Passer au contenu principal

Medikaplant

Ji Kawòt: Mete Lavi nan Lavi w

Medikaplant.org

Men yon ti kras nan sa w pèdi lè w pa bwè ji kawòt menm jan ak mwen:

Amelyore dijesyon

Amelyore sistèm defans kò a (Iminite)

Li ede w rajeni | L ap fè po w bèl menm jan ak mwen | Ekla enèji enteryè w ap briye. Moun ap ka wè diferans lan. Jenerasyon pa w la ap fin plise, po yo rale epi ou menm ou klere kou soud.

L ap rafrechi w tou, se yon bon

Li pwoteje je w | Li ede manbràn je nou byen fonksyone | Amelyore ak redui ris pwoblèm vizyon (tankou dejeneresans makilè, elatriye)

g38582ebc22ebbb400af09199a4442f625384609ce044c7f8eb93499ea52daef2af267175e16d3259f436a3046bf818a9_1280-76653.jpg

Ede w pran swen bouch ou | Sante Bouch-Dan

Pwoteje kè w | Sa enpòtan anpil

Yon anti-oksidan puisan ki ede konbat radikal lib ki ka deranje kò kadav nou | Li pwoteje kòdaj ADN nou kont chanjman ki ka debouche sou vye kalite kansè

Si w ap fè prevansyon kont kansè ou dwe bwè ji sa agogo

Prevansyon kont strok (AVC) | Ede retablisman apre strok tou

Ede jere dyabèt (maladi sik) | Mete Tansyon Wo sou kontwòl

Li ba w enèji | Li chaje fè | Yon vè nan maten ap ba w jounen an klè | Li fè w pèfòme pi byen nan tout sans.

Si w fè anemi, fè ji sa zanmi w ou ka melanje l ak youn ou plizyè nan plant tankou panzou, epina, lyann panye, navè, bètrav si w vle

Anpil nan avantaj nitrisyonèl ak puisans plant lan soti nan beta-kawotèn ak fib ki konpoze yo a. Kawòt la se glisid + dlo. Li chaje nitriman, vitamin ak mineral: potasyòm, Vitamin A-K-C-B8, fè, kalsyòm, magnezyòm, sodyòm, elatriye.

ge4612e6026cf5809afe1ab66c03a314192f78856dfd05e07f06f22515a0e505b032cf994757ad70b182a0b9d37af7d248365347c2a7bb1c22d67f45d5c81657e_1280-1623157.jpg


Ji Kawòt Pou Trete ilsè:
Ji kawòt kri se pansman natirèl pou anndan estoma ak trip ou. 1 vè chak jou pandan 2-3 semèn ka trete ilsè estoma. Pou elimine koz la, bwè te rasin ak lyann legliz (Réglisse), li rele Licorice tou. Bwè enfizyon poud rasin lan nan 1 vè dlo, 1fwa x 12 jou.

Nou p ap ka fin site tout avantaj yo, men nou gen yon lide sa n rate lè n pa vle bwè ji kawòt, oswa manje kawòt konsa kri ou bouyi, pinga twò kwit li, sinon nou riske detui tout benefis sa yo. Chode yo pito. Nou ka konbine kawòt ak lòt vejetab ou fwi ki lode (rich) menm jan ak li pou n fè bon ji k ap bon pou sante n. Toujou chwazi plant ki òganik yo.


Medikaplant

www.medikaplant.org

#Medikaplant | #Kawòt | #Ji_Kawòt

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè