Kanf: yon engredyan n dwe konnen
Kanf: kreyòl

Camphre: fransè
Camphor: anglè
Alcanfor: panyòl
Kanf lan sou po w ba w ton sansasyon cho-frèt, se konsa l rive balanse tanperati kò li touche à oswa espas la. Li ka stimile sistèm nève santral nou, se efè sa menm li gen sou sèvo a ki lakoz viktim nan endispoze a. Se biyochimik se pa maji. Pa lese yo twonpe n.
Kanf lan se nan kòs yon pye Lorye kanfre yo pran l, se nan yon pyebwa li soti. Pyebwa sa yo n souvan jwenn an Azi. Men tablèt kanf popilè, w ap jwenn sou nèt la e sitou nan makèt panyòl yo. Pafwa se mande pou mande yo paske w ka pa wè yo afiche l. Sitou USA te entèdi lwil ak pafen kanf depi debi ane 80’ akoz kèk kè endispozisyon pami timoun piti. Tandiske endyen yo itilize l ase byen. Yo menm gen yon vèsyon yo itilize nan kizin yo.

Lè w ap fè beny ak Pafim kay ou jwenn sou MedikaPlant yo ou ka itilize tablèt kanf ladan yo: li kwape move enèji epi sistèm ou sitou odora ou ap abitye plis ak li e devlope yon rezistans. Li p ap gen menm efè a sou ou si malfektè a itilize l.

Pa bliye gen kanf manjab (komestib), sa vle di w ka itilize nan manje, endyan yo itilize l anpil. Men nou pa dwe itilize anpil epi nou sipoze byen itilize l suivan dozak resèt n ap aplike a. Sa ki manjab la, n ap wè l make sou anbalaj ou boutèy oswa sachè nou achte a. Si l pa ekri l, konnen se sa ki pa manjab la. Pinga nou mete l nan bouch nou si l pa komestib, si se an Anglè, y ap make « edible » sou li. Si se nan beny kay oswa yon lòt kalite bagay w ap itilize l, se pa pou manje, oswa li pa pral nan vant ou, ou ka itilize nenpòt.
Antouka si w pran sant kanf (sant mantelo) pandan w nan lari w ap mache pa gen moun, kouri deplase rapid vit pa rete. Bwè ti dlo epi plen bouch ou ak dlo kouri. Si w gen sitwon pase anba nen w, lage 3 gout nan gòch ou. Ou ka bouche nen w ou met mask. Nenpòt jan evite rale twòp sant sa nan nen w.
W ap jwenn resèt beny pou netwaye kay oswa lokal biznis ou ki gen kanf ladan l kòf engredyan enpòtan sou sit la. Pa bliye, n ap raple: kanf ede dezenfekte, netwaye ak kwape move enèji ak ora nan yon espas.
Medikaplant


