Ren w yo se Filtè Lavi w
Gid Natirèl pou Elimine Pyè nan Ren ak Pran Swen Aparèy Irinè a
Ren yo se youn nan ògàn ki pi enpòtan nan kò a. Yo filtre san an, chase toksin, jere balans dlo ak mineral, epi ede regle tansyon. Lè ren yo pa mache byen, kò a vin chaje ak fatra ki kapab lakòz doulè, enflamasyon, oubyen maladi grav tankou pyè nan ren (kidney stones).
Nan medikaman tradisyonèl ayisyen ak Karayib la, gen anpil plant ki sèvi pou netwaye ren, chase pyè, ak pwoteje sistèm irinè a. Syans modèn ap kontinye konfime anpil nan itilizasyon sa yo.
De (2) Plant ki Ka Ede W Elimine Pyè nan Ren
Engredyan prensipal yo:
- Fèy Dèyè Do (Phyllanthus niruri L)
- Fèy Lougawou (Kalanchoe pinnata)
Dòz ak Pozoloji:
- Bouyi 3–5 branch Dèyè Do ak 3 fèy Lougawou pandan 3 minit.
- Lese yo tranpe pou 7 minit anvan w bwè.
- Bwè 3 tas pa jou pandan 7 jou omwen. Selon bezwen ou ak gwosè pyè a, ou ka kontinye plis pase 7 jou.
Detay sou Dèyè Do:
Plant sa a yo rele l Stonebreaker (an anglè) oswa Chanca Piedra (an panyòl). Li gen repitasyon pou kraze pyè ren, ede chase yo natirèlman. Rechèch syantifik montre li gen efè dyurèz, anti-enflamatwa, ak pwoteksyon ren.
Ji Plant ki Ka Ede W:
- Ji navè: Bwè yon vè 3 fwa pa semèn pandan tretman an. Li bon pou moun ki gen anemi tou paske li rich an fè.
Lòt Metòd Natirèl pou Elimine Pyè Ren Pi Vit
- Enfizyon bab mayi (plim ki sou mayi a): tradisyonèlman sèvi kòm dyurèz natirèl.
- Dlo kokoye: ede chase toksin epi refè mineral kò a.
- Dlo diri: bon pou idratasyon ak netwaye ren yo.
Si gen kèk pyè ki refize sòti:
- Bouyi 1 moso fèy papay mal (ki pa donnen) ak 2 fèy Lougawou.
- Bwè 1 tas ajen; apre 5 èdtan, kontinye bwè l tankou yon enfizyon.
- Sa ede w rann pyè yo pandan jounen an.
Prevansyon: Pou Pyè Pa Tounen
Lè w fin elimine pyè yo, se pa fini. Ou bezwen pran swen ren w pou evite yo refòme:
- Sitwon nan dlo tyèd: Pire 1–2 grenn sitwon nan yon vè dlo tyèd, bwè ajen chak maten.
- Dòz Vinèg Sid Pòm:
- 1 vè dlo tyèd
- 3 gout vinèg sid pòm
- 3 ti bouchon myèl
- (opsyonèl: 1 ti bout jenjanm oswa 3 ti priz poud jenjanm)
- Melanje byen, bwè 2 fwa pa jou, chak 2 jou, pandan 14 jou.

Plant Tradisyonèl ak Syans ki Sipòte Ren yo
Anplis resèt tradisyonèl yo, gen lòt plant ki sèvi kòm tonik ren epi yo jwenn anpil nan literati syantifik ak nan pharmakopea Karayib la (Tramil, elatriye):
- Rasin Pisanlit (Dandelion Root – Taraxacum officinale): Ede netwaye ren yo, ankouraje balans dlo, epi gen efè dyurèz dou.
- Fèy Nètl (Nettle Leaf – Urtica dioica): Nourisan, rich an mineral (fè, kalsyòm, mayezyòm), sipòte chemen irinè a.
- Ke Chwal (Horsetail – Equisetum arvense): Yon dyurèz natirèl ki ede chase toksin dousman epi sipòte tisi ren yo.
- Fèy Pèsi (Parsley – Petroselinum crispum): Tradisyonèlman sèvi pou ede fonksyon ren, chase dlo anplis, ak sipòte sante urinè.
- Chandwon (Milk Thistle – Silybum marianum): Pwoteje ak ranfòse fwa ak ren kòm ògàn detòks prensipal yo; rich an silymarin ki gen efè antioksidan fò.
Lis Plant pou Sante Ren ak Benefis yo
| Plant (Kreyòl/Eng) | Non Syantifik | Benefis kle |
|---|---|---|
| Dèyè Do / Stonebreaker | Phyllanthus niruri L | Kraze pyè nan ren, pwoteksyon ren, dyurèz natirèl |
| Lougawou / Leaf of Life | Kalanchoe pinnata | Anti-enflamatwa, sipò pou chase pyè ren |
| Bab Mayi | Zea mays (stigma) | Dyurèz, soulaje enflamasyon urinè |
| Pisanlit / Dandelion Root | Taraxacum officinale | Netwaye ren, balans dlo, detòks |
| Grand Òti / Nettle Leaf | Urtica dioica | Nourisan, rich an mineral, sipòte sistèm irinè |
| Ke Chwal / Horsetail | Equisetum arvense | Dyurèz, chase toksin, ranfòse tisi ren yo |
| Pèsi / Parsley Leaf | Petroselinum crispum | Sipò urinè, chase dlo anplis |
| Chandwon / Milk Thistle | Silybum marianum | Pwoteje ren ak fwa, antioksidan fò |
| Papay Mal | Carica papaya | Sipò pou chase pyè ren difisil |
| Dlo Kokoye | – | Replenish elektwolit, idratasyon, netwaye ren |
Konklizyon:
Sante ren ou depann de kijan w pran swen yo chak jou. Melanj resèt tradisyonèl yo ak plant syantifikman valide tankou pisanlit, nètl, pèsi, ak chandwon kapab ede w netwaye, pwoteje, epi ranfòse ren w natirèlman. Kenbe ren yo an sante se yon kle pou byennèt jeneral.
Medikaplant
Platfòm Medsin Tradisyonèl Ayisyen an




Bonjour.
Mèsi pou remèd sa yo.
Èske yon pyè 7 mm ka tonbe ak remèd sa yo souple?
Bonjou Phansley! Pyè ki piti pase 5 mm konn sòti poukont yo pi fasil. Yon pyè 7 mm ka pase, men li ka pran plis tan, epi li ka bloke. Se poutèt sa, bwè anpil dlo, swiv dòz Dèyè Do ak Lougawou a, epi fè yon doktè swiv ou ak yon ekografi pou wè si l ap desann. Si w gen gwo doulè, lafyèv, vomisman oswa si w pa ka pipi, ale lopital touswit.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Gratitid, mèsi anpil
Mèsi Julien, gratitid pou ou tou! 🙏🏾
3 tas pa jou nan dèyè do ak lougawou a nou pa mansyone konbyn jou nn
Bonjou Louissaint, bon remak, mèsi! Bwè 3 tas pa jou pandan 7 jou omwen. Selon bezwen moun nan ak gwosè pyè a, ou ka kontinye plis pase 7 jou. Fè yon ekografi apre tretman an pou wè si pyè yo soti.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Bonjou mwen felisite’w pou bon travay wap fè nan kominote an,kenbe fèm,ou enpòtan pou chak grenn ayisyen,
Kesyon mwen gen pou ou, eske pagen kote Haïti ki gen prodwi’w yo pou Vann svp?
Bonjou Nicolas, mèsi pou bèl mo yo! Boutik nou an, medikaplantshop.com, ap fè yon gwo mizajou kounye a. Byento w ap jwenn plis pase 157 plant sèl ladan l, epi n ap ka voye kòmand ou Ayiti pa Bosal Empire Shipping. Kontinye tcheke sit la! Pa achte pwodui « Medikaplant » nan men okenn lòt moun. Gen fo machann k ap sèvi ak non nou.
