Passer au contenu principal

Medikaplant

Remèd Fèy Pou Maladi Tèt: Travay Tèt Anboulatcha (tèt pati)

Medikaplant.org

  •  

Kado Medikaplant ba nou pou sove ak pwoteje lavi. L ap ede pou maladi tèt tout kalite kit se foli, tèt chaje, depresyon, pèt memwa, tèt pati, atak mistik nan tèt, bonnanj pati, frap nan tèt, tèt vid, vwa ap pale nan tèt ou, skizofreni, etsetera.

 

Jou #1
1) Fèy Beny Dechanje Tèt la
2) Koule Tèt ak Fey zoranj si fwote nan Kleren Blan fò (Nazon, 22/22, Tèt Chòf, Wonm Blan, Vodka, ets)

Jou #2
1 ) Konprès: 9 fèy joumou vèt ki pa pike, pile yo fen. Mete 1 grenn sèl nan mitan tèt malad la, depoze fèy pile yo sou grenn sèl la nan mitan tèt la tankou yon ti chapo kouvri mitan tèt la nèt. Mare yon moso twal ou rivan blan nèf oswa ki byen pwòp soti anlè mare desann anba babin ou tankou se te yon malmouton ou t ap mare. Lèse konprès la depi solèy ap leve rive anvan solèy la kouche men pandan tout jounen an wouze ou myikte konprès la ak menm kleren blan fò, gwòg di blan sa ou te itilize pou koule tèt la ak fè zoranj si a lavèy la. Retire konprès la, twal la ak tout fèy yo, fouye twou nan tè antere yo e kouvri yo. Si w gen lanmè ou lak dlo Poze tou pre a ou ka lage l ladan l. 1 sèl fwa ou fè konprès sa sifi men si maladi a te grav ou ka fè l 3 jou afile, ou jis repete menm bagay la chak jou anouvo. Chak mwa ou ka fè l pandan 3 mwa.

Ou ka fè Etap #1 sèlman si w vle san #2 si ka a pa bezwen sa, oswa ou ka fè Etap #2 a tou pou kont li oswa li sèlman, sa k gen fèy joumou an paske li se kle pou maladi tèt: medikal ou mistik.

Pou jwenn Beny Dechaje Tèt + Beny Koule Tèt ki sou MedikaPlant, klike la: https://medikaplant.org/beny-preparasyon-ak-jan-pou…/…

MedikaPlant
www.medikaplant.org

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè