Lòt non: Agropyre, weatgrass
Plant puisan sa oswa Sipèplant (Superfood) se sous Klowofil ( Chlorophyll) natirèl ki pi rich nou ka jwenn pi fasil nan anviwònman n. Li chaje Vitamin B12, vitamin E, li rich ak pwoteyin ak fosfò.
Bwè ji Zèb Ble a pou w ogmante nivo emoglobin nan san w. Si w bezwen transfizyon san vire tounen, plant sa ap ede w diminye konsiderabman depandans ou sou koze bezwen yo ba w san sa. Si san yon malad desann gravman ba ak plant sa plis fèy seriz vèt ou ka fè mirak k ap etone medsin modèn lan. Men se konnen ki fè.

Fè atansyon paske 30g Zèb Ble gen 820mg potasyòm = 50%+ kantite/jou yo rekòmande malad ki nan dyaliz. Respekte dòz ak ak pozoloji a oswa konsilte yon pwofesyonèl sante.
Zèb ble oubyen Weatgrass: se kle kont anemi.
Men kèk jan ou ka trete anemi fasil natirèlman:
Si w soufri Anemi, asire w konsome Weatgrass, 1-2 vè ji pa jou sifi pou w wè diferans lan nan de twa jou. Ajoute 1 vè ji navè 2 x semèn, plis si w pran 1-2 vè dlo pwa nwa bouyi plis ti sik wouj òganik 3 jou apa pa semèn + 2 tas dekoksyon Diven Jezi x jou 7-14 jou; anemi ap vole ale. Konsome moringa, Lyann panye, panzou, plis labouyi bannann ak pòmdetè plis kawòt. W ap trete yon fwa. Pa kite anemi touye w. Remèd fèy pa pèmèt sa. Gen twòp fason pou jere sa.
Si w soufri kolit (colitis), trip anfle, ou nenpòt pwoblèm amflamasyon nan vant ou se yon plant efikas. Ansanm ak rasin Ave oswa rasin Lyann legliz/reglis (licorice root) li ka elimine H-pilori.
Si w bezwen plant sa kontakte Medikaplant pou ede w jwenn li. Si w pataje yon pòs Medikaplant, sonje ba nou tout kredi nou, sa se prensip la.
MedikaPlant
www.MedikaPlant.org
___________________________________________
#Medikaplant | #wheatgrass | #Zèb_Ble



Mw kontan aprann pi plis chak jou ak Medikaplant. Mw ta renmen konnen si genyen li Ayiti, si wi? Koman mw kapab itilize l, se jis blende l oswa bouyi?
Eskize n pou reta a. Wi Peterson, ou ka plante l ann Ayiti. Blende jenn fèy yo, oswa pran poud la.