@Sansherley,
Fanm ansent dwe evite majorite dòz plant nan moman yo ansent sitou premye trimès gwosès yo. Ata menm lè yo nouris, ap bay tete, yo dwe evite sa tou, si gen yon konplikasyon, yo ta vrèman nan nesesite remèd fèy, yo dwe konsilte yon pwofesyonèl sante anvan sa epi se pa jis resèt pou y ap pran fè. Se yon konnen ki pou fè prizanchaj la.
@Siméus Fédé, ou kòrèk wi, men nou p ap ka bay pwotokòl nitrisyonèl nan chak pòs nou fè, se pou sa nou kreye kategori nitrisyon sou sit la. Nou fè plizyè pòs apa sou sa. Epi nou toujou di tout moun, medsin natirèl mache ak bon jan nitrisyon sinon se lave men siye atè. Nou konsidere manje kòm pati enpòtan anndan Medsin tradisyonèl Plant yo.
@Fabienne, Chanca Piedra se non panyòl yo bay plant Ayisyen rele Dèyè Do (Boul Nan do nan zòn Nò). Se etranje yo ki mete l sou fòm konprime oswa likid, men an reyalite ou ka jis chache plant sa ki rele Dèyè do a, se menm li menm yo rele Stonebreaker an anglè a, epi ou bouyi l ou bwè chak jou. Se youn nan pi gwo medikaman pou pyè nan ren. Si lougawou desann tansyon w, se paske se yon plant pou tansyon li ye an reyalite, nou itilize l pou sa tou. Se a sèl pou w pran te sa yo pou ede balanse tansyon an pou l pa desann. Epi diminye dozaj la, oubyen melanje l ak Dèyè Do. Jenjanm bon pou sa tou, li ka ranplase fè lougawou a.
Bonswa mw kontan tonbe sou paj sa paske mw gen yon pyè nan ren kap maltretem men se yon sèl bò li fèm mal doktè te dim se on sèl ren ki genyen bagay sa tèlman fèm mal lèm pran fèy lougawou li desann tansyonm,medikaman ki rele chamcapiedra ki kote mw ka jwenn ni achte silvouplè
Bonswa Fabienne. Si fèy lougawou a fè tansyon w desann twòp, sispann li, sitou si w ap pran medikaman tansyon. Bwè anpil dlo, kontinye swiv doktè w, e nou ka gade sa avè w nan yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Bn travay doktè ke Bondye kontinye beniw e bòw plis esperians tj
Mèsi Thenese!
Gras
Avèk plezi Micherline!
Mwen konn tande yo pale de grenn bwadòm, eske nou ka konfime pou mwen stp si li osi bon pou pyè nan ren. Mèsi
Eskize n pou reta a. Josué, yo itilize grenn bwadòm tradisyonèlman pou pyè nan ren, men pa gen anpil etid sou sa.
Mwen ta renmen pafwa lè nou bay resèt tretman yo, poun ta tou di moun yo pandan tretman yo ki jan de aliman ,bwason yo pa dwe konsome pandan sa. Tankou yon moub ko gen pyè nan ren mwen panse ke li pa dwe ap mange vyann, ap bwè gazeuz. Pafwa tretman yo pa bay rezilta se paske moun lan pandan lap fè treman, et li continue ap konsome bagay ki la ranfose maladia. Mèsi bon travay.
Ou gen rezon Josué, n ap ajoute sa nan atik yo.
Merci beaucoup, mwen fek tombe sou paj sa , mw kwè ampil nan remèd natirèl. M félicite ekip la. Bon travay kenbe la. Rete Beni 🙏
Mèsi anpil Junycka!
Kisa ki dekoksyon an souple
Eskize n pou reta a. Dekoksyon se lè ou bouyi plant lan nan dlo 10 a 20 minit.
Se AK anpil plezi mwen di yon kokenn chenn mèsi AK medikaplant. Men kesyon pam lan, èske remèd sa fanm ansent kapab pranl svp?
Eskize n pou reta a. Non Sansherley, fanm ansent pa dwe pran remèd sa a.
Mesi pou limyè sa yo
Mèsi Gaston!
Bon travay zanmi m, kenbe la…nou pap sispann edew pataje konesans yo.ankouraje zanmi m.
Mèsi anpil Jean Yves!