Passer au contenu principal

Medikaplant

Trete Pye Anfle ak Plant: Mistik ou Medikal (Dòz #2)

Medikaplant.org

ENGREDYAN: Bab Panyòl + Tibonm + Kalbas Kouran + Lachòy + Lwil Maskreti + Kalalou + Militon…

YON TI SEKRÈ

Si pye moun nan anfle, li te pran yon kout batri oswa yon kout pyès malfekte te tann pou li, si pyès sa pa t gen yon nanm ladan l oubyen tou si l te genyen, depi nanm nan fin soti nan pye a, plant « Bab Panyòl » la ka ba w sa plat, ede ou dezanfle l nòmalman. Kit pye anfle a pa mistik, li medikal ou ka fè dòz sa.

MEN KIJAN POU FÈ SA:

1) Tranpe pye a nan dlo dekoksyon 3 gwo ponyen nan chak fèy sa yo: Tibonm + Kalbas Kouran + Lachòy. Bouyi yo pou 10-13 minit, byen bouyi. Vide dekosyon sa nan yon bokit, oswa kivèt. Asire w dlo a ka kouvri tout pati ki afekte yo. Ajoute 1 gwo poyen grenn sèl ladan bokit la + 1 ponyen bikabonat tou. Benyen tou 2 pye yo menm sa ki pa malad la tou. Seche, masaje epi aplike pomad sa:

2) Melanje bab la ak 2-3 priz tè espesyal (li ka yon simityè ou nenpòt kafou bò lakay ou), konpoze yon pomad, ou ka ajoute kalalou tou nan pomad w ap konpoze a. Lè w fin seche pye a byen seche, rale pye a ak lwil maskreti, ou ka itlize lwil moutad oubyen lwil doliv tou. Apre bade sitou pye ki malad la ak pomad sa, kite l an kataplas (poze sou li) epi bande l sou pye a pou 3 jou.

3) Bay malad la bwè yon tas te enfizyon (chode nan dlo cho) 1 ti ponyen Bab Panyòl chak jou ajen (anvan manje nan maten bonè). Ou ka ba l 1 tas ji militon graje san dekoupe ak dlo, met 1 grenn sèl, chofe l bay malad la bwè, 2-3 fwa X semèn, sote jou, pandan 2 semèn.

Lè w debande, pye a ta dwe desann plat. Bay moun nan yon ti tas enfizyon bwè, lapè. Pou gwo koze Medsin Fèy Ayisyen an ka fè ak plant sa, medya sosyal yo pa gen zen sa nan men yo. Si gen kesyon, pa ezite kontakte #Medikaplant, se pou sa nou la.

Asire w verifye lòt pòs nou fè sou pye anfle tankou pòs sa:https://medikaplant.org/doz-natirel-pou-pye-k-kenbe-dlo-kout-pyes-batri-poud-edem/

Medikaplant

______////______////_____________

#Medikaplant | #Bab_Panyòl | #Kout_Pyès | #Batri | #Pye_Anfle

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè