Passer au contenu principal

Medikaplant

Pwoteje Fanm Ansent ak Ti Bebe Kont Lespri Koulèv

Medikaplant.org

Chaje fanm depi yo ansent koulèv toujou vin koule timoun lan nan vant yo, anpil fwa yo atake yo nan dòmi oswa bèt la jis pase sou vant yo, pafwa yo konn jis fikse fanm ansent lan epi san pete sou li epi konsa la pou la yo pèdi ti tyovi yo malgre doktè yo te di yo gwosès la te anfòm e an sekirite. Yo konn tou devlope yon emoraji nan anpil ka ak tout kalite enfeksyon. Si malè sa ta deja rive w anvan w li mesaj sa, w ap bezwen pran tizann ak lavman ak bon beny tankou yon fanm nouris nòmal pou w rejenere kò a pou w rekòmanse ankò. Fwa sa w ap byen ame w. Sispann nouri fòs fènwa ak tout kalite vye denmon. Lavi sakre, se devwa Limyè a pou pwoteje ak pwolonje lavi. Dòz ak Fòmil sa yo mache pou tout kalite move lespri pa sèlman lespri koulèv.

Medikaplant tande plent ak soufrans nou, men zouti pou n defann tèt ou epi pwotejè gwosès nou.

ENGREDYAN:

2 Zoranj Si (1 vèt 1 Mi)

PREPARASYON AK APLIKASYON:

W ap boukannen 2 zoranj si: youn mi ak youn vèt, 2 gwo zoranj fre.

1) Zoranj Mi an:

W ap fè yon ti tou nan youn w ap met yon moso savon san lave ladann epi yon pake lyann mòl + anpe sèl fen + anpe sann dife cho + rekouvri li ak ti po a, sa se sa w ap fè pou zoranj mi an.

2) Pou Zoranj Vèt la:

W ap chèche yon ti lwil sent, w ap melanje li avèk yon ti lwil masketi tyèd epi w ap fwote yon pake ametye (yo konn rele l Lamitye tou); w ap mete yon dlo ou te gentan mete chofe nan solèy + yon ti kleren blanch nan dlo a + yon ti moso lalwa.

W ap savonnen vant lan, apre rense l, repete menm mouvman sa pandan 3 fwa an total. Lè w fin fè dènye seche a, apre sa prije ji zoranj si vèt la epi w ap ajoute lwil yo ladan ji a + yon ti bikabonat, pase l nan vant lan chak swa.

Epi deklare sou vant la pandan w ap pase l la. Site non misye (bèt la ou lespri a menm si w konn non l) epi di: « Nan non Granmèt Souf la, mwen rale epe m mwen koupe tèt ou …. (site non towo a oswa di ki bèt li ye). Ou san pouvwa sou zantray mwen e sou tyovi (pitit) mwen an (pitit mwen yo si. se plizyè).


SONJE:

a) Premye zoranj si mi an pou w mete li bò tet ou.

b) Nan beny w ap kale po zoranj vèt la mete nan dlo a wi.

SI W KRETYÈN:

Li Som 91



PWOTEKSYON ESPIRITYÈL PA RANPLASE SWIVI PRENATAL

Medikaplant valorize konesans tradisyonèl nou pandan n ap rekonèt enpòtans medsin modèn.

Pa sispann vitamin prenatal, medikaman oswa swivi doktè/fanmsaj ou pou fè dòz sa a.

Si pandan gwosès ou genyen:

  • senyen oswa emoraji;
  • gwo doulè nan vant oswa basen;
  • lafyèv;
  • tèt vire oswa feblès grav;
  • dlo k ap koule;
  • kontraksyon anvan lè;
  • oswa mouvman tibebe a diminye lè ou deja nan etap kote ou konn santi l,

chèche swen medikal rapidman.

Yon moun kapab respekte tradisyon li pandan li itilize swen prenatal ki baze sou syans. Youn pa oblije elimine lòt la.

HOÏS MEDIKAPLANT

Tradisyon • Plant • Syans • Byennèt Olistik

Sante se richès. Se konnen ki fè!

_________________\\\\\__________\\\\\\\____

#Medikaplant | #Gwosès | #Koulèv | #Antidòt

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè