Passer au contenu principal

Medikaplant

FANM DJANM: Sekrè Pou Pran Swen Bout Anba n

Medikaplant.org

Sekrè Fèy Pou Ede Fanm Jere Depatman Anba yo

Yon trezò tradisyonèl nan medsin plant ki soti nan rasin konesans Medsin Tradisyonèl Ayisyen an, dòz sa efikas pou netwaye, balanse, epi pwoteje sante entim fanm. Fòmil sa a fèt ak yon konbinezon fèy ki gen pwopriyete anti-enflamatwa, anti-bakteri, ak tonik pou sistèm repwodiktif la.



Engredyan ak Pwopriyete yo:

  1. Fèy Maskreti Vyolèt (Ricinus communis – « Castor tree leaves »)

    • Fèy sa a gen lwil esansyèl ki rich nan eugenol, yon konpoze ki gen pwopriyete antiseptik ak anti-enflamatwa. Li ede diminye move odè, konbat bakteri, epi ankouraje bon sirkilasyon nan zòn basen an.

  2. Tibonm (Croton flavens)

    • Yon fèy ki gen sant sitronn, li aji kòm kalman natirèl ak relaksan nan misk, ede soulaje doulè règ ak anfle, epi balanse sistèm nève a.

  3. Fèy Pwa Kongo Mapou (Cajanus cajan, pigeon peas leaves – ti jèn fèy ki nan branch ki pa donnen pwa oswa ki kole sou pye a)

    • Pati sa yo gen flavonoid ak pwoteyin ki ede ranfòse iminite lokal, ankouraje renouvèlman tisi, epi sipòte gerizon mikwotravay ki ka fèt pandan règ oswa apre enfeksyon.

  4. Fèy Gwayav (Psidium guajava)

    • Yon remèd popilè pou dyare ak enfeksyon, fèy gwayav gen tanen ki aji kòm astrenjan, sa vle di li sere tisi yo, diminye enflamasyon, epi netwaye mikwòb.

  5. Fèy Twonpèt (Cecropia peltata Vell. | sinonim. Cecropia schreberiana)

    • Fèy sa a gen alkaloid ki ka soulaje doulè lokal, relache spasm nan misk lis, epi bay yon efè netwayaj pwofon. Li itilize avèk prekosyon, sèlman nan tretman ekstèn.



Enstriksyon, Preparasyon ak Itilizasyon

  1. Fè 7 pake ak tout engredyan yo (yon melanj nan chak pake).

  2. Lè w ao bouyi te sa chak jou, ou ka toujou ajoute yon ti grenn sitwon inosan (sitwon vèt wòwòt ki poko rèk) nan pakè te a.

  3. Mete pake te a nan yon chodyè epi vide dlo pou kouvri tèt fèy yo; bouyi 7 minit rive 10 minit. Pa bouyi twòp depase.

  4. Bwè te sa kòm tizann prensipal pandan tout lajounen, se te sa w ap bwè kòm dlo; w ap fè sa chak jou pandan 7 jou tretman an. Ou ka mete yon ti priz sèl nan sa ou bwè sèlman, pou amelyore gou a.

  5. Pou twalèt de ba: pran dlo bouyi a (san sèl) epi lave pati entim ou (sobèbè) nan chak fwa w ap fè twalèt deba w.

    • Pa mete sèl, ni pinga koupe sitwon inosan an, lese l bouyi tou ankè konsa, pa ajoute yo ni okenn lòt bagay nan dlo pou twalèt la pou pa detwi flora vajinal ni deregle pH natirèl li.



Plan Tretman

  • Fè tretman an pandan 7 jou san entèripsyon.

  • Pandan peryòd sa a, pa taye (fè sèks) ni fè okenn mstibasyon nan zòn entim oswa bouboun ou.

  • Ou ka repete tretman an apre 1 mwa:

    • 3 jou anvan règ + 4 jou apre règ

    • Yon twazyèm seri nan mwa apre a ap netwaye tout depatman anba a nèt, epi li ede evite enfeksyon repete.



Lòt Konsèy Natiropatik

  • Pandan règ la: bwè te melis ak yon ti sèl chak swa depi lavèy règ la rive, menm pandan règ la.

  • Lè règ la fin pase: bwè te tibonm ak sèl pou 7 jou swit.

  • Si w jwenn rasin ave menm (Smilax spp.), kraze li yon ti jan, bouyi 10 minit, epi bwè 2–3 tas pa jou pandan oswa apre règ.

  • Evite: Maggi, manje anbwate, lèt modifye, ak vyann kochon, paske yo ka ogmante chaj toksik nan kò a epi deregle flora natirèl ou.



Benefis Tretman sa a

  • Netwaye zòn entim nan anndan ak deyò.

  • Preveni ak trete move odè, enfeksyon bakteri oswa chanpiyon.

  • Sipòte balans pH vajinal.

  • Ede soulaje doulè ak enflamasyon nan basen an.

  • Bay yon sansasyon frechè, pwòpte, ak vitalite.



Medikaplant.org pote konesans tradisyonèl sa yo kòm eritaj pou tout fanm. Si nou jere kò nou depi premye règ, n ap grandi ak sante solid nan depatman anba. Sa se pa sèlman prevansyon, men yon zak lanmou pou tèt nou ak jenerasyon k ap vini yo.

Pou plis detay, resèt, ak tretman natirèl: Abòne, Like, ak Pataje paj Facebook Medikaplant – Ansanm n ap sove lasante fanm!

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè