Passer au contenu principal

Medikaplant

Ki sa Dekoksyon ye?

Medikaplant.org

Ki sa yon Dekoksyon ye?

Dekoksyon se youn nan pi ansyen fason moun prepare remèd plant nan tradisyon natirèl la. Se yon metòd kote ou bouyi plant yo nan dlo pou tire tout sibstans aktif ki ladan yo, sitou lè plant lan gen pati ki di oswa fib, tankou rasin, kòs bwa, grenn, tij di, oswa branch sèk.

Lè w fè dekoksyon, w ap sèvi ak chalè pou kraze fib natirèl plant yo, pou konpoze medsinèl yo sòti pi byen nan dlo a. Sa fè l diferan ak “perfizyon” oswa “enfizyon” (te w vide dlo cho sou fèy epi kite l repoze).

Poukisa ak ki lè pou w fè yon dekoksyon?

Dekoksyon pi itil lè ou ap travay ak:

  • Rasin (jenjanm, pisanlit, sarsaparilla, bwa fè, elatriye)
  • Kòs bwa (kòs mango, kòs kowosòl, kòs kanèl)
  • Tij di (tij ten, tij origan/oregano)
  • Grenn (grenn fenouy, grenn jenipè)
  • Branch sèk oswa plant ki gen estrikti (bwa) di
    (tankou bwa pen, bwa ti gason, oswa plant ki gen “bwa” nan non yo)

Dekoksyon bay yon randman (bouyon te, likid) pi konsantre, ki gen plis fòs terapetik, epi li pèmèt ou jwenn eleman oswa prensip aktif ki anndan zantray plant yo men ki pa ta sòti fasil ak (enfizyon) dlo cho sèlman.

A classic kettle sits on a campfire surrounded by stones, emitting smoke against a scenic backdrop in Hakkâri, Türkiye.

ENGREDYAN

  • Pati plant ou vle itilize : rasin, kòs bwa, tij, oswa grenn.
  • Dlo pwòp (filtre oswa dlo sous si posib).
  • Yon chodyè an vè, an fè emaye, oswa an asye otantik.
    (Evite aliminyòm oswa plastik.)


PREPARASYON ETAP PA ETAP

  1. Mezire plant lan : anviwon 25–30 g plant sèch (oswa yon ti ponyen) pou chak lit dlo.
  2. Mete plant lan nan dlo frèt anvan ou mete l sou dife.
  3. Pote l bouyi, apre sa bese chalè a pou l tounen yon bouyi dous.
  4. Kouvri chodyè a yon ti kras pou vapè a pa sove twòp.
  5. Bouyi pandan 10 – 30 minit, selon kalite plant lan :
    • 10 minit pou tij ak grenn.
    • 20-30 minit pou rasin ak kòs bwa.
  6. Retire sou dife, kite l repoze 5-10 minit.
  7. Filtre ak yon twal oswa ti tamis.
  8. Sèvi cho oswa tyèd dapre bezwen an.


POZOLOJI & ENSTRIKSYON ENPÒTAN

  • Granmoun : ½ vè (120 – 150 ml) 2 – 3 fwa pa jou, oswa selon dòz tradisyonèl plant lan.
  • Timoun : mwatye dòz granmoun, oswa sou konsèy zèbalis.
  • Dekoksyon ka kenbe 1 – 2 jou nan frijidè, men li pi bon lè li fre.
  • Si plant yo trè di, ou ka fè dezyèm bouyi ak menm plant yo pou tire tout sa ki rete.
  • Pa janm bouyi plant ki gen lwil esansyèl delika (tankou flè kamomiy, fèy mant) — sa yo pi bon pou perfizyon, pa pou dekoksyon.
African American man in a suit enjoys coffee indoors, showcasing fashion and lifestyle.


EGZANP PRATIK

1. Dekoksyon Rasin Jenjanm

Pou dijesyon, frèt, oswa fatig.

  • 30g jenjanm + 1 lit dlo
  • Bouyi 15-20 minit, kite l repoze, filtre.
  • Bwè ½ vè apre manje.

2. Dekoksyon Kòs Mango & Fèy Pye Mant

Pou kalme gòj oswa tous.

  • 25 g kòs mango + kèk fèy mant
  • Bouyi 20 minit, filtre.
  • Bwè 2 – 3 fwa pa jou.

3. Dekoksyon Pou Beny Fèy (Ekstèn)

Pou netwaye, relakse, oswa soulaje doulè misk.

  • 100 g melanj : rasin pisanlit, kòs kannel, tij tim, fèy bazilik.
  • Bouyi nan 4-5 lit dlo pandan 30 minit.
  • Vide l nan dlo beny tyèd epi tranpe 15-20 minit.


KONSÈY AK TI SEKRÈ

  • Ou ka ajoute yon ti sitwonèl oswa bazilik pou bon sant ak plis benefis.
  • Dekoksyon bon pou beny plant, lavman, oswa fè gòj.
  • Si ou vle pi fò, fè doub dekoksyon : premye bouyi, filtre, epi bouyi ankò ak dlo frèch.
  • Kenbe etikèt sou boutèy ou (non plant, dat, objektif).


AVÈTISMAN

FDA pa t evalye deklarasyon sa yo. Pwodui sa a pa fèt pou dyagnostike, trete, geri, oswa anpeche okenn maladi.

NAN TRADISYON MEDIKAPLANT

Dekoksyon se pa sèlman yon fason pou prepare te — se yon rit syantifik ak espirityèl kote moun mache men nan men ak lanati. Se youn nan fason ansyen yo te toujou konn fè nan melanj plant ansanm ak dlo pou geri kò ak lespri sila ki malad yo.


Medikaplant

#Medikaplant #BenyFèy #RasinFò #RemèdNatirèl


!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè