
Beny terapetik fèy yo fè pati Medsin tradisyonèl la, se pa byen prive moun mistik, se yon metòd tretman altènatif ki bay bon rezilta menm jan ak tout lòt. Nou tout ka fè e dwe fè beny ak plant yo tou.Si w soufri adwòz, anpils remèd w ap pran yo ou dwe fè beny tou si w vle jwenn solisyon pi rapid. Men yon beny ou ka fèy.
Engredyan:
7 Fèy papay (carica papaya) + 7 fèy lougawou (kalanchoe pinnata) + 3 branch womaren + 3 grenn miskad (kraze yo) + 3 branch pèsi + 3 tèt sitwon (pa bezwen mouda yo) + 1 ponyè fèy Diven Jezi oswa fèy Dayiti (Justicia secunda) + 3 dan lay
Preparasyon:
Melanje tout engredyan yo nan yon kivèt dlo, fwote fèy yo, ajoute de twa gout alkòl fò oswa kleren. Lese l chita pou 15-21 minit. Itilize yon ti moso savon lave ki poko sèvi (san lave) pou pran beny lan. Ou ka fè 1-3 fwa pa semèn pandan 3 mwa sote semèn si w vle.
Te ou ka bwè pou akonpanye beny lan:Nou ka fè te dekoksyon ak 3-5 fèy lougawou + 7 fèy chapantye (justicia pectoralis) pou n bwè. 2-3 tas x jou pandan 21 jou. Si n pa jwenn chapantye ranplase l pa Diven Jezi. Medikaplant ap fè pòs sou dòz pou n pran pou konbat atwoz.
DIPLIS:Ou ka pile engredyan beny yo ansanm e mete sou pati li gen doulè a pandan yon jounen apre w fin pran beny lan.



SVP kijan m ka kontakte w pou m achte pake te pou atrit? M gen polyarthrite rhumatoide. Map viv Kanada. Mèsi davans pour repons ou.
https://medikaplantshop.com/product/atrit-doule-1/
Bonjour vye m ta renmen gen yon boutèy fanm djanm paske m pa ka jwen engredyan yo en France
Eskize n pou reta a. Thézine, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705 pou livrezon an Frans.
Bravo medikaplant mèsi pou forme pep lan
Yon kesyon souple eske yon moun ki Fe AVC ka fè Bény atwoz lan Ak Boutet ralman pou Mann fèb lan Mesi paske mkonnen map jwenn repons
Eskize n pou reta a. Lynda, apre yon AVC, pale ak doktè w anvan ou fè beny cho oswa bwè boutèy.
Hello 👋 mesi Ou te pran ti tan pou reponn
Eske fey Sa yo Ou mantione ki BON pou Artritis Ou genyen yo pou vann ?
Si posible Ou t ka banm un ti kras plis explikasyon kisa kap BON exactly pou douleurs a.
Mesi BON weekends
Nou pa mete fèy yo an vant men si w vle nou achte pou ou nou ka fè sa. Nou konn prépare pake te pou atwoz/atrit tou.
Mw pa gen kezyon nn menm apresye travay la ak sit wèb la c tap glòt
Mèsi anpil Wilson!