Li bon tou pou: Règ Pa Vini | Enfètilite: Pa ka fè pitit
PREPARASYON ANVAN DÒZ:
Engredyan: 1 vè dlo cho + 1 dan lay + 1 Zoranj si
ETAP #1
Avan ou pran remèd sa, pou ou prepare kò w, fè 3 jou ap pran dòz sa: Pran yon vè dlo cho epi pile yon dan lay mete nan vè dlo cho a, bwè li pandan l tou tyèd la epi apre sa bwè yon kiyè zoranj si maten ak aswè.

ETAP #2
MEN DÒZ LA:
ENGREDYAN:
Fèy ak kòs Zaboka + Fèy Lorye (si w pa ka jwenn itilize fèy Panzou men se lorye a ki pi bon, atasyon se pa lorye woz Ayiti a non, se fèy lorye, genyen l tout Ayiti; USA li rele Bay leaves) + ou bezwen pèsi frèch
PREPARASYON DÒZ LA:
Remèd la 1 ponyen fèy zaboka + 3 kòs zaboka + 1 ponyen fèy lorye [si w pa jwenn fèy lorye paske li ra anpil, ou ka itilize 1 ponyen Panzou yo rele l lanman laye oswa Bonbon Kodin nan kèk zòn] + ajoute 2 branch pèsi frèch ladan li. Bouyi tout ansanm bwè l, lè li finn byen bouyi pran yon gwo tas prije yon grenn sitwon ladan te a.
MEN KI JAN POU BWÈ L:
Bwè 1 tas te a maten ak aswè | San sik san sèl | pran l pou 7 oswa 14 jou.
Sipòte paj la: Pataje | Envite tout zanmi w Like ak abòne ak paj la. Lè yo fin like ak abòne yo ka ekri n mande konsèy sou plant jan yo vle.
Apre sa fè dòz #2 pou Twonp Bouche a ki poste sou sit Medikaplant lan deja. Men lyen kote w ap jwenn li: https://medikaplant.org/bwa-sou-grenn/
ENPÒTAN:
– Gade foto yo pou w ka wè lorye pou n itilize a. Anpil moun panse Ayiti pa genyen l, men genyen bon lorye Ayiti a, se li ki bon, li ra pou n jwenn li men genyen sitou nan Nò. Li menm non syantifik li se Laurus nobilis. Non anglè a fèy lorye se « Bay leaves » yo konn rele l Sweet Bay oubyen Laurel.

– Pa itilize lòt lorye a, sa nou rele Lorye woz la (Nerium oleander L.), li toksik anpil , pinga bwè l. N ap fè yon pòs sou itilizasyon l apa pou kont li. Se itilizasyon ekstèn yo ka fè ak li men se pa pou anndan n. Li frajil, lese pofesyonèl itilize l.
___________///________///_________///_____________
#Medikaplant | #Twonp_Bouche | #



Mwen vreman kontan pou travay ke nou ap fè,Mwen pral eseye remed pou tronp bouche a mwen espere li mache pou mwen.Mèsi
Mèsi Angeline, n ap swete w bon rezilta!