Passer au contenu principal

Medikaplant

Resèt Pou Fè Seròm Lalwa (Aloe vera)

Medikaplant.org

Resèt Pou Fè Seròm Lalwa a pa Konplike | Eseye fè l byen | Ou ka komèsyalize l | Vin Aprann:

ENGREDYAN
– 250 ml jèl lalwa (kale lalwa pou jwenn jèl la pinga achte jèl ki deja tou prepare yo)
– 125 ml dlo potab oswa dlo sous
– 1 kiyè (tablespoon) gliserin (glycerin / glycérine) (li opsyonèl, ou pa oblije mete l)
– 1 ti kiyè (teaspoon) vitamin E (opsyonèl/fakiltatif, si w genyen l se yon bon ajou)
– 1 ti kiyè lwil jojoba oswa itilize lòt lwil sipò, an anglè nou di « carrier oil »(Sa opsyonèl, se si w ka jwenn achte, nou genyen l)

aloe, aloe vera, life, health, nature, plant, aloe vera, aloe vera, aloe vera, aloe vera, aloe vera

PREPARASYON
1. – Retire jèl Lalwa a: Pran pat lalwa frèch yo epi kale l pou w retire jèl la, li gen yon ti likid koulè (sa rele « sapin » an fransè, nou di « sap » an anglè) jòn. Ou dwe lave lalwa dousman pou w retire l, ou pa bezwen l, jis evite l nou pa bezwen l ladan l. Si se yon jèl tou prepare ou te achte nan yon boutik natirèl espesyalize, ou pa t ap gen pou lave jè l la paske yo ta dwe deja fè sa. Nou konseye w ekstrè jèl la frèch pou kont ou pou plis garanti kalite.
2.- Melanje l ak dlo potab oswa distile: Mete jèl la nan bòl dlo a epi byen melanje yo pou yo fè yon sèl pat la.
3. – Nan etap sa, ou ka ajoute lòt engredyan opsyonèl yo (si w genyen yo): w ap jis mete ak brase gliserin nan, lwil vitamin E a ansanm tout jojoba a pou byen melanje yo. Bat yo ansanm pou w ka gen yon melanj omojèn (kote tout bagay fonn youn nan lòt. Menm si se 1-2 nan engredyan opsyonèl sa yo ou jwenn, ou ka ne itilize yo.
4. Melanje ak Filtre: Itilize nenpòt miksè a (manyèk ou eletrik) pou w ka byen brase ak melanje tout engredyan yo ansanm jiskake jèl la vin lis oswa fen fen. W ap itilize yon grèp, oubyen paswa ki gen ti twou piti piti oswa yon twal mèch pou retire tout ti ma, ti kras ak ti bagay ki ladan l. Se kounye a gen seròm lalwa a.
5. Mete nan Boutèy pou Konsèvasyon: Vide seròm sa nan yon boutèy an vè ki tente (koulè) pou pwoteje l kont chalè ak limyè. Mete l nan frijidè pou ka konsève l pou plis tan (ou dwe refè l frèch ankò, aprè 2 semèn).

Kèk Konsèy ak Varyasyon
– Konsèvasyon ak lwil esansyèl: Ajoute de twa gout lwil ki gen pwopriyete antimikwòb nan seròm nan si w vle l dire plis. Pa ekzanp, lwil tankou lavand oubyen lwil Pye Te, yo konn rele l Tea Tree ( an fransè se « théier »).
– Pèsonalize Seròm nan ak Lòt Plant: Ou ka mete plant tankou kamomil, sousi (calendula) oubyen te vèt pou pèsonalize seròm nan ba l pwòp touch ak sant pa w. Ou ka itilize lòt plant ki bon pou po, w ap jwenn kèk sou Medikaplant.

Close-up of hands handling amber glass bottles during an aromatherapy session.


Atansyon: Sa n Dwe Konnen
Itilizasyon gòm zantàn (xanthane) pou Fè Epezman Seròm nan : Nan seròm komèsyal yo, anpil konpayi ajoute yon ti kantite gòm « xanthane » menm jan yo ajoute nan anpil pwodui kosmetik ak manje, yo fè sa pou amelyore tekti seròm nan ak fè l pi pwès (se sa yo rele apèzman an). Gòm sa rann seròm vin pi swa epi l tankou yon krèm kole kole. Pèsonèlman nou dekonseye itilize gòm sa, dayè nou pa itilize pwodui ki genyen l ladan l paske majorite gòm sa yo se sentetik epi yo toksik anpil. Apre yon kantite itilizasyon, li gen efè segondè grav sou sante n. N ap jwenn li nan lèt kokoye nan mamit, moun yo sitou ayisyen pede itilize nan manje. Nou pale sou gòm Zantàn deja, pa ekzanp nan pòs nou te fè sou lèt kokoye nan bwat yo.

Two hands applying skin care oil with a dropper. Ideal for wellness and beauty themes.

Mezi Sekirite ak Prekosyon Pou n Pran
– Teste Pwodui a : Fè yon ti tès nan yon sèl ti pati sou po w pou w verifye si w pa alèji ak youn nan engredyan ki nan seròm ou fabrike a. Ou ka pa t gen okenn reyaksyon alèjik ak engredyan yo endividyèlman pandan preparasyon an tandiske seròm nan deranje w.
– Ekipman yo Dwe Pwòp: Asire w tout ekipman, zouti oswa veso w itilize nan fabrikasyon ak konsèvasyon seròm nan byen pwòp epi sterilize. Sa ap ede w evite kontaminasyon. Toutjou fè kontwòl kalite pwodui w fabrike yo.


Men 5 Avantaj Seròm Lalwa Genyen
1- Li adrete po w an pwofondè
2- Li plen Propriyete anti-enflamatwa, li ede konbat enflamasyon
3- Li Estimile oswa Fasilite pwodiksyon kolajèn
4- Se yon sikatrizan, li ede maleng, blese po geri pi byen pi vit
5- Li kalme oswa apeze iritasyon po (iritasyon kitane)
Pou plis enfòmasyon sou chak benefis sa yo nou jwenn nan seròm lalwa a, ale gad pòs ki gen tit  » 5 Avantaj Seròm Lalwa » a sou sit nou an.

Itilize seròm ou, bay zanmi oswa fanmi w teste l. Si l efikas, panse komèsyalize l. Pataje foto ak videyo avèk MedikaPlant, n ap kontan mete l sou plafòm nou yo pou ede plis moun swiv ou epi ba w nouvo kliyan. Sa pral pèmèt ou jenere yon ti tchotcho k ap itil ou ak fanmi w. Plis lanmou plis limyè.


Medikaplant
www.medikaplant.org


_____________________
Sous: Anpil nan kontni sa yo piblik, ou ka pataje l jan w vle men si se kopye-kole ou fè ak tèks la ou ka toujou tag Medikaplant ak pa efase okenn detay. Nenpòt bon EA ka ede w jwenn yon resèt senp pou fè nenpòt seròm plant. Toujou vizite platfòm nou yo pou aprann fason n ka bay medsin popilè aysiyen an wosman.

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè