Premye etap nan tout gerizon se detoksifye kò w. Si kò a pa netwaye anvan, okenn tretman pa rive pote tout efikasite li.
1. Detoksikasyon kò a
- Fè lavman oswa pran medsin detòks: ede retire rezidi ki kole nan trip yo. Gen kèk opsyon sou Medikaplant.org.
- Pwodui kont vè ak parazit: sèvi ak plant tankou jiwòf (Clove), lay (Garlic), simen-kontra (Wormseed), asowosi (Cerasee), Lila/Nim (Neem), absent (Wormwood). Nan medsin oksidantal, yo sèvi ak Wormwood (Artemisia absinthium) ak Black Walnut Husk tou.
- Ajoute dòz pou netwaye san, paske san ki pi pwòp = kò ki pi balanse.
Ti resèt ji natirèl pou netwaye san ak rafrechi kò a
a. Ji Bètrav (Beetroot) + Kawòt (Carrot) + Jenjanm (Ginger)
– Netwaye fwa, ranfòse san, bay plis vitalite.
b. Ji Sitwon (Lemon) + Konkonm (Cucumber) + Pèsi (Parsley)
– Bon pou ren, chase dlo k ap akimile, balanse elektwolit.
c. Smoothie Zoranj (Orange) + Fwi Wouj (Berries: Strawberry, Cherry, Raspberry)
– Rich an antioksidan, pwoteje selil yo.
d. Ji Pòm Vèt (Green Apple) + Selri (Celery) + Lay (Garlic)
– Retire toksin, sipòte fwa ak ren.
e. Ji Anana (Pineapple) + Mant (Mint) + Sitwon (Lemon)
– Refwadi sistèm nan, ede dijesyon.
f. Ji Papay (Papaya) + Mango (Mango) + Siwo Myèl (Honey)
– Amelyore fonksyon dijestif, netwaye trip yo dousman.
2. Chanje abitid alimantè
- Evite vyann wouj, kochon, manje chimik ak fast food, bwason gazez, fritay, ak lwil rafine.
- Pa manje tyanpan (sèl, sik, farin blan).
- Pran manje senp, fre, natirèl.

3. Fè jèn alimantè
- Pa manje apre solèy kouche.
- Manje nan maten men pa twò bonè.
- Eseye jèn alimantè ak dlo sèlman (fè l ak disiplin).
4. Pran solèy ak beny
- Pran 15–20 minit solèy chak jou.
- Fè beny terapetik Renesans oswa Remanbre sou sit Medikaplant.org.
5. Espirityalite ak byennèt mantal
- Fè jèn priyè: soti maten bonè rive midi, bwè dlo sèlman, dekonekte ak distraksyon.
- Fè charite: ede pòv, vizite moun nan prizon.
- Evite estrès ak perèz; pratike respirasyon pwofon.
6. Rasin ak plant pou yon detòks rapid
- Rasin Ave (Ave Root): tisann pandan 7–14 jou.
- Rasin Lyann Legliz (Licorice Root): 1 tas, 3 fwa pa jou pandan 12–21 jou.
- Fèy Ekaliptis (Eucalyptus Leaf): 2–3 tas pandan 7 jou pou netwaye poumon.
- Dòz dlo bwapen (Pine Bark): pran 2 bout bwa bwapen mete tranpe nan 1 galon dlo tanperati nòmal (pinga chofe dlo a). Bwè dlo sa tankou tizann tout jounen. Fè sa pandan 7–12 jou.

Resèt plant pou pirifye san:
Fèy Gwayav (Guava Leaf) + Diven Jezi/Langisan/Fèy Piman (Justicia secunda), yo rele l tou Langisan, Diven Jezi oswa Fèy Piman + Ti Bonm (Mint family) + Hibiskis oswa Sorrel (Hibiscus sabdariffa).
Bouyi ansanm pandan 15–20 minit. Bwè 1–2 tas pa jou pandan 10–15 jou. Melanj sa ede rafrechi san, soutni sikilasyon, epi bay plis fòs vital.
7. Lè ou bezwen plis sipò
Si kò a poko reponn byen apre tout etap sa yo, kontakte Medikaplant.org pou w jwenn pwotokòl natirèl ki pi adapte ak bezwen ou.
Suiv Medikaplant, kontakte paj la, epi vizite Medikaplant.org pou jwenn tout pwodui detòks ou bezwen yo. W ap jwenn yo achte sou Medikaplantshop.com, ou ka klike sou non pwodui yo ki anba foto yo oswa sou foto yo tou pou w ale dirèk sou lyen pwodui sa yo.
Medikaplant




Hello,
Mwen salye ou, e mwen bat bravo pou gwo travay sa ke w ap fè.
Mwen gen yon pwoblèm fibwòm depi kèk ane. Mwen pran remèd anyen pa mache.
Kijan ou ka ede m?
Bonjou Josue, mèsi pou mesaj la. Fibwòm se yon pwoblèm ki mande pasyans ak yon plan konplè. Se pa yon sèl te ki pou fè l. Nan MTA, nou travay sou manje (mwens vyann wouj ak manje trete, plis legim ak fib), sou fwa a, ak sou plant ki soutni balans òmòn yo. Fòk ou kontinye fè ekografi pou swiv gwosè fibwòm nan. Pou yon plan ki fèt pou ka pa w, pran yon Herbal Wellness Appointment sou medikaplantshop.com.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Mw espere ke mèt inivè a ap kontinye envesti nan ou Dr Vye Ewol.
Amen! Mèsi anpil Joacene pou bèl benediksyon sa a. 🙏🏾
Good job.
Mèsi Joacene! 🌿
@Cherline, ou pa bezwen boutèy pou sa, nou plen pwodui pou jere tout kalite pwoblèm gastroentestinal sou Medikaplantshop.com tankou Te Dijesyon, Klin-Tòks, Detripe #1 ak #2, Zewo Toksin, kit Hpylori, Full Body Detox, elatriye.
Eske ou fè bouteille pou moun ki gen manjezon anndan pikotman anndan ?
Bonjou Cherline. Pou manjezon anndan, li enpòtan pou n konnen plis sou sa w genyen anvan n konseye yon boutèy. Pran yon konsiltasyon avè n la: https://medikaplantshop.com/consultation/ oswa ekri n sou WhatsApp 954 529 0705.