa melanje l ak okenn dlo ditou, ajout 2 grenn sèl; epi chofe l pa kite l bouyi. Vide nan 1 tas lese l frèt ba l 1 tas ajen (byen bonè). Fè l 3 fwa men sote 1-2 jou nan mitan chak fwa.
MEN KOU MANMAN PENBA A:
- Ou ka toujou graje 3 militon, dekwa pou w jwenn plis, ou ka itilize 1/4 pou w konpoze dòz #5 lan pou w ba l bwè a; epi ou pran rès 3/4 ki rete a ansanm ak tout ma ou melanje ak ti lwil maskreti, 1 ti ponyen sèl, ak 1-2 ti kiyè bikabonat. W ap chofe melanj sa nan yon kaswòl, pa kite l bouyi; brase l ansanm tankou se te mayi moulen w t ap kwit. Byen melanje engredyan yo ansanm.
- L ap vin tounen yon bon pomad. Rale pye a ak pomad sa apre w te fin tranpe l nan solisyon nou te bay pi wo a. Kite ma pomad militon an sou pye a, ou ka vlope l, ou bande l lejèman pou 3 jou. Pandan 3 jou sa w ap bay 1 jiska 3 nan dòz nan seksyon DIPLIS pi wo a. Epi lapè. Si se kout pyès, fè pomad la ak kalalou + 3 priz tè ou pran nan simityè ou yon kafou. Se latè li ye, pa gen anyen mistik nan sa. Se medsin k ap avanse pou pwoteje ak pwolonje lavi moun.
Gen anpil lòt dòz nou ka konpoze ak divès kalte plant ki fasil pou nou jwenn pou ede n ak pwoblèm konsa. Men, li toujou enpòtan pou n konnen sous enflamasyon an pou n ka pi byen ame nou pou konbat li. Kèlkeswa sous maladi ki lakoz sa, gen plant pou li. Yon jou n ap fè yon dezyèm pòs (#2) sou pye anfle men fwa sa ak yon lòt lis plant. Nou espere w pataje e abòne ak paj sa, anplis envite de twa zanmi fè sa tou. Se konsa w ap jwenn ak ankouraje n pote plis kichòy.
SONJE:
Gen plizyè rezon ki lakoz pye w anfle, kit se kanpe w kanpe twòp nan travay oswa aktivite w, kit se twòp sèl ou manje, oswa ou gen yon dechiri ou blesi nan nivo mis ou yo, plis lòt faktè ankò ka lakoz ou gen yon enflamasyon nan pye ou lòt pati nan kò w. Li pa oblije lye ak yon maladi ki pi grav. Moun pye anfle, pye kenbe likid/dlo, moun edèm yo: nan foto ki pi ba a n ap jwenn 7 zouti ki ka ede nou. Nou pa bezwen gen tout pou n jwenn yon souf. Chaje lòt plant ak fason toujou. Like I Pataje paj sa ak Zanmi I Fanmi I Moun nou renmen pou n ka ede plis vèditè jwenn solisyon.
KONNEN KI FÈ
______________///__________________///___________________////____________________
#Medikaplant | #Medsin_Fèy | #Rasin, #Kilti, #Remèd_Fèy, #Ayiti, #Pye_Anfle, #Gwo_Pye, #Edèm, #Edema,



Mw se remed pou nanm mw ta renmen jwen
Bonjou Richemarc! Si w vle di « nanm » pou fòs ak enèji (lè w santi w fèb, san fòs), ekri nou pou w di nou plis sou sa w santi, oswa pran yon konsiltasyon sou medikaplantshop.com. Konsa nou ka ba ou bon dòz la.
