Sekrè Plant | #DÒZ ORIJINAL

Lafyèv tifoyid pa dwe ap touye Ayisyen toujou nan peyi a. Limyè a la pou ede pwoteje ak pwolonje lavi. Medikaplant te pwomèt nou zentrenn ebyen men kichòy pou n trete pèp nou an. Remèd fèy Ayisyen pa nan rans ak vye maladi. Se konnen ki konnen epi se konnen ki fè.
ENGREDYAN:
3 pye Lalo (Jute leaves | Saluyot | Corchorus olitorius) ak tout rasin + 1 ponyen fèy Ametye (Lamitye | Cuscuta americana L) + 1 ponyen fèy Bannan Poban mi + 1 Zoranj Si mi + 3 fèy Metsiyen mi (Jatropha curcas L.).

ENSTRIKSYON:
W ap bouyi l, kite l bouyi monte pandan 3 fwa, toujou peze li desann pandan 3 fwa sa yo. Mete l nan yon tas epi ajoute de-twa grenn sèl nan tas la. Bwè l epi bwè rès la mete dlo ladan li pou fè tizann (san w pa bwè lòt dlo menm pandan tout jounen an sof li menm). Fè sa pandan 15 jou. W a ban m rezilta depi sou 1-3 jou se pou w elimine sa blanch.


Nou mèt ale teste pouvwa dòz sa, se yon fòmil Medikaplant ki soti nan fondas Medsin Tradisyonèl Ayisyen an. Vin temwanye anba pòs la. Si w ta wè moun sa pa kanpe depi sou yon semèn se pa lafyèv tifoyid li genyen. Tounen sou do pye n.
M pa kwè m bezwen mande nou pataje sa non pou n pataje l. Envite plis moun LIKE | J’AIME | SHARE | FOLLOW. N ap avanse.
Medikaplant
wwww.Medikaplant.org
_______________________________________
Medikaplant | #Tifoyid | #Lafyèv_Tifoyid | #Sekrè_Plant



M vrèman apresye travay la, se tèlman byen òdone sou sit la…
M renmen nou anpil.
Mèsi anpil Dervely, nou renmen w tou!
Ti moun 4 ans ka pranl svp
Eskize n pou reta a. Non, pa bay yon timoun 4 an dòz granmoun. Mennen l kote yon doktè timoun.
Eske se lalo nou manje a svp
Pa gen lòt bagay Ayisyen rele lalo sou mache a non zanmi m. Se yon sèl la nou genyen.