Pou yon jounen, nou resevwa moun ki pi nan bezwen yo, tankou moun ki san kay ak moun k ap mande nan lari, ak bon manje, mizik ak dans. Ane sa a, nou pote swen sante gratis tou.
Sa Boukan Kreyòl ye
Boukan Kreyòl se yon gwo dine charit pou moun ki pi nan bezwen yo, tankou moun ki san kay ak moun k ap mande nan lari. Pou yon jounen, nou resevwa yo ak bon manje, soup joumou, mizik ak dans.
Lide a senp: nou pote bèl lavi moun ki gen mwayen yo bay moun ki pa genyen yo, pou yon jou. Tab byen ranje, sèvis ak respè, bifè, mizik.
Pou 4yèm edisyon an, nou ajoute yon klinik mobil gratis: konsiltasyon, tchèk-òp ak medikaman. Nou pran swen tout bagay.
«Montre pòv yo boukannen souri nan kwi rèv ak lespwa demen miyò.»Tèm premye dine Boukan Kreyòl la, 2023
Nouvo pou edisyon sa a
Ansanm ak Fanm Oze, yon ekip medikal volontè ap resevwa moun yo sou plas la, egzamine yo epi ba yo medikaman, san yo pa peye anyen.
Foto: klinik mobil ak vizit lakay anvan yo, ansanm ak Fanm Oze.
Apèl pou volontè
Jedi 17 desanm 2026, Medikaplant ak Fanm Oze ap fè yon gwo KLINIK MOBIL GRATIS nan Leyogàn, ansanm ak 4yèm edisyon Boukan Kreyòl la.
N ap chèche doktè medikal jeneral, enfimyè ak enfimyè pratik, famasyen, terapis fizik ak lòt terapis ki kalifye, ak tout lòt pwofesyonèl lasante ki vle pote kole.
Se pa sèlman swen n ap pote. Se espwa, respè ak solidarite tou!
Chak don ede nou pote bon manje, medikaman ak swen gratis bay moun ki pi vilnerab yo nan Leyogàn. Ou chwazi montan an.
Fè yon don sou sit laEkri «Boukan Kreyòl» nan nòt peman an.
Medikaplant pa janm mande pou voye lajan an Ayiti. Bay sèlman sou sit ofisyèl la oswa sou kont Medikaplant LLC sa yo.
Moman nan Boukan Kreyòl 2023 (premye edisyon an) ak 2024, ansanm ak klinik mobil nou fè ak Fanm Oze.