Passer au contenu principal

Medikaplant

Goji Berry [bè]: Sipèplant Pou Pwoteje Je n ak Fwa

Top view of dried goji berries on a wooden spoon, emphasizing natural texture and rich color.
Medikaplant.org

Si tout remèd doktè ba w pa ka desann tansyon je w, ti grenn goji a ka ede w. Li chaje lòt benefis ki bon pou kò nou. Men yon moun ki gen pwoblèm je ta sipoze rantre goji kòm yon amizgèl nan rejim alimantè ou. Ou ka menm itilize l nan salad, manje l konsa, li gen yon ti gous dous ak rak tankou Cranberries, ou ka fè vinegrèt ak li tou. Nou renmen manje l tankou yon ti sirèt, li pa bezwen kwit, manje k jan l ye a. Gen moun ki prepare desè ak li.

Ekzèsis Rechèch Nou Dwe Fè:
Devwa pa nou se chache Benefis Goji Berries sou Google epi vin pataje kèk nan sa nou jwenn yo nan kòmantè anba pòs sa. Tradui tout detay an Kreyòl. Nou vle anpil nan nou patisipe. Paske sou Medikaplant nou dwe aprann epi patisipe, se konsa nou tout al vin pi maton.


Goji efikas nan pwoteje ak trete maladi fwa, sitou fwa gra ak lòt maladi fwa tankou siwoz, kansè, hepatit B elatriye. Li pwoteje l kont oksidasyon ak tout kalite domaj. Gen anpil etid ki pwouve efikasite l, se pa san rezon yo itilize l anpil nan Medsin Tradisyonèl Chinwa yo. N ap gen pou pale plis sou plant sa ak lòt benefis li genyen. Men pòs sa se plis pou moun ki pa ka desann tansyon je yo, sa ki riske devlope konplikasyon e menm rive pèdi sans sa.

Atansyon genyen mak ki mete pwodui chimik anndan sachè grenn bè Goji yo pou ka fè yo dire pi lontan, evite sa yo. Nou ka achte nan men lòt machann men konpayi sa ki nan foto a voye bon kalite goji, yo rapid, epi yo byen konsève. N ap jwenn nan boutik plant oswa sou nèt la sitou nan Amazon. Si w bezwen èd nou pou sa fè n konnen.

MedikaPlant
Platfòm Medsin Tradisyonèl Ayisyen

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè