
Anetwale (Star anise): non syantifik pyebwa ki bay « anetwale » a se « Illicium verum ». Se yon epis anpil moun konsidere kòm ekzotik, li gen yon fòm etwal, ki rann li fasil pou n idantifye l. Se fwi ki soti nan yon ti pyebwa nou jwenn sitou nan peyi Vyetnam ak Lachin.
Anetwale se yon plant ki gen plizyè benefis medisinal, nou jwenn li nan pratik kilinè lakay nou Ayiti. Nou itilize l nan plizyè resèt kizin tradisyonèl la epi pafwa tou nan konpozisyon lòt remèd ak lè na p monte boutèy kòs.
An nou gade ansanm kèk pami tout benefis sante sa yo anetwale genyen
Iminite oubyen Sistèm defans kò w: li fòtifye sistèm lenfatik la ki ranfòse kapasite defans kò n. Etid montre l gen pwopriyete anti-mikwòb, li ede kò a elimine bakteri ak viris tou; kò n pi byen ekipe pou chase enfeksyon.

Anti-enflamatwa: li gen engredyan ladan l ki elimine enflamasyon, konsa la p ede n konbat anpil maladi kadyovasilè ak atwoz, anpil fwa nou klas kòm « maladi granmoun » men an reyalte se jis enflamasyon ki nan kò granmoun yo, yo akimile atravè plizyè ane ap konsome pwodui chimik ak manje ki ogmante nivo enflamasyon nan kò yo, epi yo evite pran bon epis natirèl ki rich ak nitriman ak mineral ki ka geri ak nouri kò a pandan y ap elimine ak fè prevansyon kont tout kalite maladi nan kò a.
Antiyoksidan: petèt se yon nan pwopriyete plant sa genyen ki pi enpòtan, li chaje antiyosidan. Sa ede pwoteje kò a a kont radikal lib (free radicals) yo ki ka lakoz gwo dega nan kò nou. Pouvwa mdisinal sa ap ede n fè rpevansyon ak konbat kansè sitou ak lòt kalite maladi demeplè tankou maladi kadyo-vaskilè ak pongongon tankou dyabèt, Ayisyen renmen rele « maladi sik » la.

Wopresyon (Asthma): li ede trete wopresyon (azma), yon moun ki asmatik ap jwenn anpil benefis medisinal an konsomasyon anetwale (anise star), si bonch ou fèb oswa gen pwoblèm bwonch, li bon pou tous, rim ak grip anpil.
Swen Respiratwa: ede amelyore tout aparèy respiratwa a an jeneral, oubyen trete pwoblèm respirasyon.
Ensomni: Li relakse w, li ede chase strès ak depresyon; li bon pou somèy, li ede trete ensomni.
Movèz Alèn ou odè nan bouch: Li bon pou movèz alèn, moun ki gen odè nan bouch, kit li lye ak vant oswa kari dantè, li ka ede adrese pwoblèm sante sa yo tou.
Dijesyon: Se yon epis nou dwe entegre nan kizin nou ak famasi natirèl nou sitou si w toujou gen pwoblèm dijesyon (gaz, balonnman/flatilas, mank apeti).
Kèk pwopriyete enpòtan Anetwale genyen: Li antiviral (kont viris), se pa jis yon antiyosidan sèlman jan n te mansyone pi wo a men tou se yon antifonjik (kont chanpinyon), antimikwòb, anti-enflamatwa, se tou yon bon ekspektoran, li chaje byenfè sedatif. Si n ap site byenfè ak kèk pami pwopriyete biyolojik ak fitochimik enpòtan men moun mwen konnen ki nan plant sa nou ka site: antèlmentik ( sa vle di se yon vèmifij, kont vè-parazit), ensektisid, gastroprotektris, estrojenik, sekretolitik, antinosiseptif, spasmolitik. Se vre gen anpil rechèch ki gen pou fèt sou plant sa pou n ka jwenn plis evidans pou kore tout byenfè sa yo ak dekouvri plis.
Pinga konfonn Anetwale, yo rele etwal Aniz ak grenn Aniz, pafwa anpil moun konfonn yo paske yo preske gen menm savè ak menm benefis. Se pa menm plant yo ye non malgre tout pwen komen sa yo. Gade foto yo w ap wè diferans lan pi klè.


Pou w ka aprann itilize anetwale pi byen ak pi souvan nan kizin ou, ou ka chache l sou sit nou an. W ap jwenn anpil resèt kote nou itilize l ak plis enfòmasyon sou byenfè medisinal plant sila.
Medikaplant
Medikaplant
All reactions:


