Engredyan:
5-6 mandarin + 6-7 frèz + 3 ti mòso konkonm (chak moso ka mwatye longè ti dwèt orikilè w)
Si w gen yon timoun k ap pede grip ti krik ti krak, menm si w se yon granmoun tou, fè ji sa: blennde mandarin, frèz ak konkonm ansanm, ou ka ajoute ti dlo si w vle. Sonje pran ji sa chak jou omwen 1-2 vè chak jou pandan 2-3 semèn. Pou timoun piti, yon vè sifi epi ou ka rantre ji sa nan rejim alimantè timoun sa si l toujou ap pede gripe, gen rim, gen pwoblèm respirasyon, bwonch li fèb, nemoni, li soufri wopresyon (asmatik). Ji sa ap ede amleyore sistèm iminitè timoun nan, kidonk sante l an jeneral.

M pran l san sik men gen moun ki renmen ti bagay dous, ou ka ajoute yon ti siwomyèl oswa sik wouj òganik. Mwen pa jete ma ji paske ji an jeneral pi efikas lè w pran l ak tout fib (re) yo, sa vle di ma ji a. Men si w vle itilize « juicer / près » ki tou separe ma yo apa pou ekstrè ji a sèlman, pran anpe ma oswa tout, melanje ak ji a. Blenndè tradisyonèl yo fè bon travay.
Mandarin yo dwe kale, pa jete po yo, mete po mandarin sa yo seche, ou ka itilize pou fè te. Yo chaje benefis sante, ou ka menm redui l an poud ou itilize kòm epis lè w ap fè manje. Blennde konkonm nan ak tout frèz yo ak tout po. Lave tout fwi yo anvan sa, ou ka mete yo tranpe nan yon ti dlo, ajoute yon ti tak vinèg pòm sid (Apple Cider) oswa yon ti priz bikabonat (Baking Soda). Asire w Baking soda ou itilize a pa gen aliminyòm ladan l. Verifye lis engredyan yo.



Hoïs pou konesans lan