Tande byen! Nou byen di wi, evite bwè te sa yo, pandan gwosès oswa pandan w ap bay ti bebe tete. Paske gen ka kote yon moun te bwè youn nan plant sa yo chans pa l pitit la pa t tonbe, l ap di w bon m te pran l m pa t gen anyen? Sispann sa, tout kò moun pa menm jan epi majorite ka sa yo, granmoun oswa doktè fèy konn deja bay moun sa lòt remèd pou timoun lan pa tonbe. Yon dòz konn netralize efè yon lòt dòz. Chans pa w.
Men lis la:
Amwaz – ten – womaren – ave – asowosi/yèsken – fèy/papay – lyann legliz – koton swa – choublak – nim/lila (sitou pandan premye 5 mwa yo) – pwa grate – wou – imòtèl – anana – kalbas – fransiyad – dat – koulant – rezen – koton – lang bèf, elatriye.
Lis la long anpil, nou p ap ka fin site tout la. Se sèlman kèk pami sa Ayisyen plis ap itilize yo nou mansyone. Se pou sa fanm ansent dwe fè atansyon anpil paske gen plant ki ka pa danje si se kòm awòm/sant/vapè n ap konsome l, tandiske si nou bwè l li toksik e prezante gwo danje pou nou, genyen tou ki mande pou nou dilye l nan anpil dlo, genyen ki jis pa bon menm nenpòt jan an lè w ansent ou nouris. Fè respè n. Plant yo la pou pwoteje n, yo pa la pou detwi n.
Nou granmoun nou chwazi mouri mò n vle, se yon konsèy, si n vle pran l pran l.
Pa koute Ayisyen k ap di w bwè asosi pandan w ansent pou pitit ka Gen. Bèl koulè. Koulè a pa depann sou bwè asosi ni safran. Tanpri sispann. Avèk asosi (yèske) yo konn konpoze resèt pou jete timoun paske nan plant sa gen ajan aktif ki abòtif sa vle di ki ka fasilite oswa pwovoke avòtman. Sa pa di l ap jete timoun si w bwè yon ti tak. Sa depan dozaj la, kantite w bwè a, nan ki trimès gwosès la ye, eske w gen lòt remèd ou bwè, oswa kò pa w. Li ka chans pa w tou oswa timoun sa dwe fèt. Gen pitit ou mèt sote ponpe, bwè tout sa w vle, l ap fèt kanmenm. Men sonje tout moun pa menm. Atansyon pa kapon. Prevansyon se pi gwo remèd.
Medikaplant





Bjr Medijkaplamt, mw apresye anpil travay wap fè pou nou an li vo lò, e konesans pa gen pri
Mw menm pwoblèm mw c fibwòm mw genyen , e mw ta renmen jwenn yon solisyon avel,
Kijanw ka edem tanpri
Bonjou Guerlyne, mèsi pou bèl mo yo! Pou fibwòm, nan MTA, nou travay sou manje (mwens vyann wouj ak sik, plis legim ak fib), nou pran swen fwa a, epi nou itilize plant ki soutni balans òmòn yo. Kontinye fè ekografi pou swiv li. Chak ka diferan, se poutèt sa pi bon chemen an se yon Herbal Wellness Appointment sou medikaplantshop.com.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
@Rose Jerome ou ka pran kit Fertility ki tou bon pou PCOS la sou medikaplantshop.com. Men lyen an: https://medikaplantshop.com/product/fertility-women/
Merci
Avec plaisir Neyoo!
Bonjour.
Si yon moun se sang li bezwen fonn li ka gen yon mois et demi svp kisal ka pran svp. Merci
Eskize n pou reta a. Wood, pou fonn san, li enpòtan pou yon doktè swiv sa. Si se gwosès, pa pran okenn plant san doktè w dakò.
Hello MedikaPlant! Merci pou bon travail sa nap fe a. Ki remed nou genyen pou moun ki gen pcos ki pa ka enceinte, et sil enceinte li pede perdu timoun nan après yon 6-7 semenn silvouple koman nou ka edem?
Eskize n pou reta a. Rose, pou PCOS ak fòskouch, pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/. Kontinye swiv doktè w.