Mèdsiyen Beni (Jatropha curcas L.)
Fanmi: Euphorbiaceae
Lòt Non: Médicinier bénit (fr.), Physic Nut (angl.), Pignon d’Inde (fr. Antiy), Tua-tua (Jamayik, Trinidad), Piñón botija (Kiba, Pòtoriko), Purging Nut (angl. ansyen), « Mèdsiyen » (Ayiti, diferan varyant).
Atansyon: Pa konfonn Mèdsiyen Beni (Jatropha curcas) ak Mèdsiyen Barachen (Jatropha gossypiifolia) yo konn rele Ti mèdsiyen, Ti Mapou, Manyòk barachen. Yo sanble paske se menm fanmi, men yo se de plant diferan ak pwopriyete diferan.
Nan tradisyon medsin popilè Ayisyen ak Karayib la, Mèdsiyen Beni se yon plant fò anpil, yo toujou respekte l paske tout pati ladan l ka sèvi nan remèd: fèy, grenn, jape, rasin, menm lwil ki soti nan grenn nan.
Benefis Medsin Mèdsiyen Beni
-
Anti-enflamatwa & kont odèm – bouyi fèy yo oswa sèvi ak lwil nan grenn lan pou ede desann anflamasyon ak anfle.
-
Kont gòj fè mal ak anjin – fèy bouyi sèvi pou gargarize soulaje doulè ak enfeksyon nan gòj.
-
Kont grip ak lafyèv – te fèy ak jape ede chase frison, fè w swe, epi bese chalè kò a.
-
Jansiv anfle & dan fè mal – fèy fonn oswa bouyi sèvi kòm rens pou soulaje doulè nan bouch.
-
Gratèl & pwoblèm po – fèy fwote sou gratèl oubyen fè beny fèy pou netwaye po.
-
Anti-malarya – bouyi jape ak fèy pou ede bese lafyèv malarya.
-
Dyare (plop-plop) – ti dòz te fèy sèch ede sèk vant.
-
Vant fè mal – te fèy ede soulaje kolik ak doulè nan vant.
-
Emoroid – lwil oswa dekoksyon fèy ede soulaje anfle ak doulè.
-
Kontraseptif (tradi.) – yo konn itilize grenn nan nan kèk pratik tradisyonèl.
-
Laksatif fò – grenn nan sèvi kòm purgatif, men fòk yo sèvi avèk anpil prekosyon paske l ka trè fò.
-
Anti-pwazon – rasin nan sèvi kòm endiktè pou vomi nan ka entoksikasyon (yon metòd tradisyonèl).
PATI NAN PLANT LAN OU KA ITILIZE
-
Fèy – itilize frèch (vèt) oswa sèch
-
Kòs (kòs bwa a)
-
Rasin
-
Grenn (trè puisan, dwe sèvi avèk prekosyon)
-
Lwil ki soti nan grenn yo
PREPARASYON-
Te fèy/kòs: Bouyi 6–8 fèy oswa 1 moso kòs bwa a nan 2 gode dlo, kite l bouyi 10–15 minit, bwè 1/2 gode 2 fwa pa jou.
-
Gargari nan gòj: Bouyi fèy yo, kite l vin ti cho, gargari l 2–3 fwa pa jou kont anjin oswa gòj fè mal.
-
Pou po (gratèl, gratè): Kraze oswa pile kèk fèy frèch oswa vèt, fwote yo sou zòn ki afekte a oswa fè beny ak dlo bouyi fèy yo.
-
Pou emowoyid: Itilize dlo bouyi fèy pou chita beny 10–15 minit.
-
Pou dyare/vant fè mal: Fè Te avèk fèy sèch pou fè yon dòz lejè (pa plis pase 1 tas pa jou).
-
Pou anti-pwazon (tradisyonèl): Yo konn itilize rasin yo kòm vomitif, men sa mande pou w konn sa w ap fè a byen.
POZOLOJI & ENSTRIKSYON ENPÒTAN-
Te fèy: 1/2 gode, 1–2 fwa pa jou, pandan kèk jou sèlman.
-
Lwil nan grenn: Dòz tradisyonèlman sèvi kòm laxatif, men sèlman anba konsèy moun ki gen eksperyans paske li ka twòp fò.
-
Kontrasepsyon: Gen itilizasyon tradisyonèl ak grenn yo, men pa rekòmande san gidans.
Avètisman: Pa depase dozaj, paske plant la pisan anpil. Fanm ansent, timoun piti, ak moun ki malad grav dwe evite.
-
Kèk Itilizasyon Lòt Bò nan Karayib ak Lafrik
-
Jamayik & Trinidad: yo rele l Tua-tua, itilize lwil la kòm lwil masaj pou doulè jwenti.
-
Kiba & Pòtoriko: yo rele l Piñón, itilize grenn yo nan remèd popilè kont konstipasyon.
-
Afrik Lwès: lwil grenn lan sèvi kòm lwil tradisyonèl pou tretman po ak pwoteksyon kont moustik.
Enpòtan anpil
Mèdsiyen beni se yon plant trè pisan. Tout pati li yo ka medsin, men yo ka vin toksik si ou sèvi mal oswa depase dozaj tradisyonèl yo. Pa sèvi san konsèy moun ki gen eksperyans nan domèn medsin plant.
Sonje: Medikaplant toujou ap pote konesans sou plant, men se pa yon remèd medikal ofisyèl.
Pou plis resèt, gid plant, ak detay sou kijan pou itilize yo san danje, suiv nou sou #Medikaplant.
Medikaplant
FDA pa t evalye deklarasyon sa yo. Pwodui sa a pa fèt pou dyagnostike, trete, geri, oswa anpeche okenn maladi.


Medsiyen Beni



Kesyon pam mwen, eske vrèman li egziste des astuces ki pou fè grosi ou alonje peni yon nèg
Bonjou Josue, mèsi paske w poze kesyon an san kache. Pa gen okenn plant, krèm oswa ti trik ki pwouve li ka fè peni a vin pi gwo oswa pi long pou toutbon. Sa plant yo ka fè se ede sikilasyon san, fòs ak andirans. Se sa ki bay bon rezilta nan relasyon. Fè atansyon ak pwodui ki pwomèt mirak. Si w gen yon enkyetid, pale ak yon doktè oswa pran yon konsiltasyon avèk nou.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Travay sa pa gen pri ton Vye, peyi a bezwen dis moun tankouw pou bagay yo chanje
Chapo ba pou ou. Anpil lanmou ak limyè.