Non Anglè: Banana flower, Banana blossom
Pòpòt Bannan, w ap jwenn li nan pwent rejim bannann nan, se yon gwo tonton medikaman. Nou gen yon lòt pòs nou te fè sou Medikaplant deja sou bwa bannann lan, li enpòtan anpil, apre pòs sa chache lòt pòs nou fè sou rejim bannann sou paj la tou. Se tout kò bannann lan ki gen pwopriyete medisinal ak alimantè.
PLANT MIRAK POU FANM:
Jere depatman anba medam yo nòmalman, repare, revitalize, ranfòse. Ede w jere doulè règ lè w melanje l ak ti safran, jenjanm, seleri ou pèsi, baton chokola. Si w gen ti pèt blanch nan sobèbè, yon ti ji pòpòt epi brake l ak yon ti siwomyèl ou rapadou bwè yon tas ajen (san w poko manje nan maten bonè), epi lapè. Pòpòt bannann lan plen vitamin A ak C, fè ak kalsyòm. Si w vle fè yo ti kanpe oswa w ap chache ranplase fwi lanmè (seafood) pòpòt bannann se youn nan plant ou ka konte sou li. N ap sezi wè jan li gou tou menm jan ak grenn banann lan menm.
Plant sa fè mirak pou fanm nan peyi Azyatik yo anpil, nan sistèm medsin olistik Endyen yo, li popilè anpil. Yo konn di l se yon SUPERFOOD pou fanm. Pwoblèm ak doulè règ li jere sa yo byen. Li pa fasil pou jwenn swivan sezon ak zòn ou ye nan peyi kote yo konn enpòtans pòpòt bannann lan. Ayiti se bèt sèlman nou bay manje yo.

KI SA L GENYEN ANNDAN L KONSA MENM?
Pòpòt bannan nan boure ak fè, fib, potasyòm, Vitamin A-C-E-K, elatriye. Graje l melanje ak yon ti 3-7 ti fèy tòchon la oswa yogèt si w nan dyaspora, sa w ap ede redui kantite san si l twòp sitou lè règ ap koule, li nouri san w e jere pwoblèm emoraji. Li regilarize nivo kolestewòl la, 1 tas ji pòpòt bannann nan ajen pou 3-4 X pa semèn, desann ak nòmalize tansyon wo pou ou, fikse anemi an trapde, si w ta graje l ak tout yon ti navè menm baton, oswa dlo diri, wouch manman. Balonnman, gongleman, vomisman, w a di se tout vye malèz ki fini an « -man » yo pòpòt bannann pa vle wè menm.
KONSOMASYON:
Nou ka konsome l an salad, kwit vyann ak li, fè bouyon ak soup, sote ou frikase ansanm ak lòt alikaman. Sa ki enpòtan, nou ak manje l kri pou n byen konsome sa ki ladan l.
PREPARASYON AK NETWAYAJ:
Jis dezabiye pòpòt la rive nan pati chemizèt blan yo ki anba sa ki koulè move yo, epi koupe koupe l an ti lyèz fen. Apre sa tranpe tou nan yon ti bòl dlo, pire 1-2 bò sitwon ladan dlo a. Li deja pare pou melanje ak lòt fèy pou yon bon pla salad. Ou ka frikase l tou si w vle ak ti lwil doliv ou zaboka. Nan resèt n ap fè a, nou ka toujou itilize kèk epis kle tankou bazilik, lay, pwav, koryand, pèsi, silantwo, moutad, piman zwazo (Cayenne), elatriye, w a gou pa w. Pou salad la, fè pwòp sòs vinegrèt pa nou.

– Ou ka itilize l pou trete yon cham ki rabi sou yon gason, ou graje l epi melanje ak lòt plant kle tankou annikòn plis lòt kichòy sekrè ki rezève pou espesyalis nan domèn lan sèlman. Paske li frajil pou manipile fòmèl konplèks sa yo. Pou ka konsa se kontakte #Medikaplant.

– Nou ka sèvi ak po pòpòt la kòm soupla ou pla pou n ranje pla manje n chèlbè e rekòlte tout benefis ki soti nan fèy pòpòt la.
Pran yon ti poz la, envite omwen 10 zanmi LIKE | Pataje | Abòne | ak pa la pou ede yo jwenn limyè sou plant yo.
Pòpòt la ka ede w pèdi pwa, fonn vye grès, fè soup ak li, ak ti jenjanm, seleri ou koryand, 4-5 X semenn.
Ou ka graje yon pòpòt bannann la ak tout engredyan andan l, konbine l la ak de twa ti plant tankou Kakòn graje, Kadav Gate, elatriye pou konpoze yon dòz pou trete cham rabi sitou sa yo bay gason (m p ap ka lage sa); cham nan mèt te gen syèk. Se konnen ki fè. Koze yo anpil men kenbe ti losyè sa nan men nou. Nou renmen lè w fè ti boukantaj ak nou, rès la pou ti dyalòg ant nou menm ak ou menm.
Se tout kò bannann nan ki malè konsa, kit se fwi a, pòpòt la, fèy banbann nan, bwa bannann, tout se mirak, gwo tonton medikaman.
_____________________________________________________________
#Medikaplant | #Remèd_natirèl | #Remèd_Fèy | #Kòs_ak_Rasin | #Ayiti




bnswa fanmi kmnwye svp komanm ka fe jwenn popot bannann achte mw bezwenl poum ka bou svp kotem retea mpa wel msi
Bonswa Nathalie. Ki kote w ye? Ann Ayiti, ou ka jwenn pòpòt bannann kote moun ki gen pye bannann oswa nan mache.
Merci pour cette information. Je ne savais si le [pòpòt bannan ]était un puissant médicament.
Avec plaisir Odenis!
Mèsi anpil, pitit gason m.
Mèsi Serge!