ENFIZYON = Se lè w bouyi oswa prèske bouyi dlo a epi w vide l sou plant la ou toufe l.
a) Vide anpe dlo bouyi sou 30 g plant frèch (25g si l sèch)
b) Toufe l ak yon kouvèti epi kite l poze
c) Lese te a tyèd epi pase nan paswa oubyen yon grèp pou wete ma yo.
Gen enfizyon solèy:
Lè sa w mete plant nan dlo frèch epi w kouvri resipyan ki gen dlo ak plant lan, ou mete l nan solèy oswa yon espas soèy la bat sou li.
Gen enfizyon lalin: Ou fè menm bagay la men w lese deyò ekspoze anba lalin lan. Gen dòz espesyal pou sa.
________________///___________///___________



Ki list plant ke se infusion selman ou ka fè avè yo?
Ki list plant ke se dekoksion selman ou ka fè avèc yo?
Et ki list plant ke ou ka fè dekoksion and infusion et nan mi circonstance?
Thank you. Great site!!
Eskize n pou reta a. Bon kesyon JR! Enfizyon pou pati fragil yo (fèy, flè). Dekoksyon pou pati di yo (rasin, po, grenn, bwa). Gade «Glosè Mo Teknik» la tou.