Sekrè Fèy Pou Ede Fanm Jere Depatman Anba yo
Yon trezò tradisyonèl nan medsin plant ki soti nan rasin konesans Medsin Tradisyonèl Ayisyen an, dòz sa efikas pou netwaye, balanse, epi pwoteje sante entim fanm. Fòmil sa a fèt ak yon konbinezon fèy ki gen pwopriyete anti-enflamatwa, anti-bakteri, ak tonik pou sistèm repwodiktif la.
Engredyan ak Pwopriyete yo:
-
Fèy Maskreti Vyolèt (Ricinus communis – « Castor tree leaves »)
-
Fèy sa a gen lwil esansyèl ki rich nan eugenol, yon konpoze ki gen pwopriyete antiseptik ak anti-enflamatwa. Li ede diminye move odè, konbat bakteri, epi ankouraje bon sirkilasyon nan zòn basen an.
-
-
Tibonm (Croton flavens)
-
Yon fèy ki gen sant sitronn, li aji kòm kalman natirèl ak relaksan nan misk, ede soulaje doulè règ ak anfle, epi balanse sistèm nève a.
-
-
Fèy Pwa Kongo Mapou (Cajanus cajan, pigeon peas leaves – ti jèn fèy ki nan branch ki pa donnen pwa oswa ki kole sou pye a)
-
Pati sa yo gen flavonoid ak pwoteyin ki ede ranfòse iminite lokal, ankouraje renouvèlman tisi, epi sipòte gerizon mikwotravay ki ka fèt pandan règ oswa apre enfeksyon.
-
-
Fèy Gwayav (Psidium guajava)
-
Yon remèd popilè pou dyare ak enfeksyon, fèy gwayav gen tanen ki aji kòm astrenjan, sa vle di li sere tisi yo, diminye enflamasyon, epi netwaye mikwòb.
-
-
Fèy Twonpèt (Cecropia peltata Vell. | sinonim. Cecropia schreberiana)
-
Fèy sa a gen alkaloid ki ka soulaje doulè lokal, relache spasm nan misk lis, epi bay yon efè netwayaj pwofon. Li itilize avèk prekosyon, sèlman nan tretman ekstèn.
-
Enstriksyon, Preparasyon ak Itilizasyon
-
Fè 7 pake ak tout engredyan yo (yon melanj nan chak pake).
-
Lè w ao bouyi te sa chak jou, ou ka toujou ajoute yon ti grenn sitwon inosan (sitwon vèt wòwòt ki poko rèk) nan pakè te a.
-
Mete pake te a nan yon chodyè epi vide dlo pou kouvri tèt fèy yo; bouyi 7 minit rive 10 minit. Pa bouyi twòp depase.
-
Bwè te sa kòm tizann prensipal pandan tout lajounen, se te sa w ap bwè kòm dlo; w ap fè sa chak jou pandan 7 jou tretman an. Ou ka mete yon ti priz sèl nan sa ou bwè sèlman, pou amelyore gou a.
-
Pou twalèt de ba: pran dlo bouyi a (san sèl) epi lave pati entim ou (sobèbè) nan chak fwa w ap fè twalèt deba w.
-
Pa mete sèl, ni pinga koupe sitwon inosan an, lese l bouyi tou ankè konsa, pa ajoute yo ni okenn lòt bagay nan dlo pou twalèt la pou pa detwi flora vajinal ni deregle pH natirèl li.
-
Plan Tretman
-
Fè tretman an pandan 7 jou san entèripsyon.
-
Pandan peryòd sa a, pa taye (fè sèks) ni fè okenn mstibasyon nan zòn entim oswa bouboun ou.
-
Ou ka repete tretman an apre 1 mwa:
-
3 jou anvan règ + 4 jou apre règ
-
Yon twazyèm seri nan mwa apre a ap netwaye tout depatman anba a nèt, epi li ede evite enfeksyon repete.
-
Lòt Konsèy Natiropatik
-
Pandan règ la: bwè te melis ak yon ti sèl chak swa depi lavèy règ la rive, menm pandan règ la.
-
Lè règ la fin pase: bwè te tibonm ak sèl pou 7 jou swit.
-
Si w jwenn rasin ave menm (Smilax spp.), kraze li yon ti jan, bouyi 10 minit, epi bwè 2–3 tas pa jou pandan oswa apre règ.
-
Evite: Maggi, manje anbwate, lèt modifye, ak vyann kochon, paske yo ka ogmante chaj toksik nan kò a epi deregle flora natirèl ou.
Benefis Tretman sa a
-
Netwaye zòn entim nan anndan ak deyò.
-
Preveni ak trete move odè, enfeksyon bakteri oswa chanpiyon.
-
Sipòte balans pH vajinal.
-
Ede soulaje doulè ak enflamasyon nan basen an.
-
Bay yon sansasyon frechè, pwòpte, ak vitalite.
