Akèy › Kanpay Bwè Bon Te
#BonTe2026 · #BwèTèChakJou
« Yon tas te se remèd kò pou pwoteje ak pwolonje Lavi. » Kanpay #BonTe2026 la se yon mouvman byennèt pou ede plis moun retounen nan konesans tradisyonèl nou: bwè te plant chak jou pou sante, enèji ak lonjevite.
Objektif kanpay Bwè Bon Te 2026
Detoksifye fwa, ren, ak san
Amelyore respirasyon ak sistèm iminitè
Balanse presyon san
Akselere dijesyon, ede boule grès
Kalandriye Bwè bon te
Fòmil « 7–7–7 » la: twa dòz 7 jou chak, 21 jou an tout. Chwazi yon melanj nan chak etap.
Te #1
21 Novanm ➜ 27 Novanm
7 jou
Respirasyon & detòks
Ka ranplase pa: ekaliptis, mant, bouyon blan (mullein), bwadòm, jenjanm, kanèl…
Te #2
28 Novanm ➜ 4 Desanm
7 jou
Respirasyon, nè & dijesyon
Te #3
5 Desanm ➜ 11 Desanm
7 jou
Balans, ren & dijesyon
Kanpay Bwè Te Chak Jou
Chwazi 3 te diferan, bwè chak te pandan 7 jou, epi kontinye jiskaske w rive 21 jou. Fè te a lakay ou, poste yon foto oswa yon ti videyo (mwens pase 1 minit) sou rezo sosyal yo epi make paj Medikaplant lan.
Twa dòz 7 jou chak: 3 te diferan, 21 jou an tout.
Soti 21 Novanm rive 11 Desanm 2026.
#BwèTèChakJou, ak yon ti mesaj motivasyon. Foto yo la pou enspire lòt moun.
Ou ka kòmanse nenpòt jou epi konte 21 jou youn dèyè lòt.
Nenpòt te natirèl oswa tizàn plant: sitwonèl, jenjanm, fèy gwayav, lavand, melanj detòks…
21 Jou Bwè Te Chak Jou
Pifò plant sa yo pa rekòmande pou fanm ansent, fanm k ap bay tete, ak timoun ki poko gen 5 an. Moun k ap pran medikaman dwe tcheke kontreyendikasyon yo. Moun ki fenk fè operasyon dwe fè atansyon. Konsilte yon pwofesyonèl sante oswa yon doktè anvan.
Remèd tradisyonèl
Lis remèd ki pibliye nan paj kanpay la. Li yo ak prekosyon epi konsilte yon pwofesyonèl sante.
Vant fè mal, kolik
Kamomiy (Matricaria recutita), bouyi 10 minit, ak siwo myèl oswa sik wouj òganik.
Konstipasyon
Lwil maskreti (sa famasi a): 2–3 gwo kiyè pou granmoun; ½–2 ti kiyè pou timoun. Manje fwi, legim epi bwè dlo.
Endijesyon, vomisman, gonfleman
Mant (Mentha nemorosa) oswa vilnerè (Salvia occidentalis), ak 2–3 grenn sèl. Pa rekòmande si w gen pwoblèm pipi.
Gaz
Melanj mant, womaren ak lay, ak sèl.
Kè plen, vomisman, gaz
Jenjanm fre (anviwon 5 g), bouyi 10–12 minit, 2–3 fwa pa jou pandan 3 jou.
Vant fè mal, dyare
Vetivè (Vetiveria zizanioides): 3 branch bouyi 12 minit, 2–3 fwa pa jou pandan 3 jou.
Kolik, dyare
7 fèy gwayav bouyi 12 minit ak yon ti pense sèl ak sik, 4–5 fwa pa jou pandan 3 jou.
Doulè règ
Melis + mant, chak swa.
Doulè règ
Jenjanm, safran, pèsi oswa seleri, 3 tas pa jou.
Asid nan lestomak
Sitwonèl, 1–3 tas pa jou.
Anemi
Ji navè (Brassica rapa): 1 tas 2–3 fwa pa semèn pandan 4–7 semèn.
Anemi
Dlo pwa nwa: 2–3 tas pa jou pandan 4–7 semèn.
Tifoyid
Fèy lalo, lamitye, fèy bannann, fèy zoranj ak fèy medsiyen, bouyi, pandan 15 jou.
Fèblès (dòz 1)
Ji bètrav, melanje ak lèt oswa siwo myèl.
Fèblès (dòz 2)
Grenn kakawo bouyi 12 minit: 1 tas 3 fwa pa jou pandan 7 jou.
Fatig, lestomak chaje
Kafe: 3 tas pa jou pou fatig; 1 gwo kiyè 3 fwa pa jou pou pwatrin chaje.
Grip, rim, tous
Bwadòm (Guazuma ulmifolia): 1 tas 3 fwa pa jou pandan 1 semèn.
Gaz, gonfleman
12 jiwòf tranpe nan dlo pandan nwit lan.
Dan fè mal
Fèy bwadin ak jiwòf, an pat sou dan an.
Règ an reta
Te fèy zaboka, ji bètrav ak ji zoranj. Ale wè yon jinekòlòg.
Dijesyon, gaz, gonfleman
Fèy papay, lanni, jenjanm, tibonm ak gwo ten: 2–3 tas pa jou pandan 7 jou.
21 Novanm – 11 Desanm
Kanpay 21 jou detòks & bwè te chak jou
Woutin maten: dòmi 8–10 èdtan, bwè dlo kou w leve, louvri fenèt yo, benyen ak dlo nòmal oswa fre.
Rotasyon te pa semèn
Semèn 1
Ten, Fèy zoranj, Ekaliptis, Bouyon blan (mullein), Malonmen
Semèn 2
Bazilik, Kamomiy, Melis, Sitwonèl, Mant, Gwayav
Semèn 3
Rasin pisanlit, Spirulina, Chlorella, Rasin bètrav, Fèy lozèy (ti kantite), Planten, Koupye, Pèsi, Òti, Rasin jenipa, Bab mayi
Detòks & binder
Yon fwa oswa de fwa pa ane, ak antiparazit Medikaplant lan oswa altènativ natirèl (anamú / rasin avè, lay, ten, zèb santi).
Si w ap gen pou vwayaje: fè omwen 15 jou, oswa tout 21 jou yo. Yon sèl kò a.
Achiv kanpay yo
Afich ak foto kanpay ane pase yo (anviwon 150 imaj sou sit la) ap parèt la.