Te Gwosès ak Fètilite
Dòz #2
TWONP BOUCHE | Kis | Ovè Polisistik | Fibwòm
Dòz sa bon tou pou dezentoksike ou netwaye matris la, nan sans sa li bon pou moun ki gen ni fibwòm ni kis epi li ede debouche twonp yo; li ede kont kansè men kansè matris espesyalman. Li bon tou pou gason ki spèm fèb.
Engredyan: Fèy Grayav + Fèy kowosòl
PREPARASYON:
W ap lave 1 ponyen nan chak plant sa yo. Bouyi fèy gwayav melanje avèk fèy kowosòl nan 1 lit dlo (4 gode) ansanm pandan 10-12 minit. W ap pase yo nan yon pswa oswa grèf te pou ka separe fèy yo ak dlo a.
POZOLOJI:
Bwè 1 ti tas pandan te a tou tyèd la 3 fwa chak jou (maten-midi-aswè), pandan 7 jou.
Nòt: Si w gen kis ou ka fè l tou | bay mari w bwè nan dòz sa tou si n ap eseye fè timoun epi misye ta gen pwoblèm fètilite. Toujou fè resèt yo ant 1-2 semen anvan w pase nan yon lòt dòz, pinga melanje resèt sou resèt, sitou si yo pa nan menm kategori. Fin fè youn epi ale nan lòt la: fini ak dòz #1 pou twonp bouche a epi vin fè dòz # 2 sa.
Pataje pòs yo pou ede lòt moun ki nan nesesite.
DIPLIS:
Nèg Spèm Fèb
Medam ki vle ansent yo, si spèm mesye a fèb ou manke kalite/kantite, w ap bay mesye a 1 tas te bazilik san dous san sèl nan maten ajen, anvan w bay nèg ou dòz sa, w ap toufe fèy bazilik la nan dlo cho pou yon ti tan, koule l ba li bwè nan maten ajen. Epi pandan 2-3 semèn w ap ba l resèt sa, fè labouyi nou [Medikaplant] te poste pou nèg spèm fèb la nan youn nan pòs avan yo.
ENPÒTAN:
Si ou se yon moun ki soufri « tansyon ba » (ipotansyon) trètman natirèl sa ou pa dwe fè l anpil paske fèy sa y ap desann tansyon w pi ba toujou, pandan tan sa, si tansyon moun nan te wo l ap byen bon pou li. Men sa pou w fè si w soufri tansyon ba: w ap jis fè l pandan 7 jou epi w poze pou 15 jou apre sa ou repedale 7 lòt jou; si w remake li ba w ti pwoblèm sispann pran l. Si doktè mete w sou medikaman pou w ansent deja pinga melanje dòz sa ak konprime gwosès doktè, se swa youn ou lòt. Si se ansent w ap eseye ansent pandan w ap debouche twonp ou konbat kis ak fibwòm yo, nan peryòd ovilasyon w w ap sispann pran dòz sa tou, w ap rete swiv si w pa ansent apre sa w ap rekòmanse l.
Pinga fè dòz sa si w nan pran okenn sipleman Coenzyme Q10 (CQ10).
___________________
#Medikaplant | #TwonpBouche |#Fètilite | #kis | #Fibwòm



Mèsi anpil pou rèset la nap fèl
Mèsi Widlaine, n ap swete w bon rezilta.
Jodya mwen vin pwan dòz sa sou medikaplant, map retounen vin temwaye paske yon bebe se sa map chèche, doktè di mw gen kis E yo voyem fè paptes pou wè si matrisak twonp mw yo pa gen pwoblèm
Wisnada, nou swete w bon nouvèl! Kontinye swiv doktè w pou kis yo. Pou kis ak fibwòm, nou gen kit Matris Djanm nan: https://medikaplantshop.com/product/matris-djanm-bundle/ (boutèy + gwo sache te a).
Merci pa suffit lumière ak lanmou pou medikaplant
Mèsi anpil Bellanah, limyè ak lanmou pou ou tou!
Medikaplant eske nou ka fè m jwen fey zaboka ak kos la,fey gwayav,fey korosol svp Mwen bezwen fe remed pou tronp mw ka débouche.merci
Eskize n pou reta a. Angeline, fèy sèk yo pral disponib sou https://medikaplantshop.com. Pou kounye a, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705 pou n wè sa n ka voye ba ou.
Mèsi anpil Doktè pam, m pwal fèl paskem besoin Yon pitit
Mèsi Gertrude, n ap swete w bon nouvèl!
Félicitations
Mèsi Dorvil!
Plis lanmou pou nou. Medikaplant ap kontinye san kanpe.
San kanpe zanmi m.
Mèsi MedikaPlant!
Mèsi Taseny!
On milyon mèsi mezanmi se pa ti travay kap fet la mezanmi ,mèsi anpil
Mèsi anpil Joseph!
Medikaplant mesi pou bon travay sa ke wap fe a. Li itil anpil kominite nou an.
Mèsi anpil Samuel!
Medikaplant anpil limyè pou bon travay n’ap fè nan kominote a!!!
Mèsi anpil Darlie!
Felisitasyon Medikaplant🥰,mw swete w kontinye fè chimen w.
Plis limyè pou ou Ceo Vye Ewol
Hoïs
Mèsi anpil Samahaleel! Hoïs!