Passer au contenu principal

Medikaplant

Ipètansyon Renovaskilè: Sentòm, Dyagnostik ak Trètman Natirèl

Medikaplant.org

Ipètansyon Renal Se Pa Mistik: Yon Maladi ki ka Degrade Sante w Ak Mete Lavi w Andaje

Souvan n konn wè moun lan devlope edèm (edema), kò w kenbe likid (dlo), pye yo pi souvan konn anfle, si w fouy dwèt ladan l, mak dwèt la kote w peze a rete malgre w retire dwèt ou, w a di se yon twou w fouye, apre lantman l ap repran fòm li. Nou souvan panse se kout pyès, se kèk batri, oswa sou wonga moun nan pase; oubyen se nan poud li pran. Poutan se ren moun lan ki konn domaje.

Kèk sentom lè ren w malad:

Tansyon wo, li pa vle desann | Degoute, pipi anpil leswa | Edèm (kò w kenbe likid), souvan pye yo anfle.

Ipètansyon Renovaskilè | Renovaskilè:
Toujou gade si tansyon moun sa te toujou konn wo, paske tansyon wo a ka andomaje ògàn ren yo tou pami plizyè lòt koz. Se menm jan an tou resipwòkman si ren y ap mal fonksyone yo ka lakoz tansyon wo, li pa janm vle desann. Se s ayo rele ipètansyon renovaskilè a oubyen tou ipètansyon renal. Se maladi ren yo ki monte tansyon wo konsa nan ka sa yo. Imajine w si w pa byen dyagnostike sa, epi se nan bòkò ak manbo ou ale, y ap plen w ak remèd kont poud ak kout pyès, oswa nanm. W ap vin pi grav e si w pa pran bonè sa ka fatal.

Kèk Lòt Sentom ak Prekosyon Kont Fo Dyagnostik Mistik
Gen yon ka konsa kote yo bay malad la bwè poud tabak ak florida plis lalwa paske bòkò a panse se nanm moun lan genyen akoz edèm nan plis lòt sentòm moun lan devlope yo, se nòmal paske maladi a fè ipètansyon renal, gen sentòm w ap obsève lakay li yo ekziste kay moun ki soufri maladi sa tankou: Doulè nan pwatrin li tankou yon bagay ki kenbe l nan pwatrin nan, li ka santi konpresyon ou senpman doulè, lè ka wè twoub oswa wè bagay yo parèt an doub devan l, konfizyon, se nòmal pou l santi l nan konfizyon, anplis tèt fè mal. Gen nan ka w ap jwenn sentòm tankou nen moun lan ap bay san, li ka pipi yon koulè woz kouri sou wouj, lè konsa yo di moun lan pipi san. Sa yo nou site la se kèk nan sentòm maladi ipètasyon renal, lè se ren moun nan ki lakoz li gen yon tansyon wo ki pa vle desann. Men nou ka wè pou kisa yon doktè fèy oswa yon bòkò/manbo ki pa ekspè nan fonksyonèman kò a, ka panse se yon nanm ki sou moun lan oswa se yon kout pyès. Sa k enpòtan nan trètman se konnen kòz maladi a ak ka dyagnostike l. Se konsa w ap ka jwenn fòmil pou trete l byen.

Sa vle di, si n remake sentòm sa yo, li enpòtan pou n fè yon konsiltasyon lopital si n gen mwayen pou sa pou konfime anvan n bwè nenpòt vye remèd ki ka monte tansyon n pi wo, evèntyèlman ba n strok, kriz kadyak, fòkòp ren nou pi mal, kote se nan dyaliz, netwaye san nan machin nou tonbe. Si yo ba n vye remèd tatonaj dyèg, ki toksik anpil, sa ka fatal pou nou. Si n wè tansyon n pa vle desann, nou ka toujou itilize dòz natirèl pou desann tansyon an, manje kòrèk fason n montre n, fè ekzèsis menm si se mache n ale mache pou yon 25-35 minit pa jou, epi pa bliye netwaye ren yo, pran plant ki la pou sa tankou Dèyè Do, Fèy Lougawou, Bab Mayi san konte rès yo, n ap jwenn dòz pou trete pyè nan ren sou MedikaPlant, li menm tou bon pou pran swen ren yo.

Pye anfle a tou (edèm, enflamasyon, poud oswa si se kout pyès) Medikaplant gen dòz pou w desann li rapid vit gras ak plant, pou trete edèm nan pandan n ap ankouraje w elimine konsomasyon vye sèl fen, diminye konsomasyon sèl nan moman w ap trete edèm nan. Sèl ki pi bon pou itilize lè w fin trete se Sèl Sèltik (Celtic salt), Sèl lanmè grenn ki pa rafine, sèl Himalaya orijinal, ki pa rafine, ni fek ki soti lachin yo.

Kèk Lyen pou n Jwenn Fòmil ak Resèt Pou n Trete Maladi sa yo:

Anvan n fini n ap di wi maladi nanm ak kout pyès ka bay kèk nan sentòm sa yo tou, sa k enpòtan se konnen kilè se maladi mistik, kilè se maladi medikal. Demaske youn, oswa atire limyè sou lòt pa ekate posibilite pou tou de ekziste ak lakoz anpil dega nan lavi moun. Asire w gen bon dyagnostik oswa limyè nan men w, pou w ka sove ak pwoteje lavi w ak moun ou renmen anvan sa twò ta. Itilize plant yo pou trete maladi yo. plant yo la pou geri nasyon yo.

Pran swen tèt nou, se sèl kò a nou genyen pou rete vizibman vivan isiba.

Medikaplant
www.medikaplant.org

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗
  • Comment (4)
  • Bon travay. Mwen malad ampil depi 3 ans. Mwen gen pye anfle ak tenyon m ki toujou wo. Tanpri, map cheche remed natirel. Èske ou ka ede m. Mersi.

    • Bonjou Mario, nou regrèt anpil pou sa w ap pase. Pye anfle ak tansyon ki toujou wo se de siy ki mande pou yon doktè swiv ou, sitou pou gade ren yo ak kè a. Pa sispann medikaman w ap pran yo. Nan MTA, nou konn itilize plant ki ede kò a lage dlo, epi nou mete mwens sèl nan manje, men fòk nou konnen ka w byen anvan nou konseye w yon dòz. Pran yon Herbal Wellness Appointment (sou Zoom) sou medikaplantshop.com pou n ka gade sa ansanm. Pandan tan sa a, gade atik nou an « Dòz Natirèl pou Pye Anfle ».

      Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.

Kite yon kòmantè