Men 5 Avantaj Seròm Lalwa Genyen
1- Li adrete po w an pwofondè
2- Li plen Propriyete anti-enflamatwa, li ede konbat enflamasyon
3- Li Estimile oswa Fasilite pwodiksyon kolajèn
4- Se yon sikatrizan, li ede maleng, blese po geri pi byen pi vit
5- Li kalme oswa apeze iritasyon po (iritasyon kitane)
An nou gade an detay chak benefis sa yo youn apre lòt pou byen konprann richès fitochimik natirèl sa yo nou jwenn nan yon plant malgre l popilè, anpil moun meprize l oswa inyore byenfè l.



