Demans: se yon tèm jenral yo itilize pou dekri kondisyon lè fonksyon kognitif yo (kapasite mantal) yo an degraba, yo dejenere. Moun ki gen demans lan ka gen pèt memwa, pa ka reflechi ak kominike byen, pa ka fè okenn kalkil pou rezoud nenpòt ti pwoblèm nan.
Yo souvan di se laj granmoun ki lakoz maladi sa tou men gen anpil lòt faktè ki ka ba w pwoblèm mantal sa: ou ka frape nan tèt ou blese, maladi tou ka lakoz. Anpil granmoun Ayiti ki soufri demans konn rive viktim an anba inyorans ak kè di malfra an Ayiti, paske lè yo bliye wout lakay yo, yo konn ateri nanlòt zòn epi yo touye oswa maltrete yo pou « lougawou ». Nou espere Medikaplant ansanm avèk ou ka kontribiye nan sansibilize pèp la plis pou anpeche plis granmoun ki fè demans tounen viktim fatal anba men pèp la sitou nan peryòd « Bwa Kale » sa.
Kèk nan Sentòm Demans:
– Pèdi memwa, pede bliye, pa ka sonje anyen fasil
– Dezoryantasyon
– Chanjman tanperaman | atitid | bay move jan
– Chanjman Pèsonalite
– Pwoblèm langaj, difikilte pou pale oswa jwenn mo pou di

Men Kèk Kalite Maladi Demans ki Genyen:
– Maladi Alzaymè ( Alzheimer’s disease)
– Demans Frontotanporal (Frontotemporal dementia)
– Demans Kò Lewy (Lewy body dementia)
– Demans Vaskilè (Vascular dementia), sa se lè sikilasyon an redui nan veso sangen yo.
Pa bliye plant kapab ede nou. Aplis, gen anpil lòt pratik nou ka adopte nan lavi nou k ap ede nou, detekte sentom maladi sa yo bonè ak fè bon jan prevansyon anvan sa two ta. MedikaPlant fè plizyè pòs sou sante mantal, epi nou gen fòmil nou pataje sou ki jan w ka gras ak plant natirèlman pran swen tèt ou epi evite kèk maladi tèt. W ap jwenn pòs sa yo sou sit Medikaplant.org la. Si w bezwen wè plis fòmil ak resèt sou fason w ka fè prevansyon oswa konbat maladi tèt tankou demans, ekri mo maladi tèt nan bar rechèch sit la, w ap jwenn pi fò pòs yo.
Si w gen kèk nan sentom sa yo oswa ou ta vle fè yon dyagnostk prevantif, ou ka konsilte yon pwofesyonèl sante oswa doktè w.
Medikaplant
______________________\\\____________
#dementia#dementiaawareness#DementiaCare
Lyen pou dòz maladi tèt:Medikaplant.org



Bonswa mw se yon moun kap soufri ak yon maladi tèt mw paka fè anyen tet la ap souke fè mouvement edem svp m fe konpres joumou sapa mache edem svp svp
Bonswa Emmanuel. Tèt k ap souke, je vire ak pèdi memwa bezwen yon doktè (newològ) egzamine w vit. Pa rete avè l. Nou ka akonpaye w tou: https://medikaplantshop.com/consultation/
Bonsoir mw se yon moun kap soufri ak yon maladi tèt lap souke fè mouvement tout Sam fè li reponn ladann li banm je vire mw paka kenbe tet la m bliye fasil e chak tan m pa konprann mw m fè konpres joumou anh plizyè fois sa pa mache svp svp map priye nou an gras edem
Emmanuel, mwen reponn ou nan lòt kòmantè a. Tanpri wè yon doktè vit.