Passer au contenu principal

Medikaplant

Klin-tòks | Clean-Tox | Key Detox Herbs

Overhead shot of a cup with a blend of dried herbal tea leaves and flowers.
Medikaplant.org

Kèk Engredyan kle nan fòmil Detòks Medikaplant bay yo

1. Cascara Sagrada
Non syantifik: Rhamnus purshiana
– Ede regle tranzit nan trip yo, ankouraje mouvman natirèl pou fè w poupou pi byen, epi netwaye kolon w. Li bon pou moun ki konn gen konstipasyon oswa vant sere.

2. Dandelion Root (Rasin Pisanlit)
Non syantifik: Taraxacum officinale
– Soutni fonksyon fwa ak ren; ede kò a elimine toksin natirèlman epi ankouraje yon bon dijesyon. Li ede tou ak retansyon dlo (lè kò n kenbe dlo, edèm, ets..) ak balans elektwolitik.

3. Ginger (Jenjanm)
Non syantifik: Zingiber officinale
– Ede dijesyon, diminye balonnman ak gaz, soulaje enflamasyon, epi bay yon chalè natirèl ki ranfòse sikilasyon san.

4. Sarsaparilla (Sasaparèy)
Non syantifik: Smilax officinalis oswa Smilax regelii
– Netwaye san ak po, ede elimine toksin nan sistèm lenfatik la, epi soutni fonksyon òmòn yo. Yo itilize l tradisyonèlman kòm tonik jeneral.

5. Milk Thistle (Chadwon)
Non syantifik: Silybum marianum
– Pwoteje epi rejenere fwa a, li ede selil fwa yo refè apre yo fin ekspoze ak toksin oswa medikaman chimik famasi. Li bon pou moun ki fè detòks oswa konn pran anpil medikaman.

6. Red Clover Blossom
Non syantifik: Trifolium pratense
– Soutni balans òmòn, ede netwaye san, epi li gen pwopriyete detoksifyan ki ede po ak sistèm lenfatik la. Bon pou fanm pandan tranzisyon òmonal (menopoz).

7. Burdock Root
Non syantifik: Arctium lappa
– Netwaye san ak sistèm lenfatik la, ede elimine toksin, epi soutni po nou ak fwa n. Li se youn nan plant detòks ki pi enpòtan nan tradisyon natiropatik.

8. Hibiscus Flower (Sorèl, Bisap, Flè Jamayik)
Non syantifik: Hibiscus sabdariffa
– Chaje ak antiyoksidan, ede bon sikilasyon, ak pwoteje selil kont domaj oksidatif. Li ede tou ak tansyon ak idratasyon kò a.

9. Echinacea
Non syantifik: Echinacea purpurea oswa Echinacea angustifolia
– Ranfòse defans iminitè kò a, ede konbat enfeksyon, espesyalman nan gòj, nen, ak sistèm respiratwa. Bon pou prevansyon pandan sezon grip la.

Nòt MedikaPlant:
Plant sa yo se poto mitan nan anpil dòz detòks nou yo epi yo pami plant ki plis popilè nan domèn natiropati entènasyonal la. Yo fè pati anpil fòmil tradisyonèl toupatou sou latè. Yo travay ansanm pou netwaye san, fwa, ren, ak kolon, pandan yo bay plis enèji ak klète mantal.

________________________________________

#Medikaplant #detoks #RemèdFèy #natiropati #CleanseNaturally #herbalwellness

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗
  • Comment (4)
  • Mwen ta remen konnen kijan mwen ta fè poum ka fè yon konsiltssyon avèk Vye Ewòl. Mwen genyen yon pwoblèm ki ta sanble gin poul wè al “lymphatic drainage”, ak bonjan fonksyonman fwa mwen, ak pwoblèm lestomak, move dojesyon. Men genyen 62 ans, tout examen san preske nòmal. Mwen ap pran medikaman pou tansyon ki genyen yon komposant “diuretic”.
    Mwen panse ou gen solisyon pwoblèm mwen.

    • Bonjou Marylyn, mèsi pou konfyans ou. Ou ka pran randevou pou yon Herbal Wellness Appointment sou medikaplantshop.com. Konsiltasyon an fèt sou Zoom, epi w ap resevwa lyen an pa imèl. Paske w ap pran yon dyurètik pou tansyon, pa kòmanse okenn te detòks oswa plant ki fè w pipi poukont ou anvan konsiltasyon an. Gen plant ki ka fè efè medikaman an vin twò fò. Pote lis medikaman w yo ak dènye egzamen san w yo nan konsiltasyon an.

      Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.

Kite yon kòmantè