Kman sim bezwen aprann utilisé fey yo svp, kma map k fe sa eske gen yon prix pou sa. E konbien kob svp merci
Bonjou Sanon, bon kesyon! Wi, nou gen klas pou moun ki vle aprann itilize fèy yo kòrèkteman. Ou jwenn tout klas yo sou hoismedikaplant.com. Pou pri ak plis enfòmasyon, ekri nou sou WhatsApp ofisyèl Medikaplant: +1 (954) 529-0705. Se sèl nimewo ofisyèl nou, li gen badj ble ✔️ verifikasyon an. Pandan tan sa a, tout atik sou medikaplant.org yo gratis pou ou.
@Christopher, pou kisa w pa koumanse fè dòz ki sou sit la?
@Louventa, gen yon dòz sou sit la, chache l “Dòz pou Fòtifye kò n…” w ap jwenn li: fè moun nan fè l, 7 jou, l ap fè 7 beny Remanbre, l ap manje yon zoranj dous chak jou sa yo, sa fè 7, epi l ap bwè yon tas te ki genyen 2 dan lay + 7 klou Jiwòf chak jou tou pandan menm 7 jou sa. Ba l manje moringa, fè dòz anemi yo pou li.
Bonjou,mwen ta renmen konnen si sa reyèl vreman,yon kouzen mwen ki malad preske mouri,le yo soti ak li,yo di se kout demand yo fè deyè li,li tankou yon balèn.tout sa yo fè pou trete li yo pa kapab,mwen menm mwen monte mwen vin chache nan beny yo,eske li posib poum fè yo fè beny renesans lan pou li svp?
Ou ka fè yon beny Devenn anvan, epi nan demen ou koumanse fè Beny Remanbre, w ap fè 7 jou ap fè Beny Remanbre a, w ap fè youn chak jou. Si w pa vle fè Remanbre a ou ka fè Renesans lan. Ba l bwè yon tas te 7 klou jiwòf + 2 dan lay, chak ou fin benyen l, epi nan yon ti tan apre koupe yon zouranj dous an de moso, ba l manje tou de. W ap fè sa chak jou pandan beny Remmanbre a, kidonk w ap ba l 7 zoranj dous an total, 7 tas te: youn chak jou nan menm semèn l ap pran beny yo. Pou koze demand dèyè moun nan ou ka fè yon ti charit pòv pou lu, bay pòv ti kòb nan lari. Si w vle l repran li nèt epi efase sa pou bon: di l jene, leve nan maten bwè dlo sèlman san manje jis ka midi, rete nan yon chanm priye Bondye,ou pa nan koze lespri. Si l mane enspirasyon li ka li kèk sòm pou ede l jwenn pawoli l, epi di l di tout sa l bezwen. L ap louvri yon dra atè nan chanm lan, san telefòn, li ka itilize nat oswa sak kòlèt tou si l vle. Sa se pati espirityèl la. W a p sezi wè rezilta yo. Tout moun ka aplike menm pwotokòl sa depi yo bezwen. Epi l gratis li efikas. Nou gen plizyè santèn temwanyaj. Pa kite pèsekisyon dekouraje nou non. Lè w anba kout pyès, chak pou w fè remèd pou w demare tèt ou, w ap santi yon deourajman. Pa lese sa dekouraje w, bay kò w kouraj epi fè zafè w. Anpil fwa tou moun k ap fè w la, ka rele w oswa deranje w nan moman sa yo, menm joure w oswa fè w malonèt. Prete atansyon. Pa rakonte moun zafè w. Jis met granmoun sou ou, fè sa w gen pou fè yo. Rezilta garanti.
Bon vye se you pye mwen genyen tout kote mwen pase anyen pa mache pou mwen sa fè 14 zan ak pye sa li fè maling li gen tou ladan kijanw ka ede mwen silvouplè
Eskize n pou reta a. Christophe, yon pye ki anfle depi 14 an e ki gen maleng bezwen doktè (sikilasyon, sik). Nou ka ede w tou: https://medikaplantshop.com/consultation/
mesi bon.travay
Mèsi Emmania!
Merci Ton Vye.
Avèk plezi Florcy!
Merci
Avec plaisir Rony!