Medikaplant.org pote konesans tradisyonèl sa yo kòm eritaj pou tout fanm. Si nou jere kò nou depi premye règ, n ap grandi ak sante solid nan depatman anba. Sa se pa sèlman prevansyon, men yon zak lanmou pou tèt nou ak jenerasyon k ap vini yo.
Pou plis detay, resèt, ak tretman natirèl: Abòne, Like, ak Pataje paj Facebook Medikaplant – Ansanm n ap sove lasante fanm!



Map di mèsii ak Medikaplant
Mwen pral eseye tretman an pou m ka wè rezilta a🫂💯
Mèsi Naica! Eseye l, epi tounen di n kijan sa mache.
Mw vle remèsyew pou konesans san parèy wap pote pou nou
Mèsi anpil Cassandre!
Lè n di yon ti grenn sitwon inosan, sa vle di, yon ti sitwon wòwòt ki poko fin rèk. Men atansyon, pinga nou koupe sitwon an, se tou ankè a pou n mete l bouyi nan te a ansanm ak lòt fèy yo. Chak jou n ap bouyi yon nouvo pake fèy ak yon nouvo grenn sitwon inosan. Fè tout jounen an ap bwè te sa tankou se li ki te dlo nou. Nou ka toujou mete yon grenn sèl nan tas te n ap bwè yo pandan jounen an. Si w ale travay ou ka mete l nan yon po ki kenbe l cho pou ou pandan jounen an, oswa ou ka chofe l tou cha w ap bwè te sa.
Si w vle ou ka tou mare 7 pake fèy yo ak tout grenn sitwon inosan an nan chak mete la, chak jou ou bouyi youn swivan enstriksyon an. Fanm ansent pa dwe bwè te sa. Te sa ede netwaye matris la plis ofri lòt benefis, medam ki fè l yo ka temwanye mesye yo satisfè. Li fè sobèbè a pi fèm tou, pi djanm, pi sere jan yo di sa nan langaj pwofàn nan. Asire w tout fèy yo se bon fèy, pa pran moumou nan men machann fèy. Pinga fè bagay tou pandan 7 jou w ap fè tretman sa.
Gason ka fè dòz sa tou wi, y ap tranpe devan yo nan dlo a tou menm jan fi fè twalèt deba a yo a. Y ap lave ti pati yo ak dlo a plizyè fwa, epi si yo ka mete l nan yon veso pou kenbe l epi tranpe devan yo pou 5-7 minit l ap ede konbat enfeksyon tou ak lòt pwoblèm yo gen nan aparèy repwodiktif yo.
Kisam ka fè pou vant mw ki gwo stp tt remed m acht vant lan pa janm kase
Bonjou Anne-Flore. Vant gwo ka gen plizyè koz: gaz, dijesyon, matris, oswa grès. Pou n konseye w byen, pran yon konsiltasyon avè n: https://medikaplantshop.com/consultation/
Medikaplant ap travay chak jou pou pote plis dòz natirèl pou nou, epi pataje pwotokòl ki ka ede nou jere sante n ak byennèt. Mèsi paske nou deside kite yon kòmantè ak pataje temwanyaj nou. Pa bliye zafè sante pa gen jou konje ladan l. Kontinye swen tèt nou, san kanpe!
Olá mw te nan kay la
Mèsi Presna!
Mèsi anpil
Avèk plezi Mikerlange!
Èske fanm ansent ak fanm k ap bay tete ka pran tizann sa svp?
Bonjou Guetine. Non, pa pandan gwosès. Pou fanm k ap bay tete, mande doktè w anvan.
Mèsi anpil mwen pral aplikel , mwen te toujou wè post beny fanm djanm men mwn pat konnen kisal ye egzateman maten an mwn monte sou sit la mwn jwenn tout detay mèsi anpil mwn pral kòmanse avèl apati de demen😘😘
Mèsi Andrise! Bon tretman, tounen di n kijan sa mache.
Merci Ton Vye, limyè pou ou
Mèsi Canélise, limyè pou ou tou!
Sitwon inosan se ti sitwon ki piti anpil. Jenn ti sitwon wowot ki pa finn matrite.
Mèsi Daphnee pou presizyon an!
Fanm djanm nan bon anpil.,remèd fèy se lavi…Ou pa imajine konbyn moun ou ede ak resèt ou yo .Mèsi pou sa ou ye pou nou.
Mèsi anpil Erlande, mesaj sa a ban m fòs!
Se konnen ki fè.
Siw bezwen konnen osinon wap chache konnen MedikaPlant se lekol referans lan.
Hoïs.
Se Konnen ki Fè! Mèsi Kesnol.
Bonsoir kòman yon ti grenn sitwon inosan an svp?
Eskize n pou reta a. Medjie, sitwon inosan se ti sitwon ki fèk fòme, ki poko gwo.