Passer au contenu principal

Medikaplant

Fèy Joumou: Pou Moun Ki Malad Tèt

Medikaplant.org

Nou rele medikaman natirèl sa « Dòz Tèt Anplas. » Remèd sa puisan anpil epi senp. Nou pa ka kenbe l sekrè. Ou fè l pou konbat tout kalite maladi tèt sitou si w pa konn koz la oswa doktè pa ka wè kòz la tankou gwo tèt fè mal ki pa janm trete oswa kranp alevini nan tèt, ensomni (pa gen somèy), pèt memwa, twoub vizyon, depresyon, pale vye pawòl, tèt anvi pati, maladi foli, tonbe kriz tanzantan. Nenpòt atak nan tèt la medikal oubyen mistik, gras ak konprès fitoterapik sa ou ta dwe jwenn solisyon. Dòz sa se yon dòz orijinal nan repètwa sekrè tradisyonèl plant #Medikaplant deside pataje ak tout moun nan kad kanpay Sante Mantal n ap mennen an. Se yon kado pou ede sove ak pwoteje lavi, si nou pataje l nou dwe bay kredi a epi se gratis pou nou fè sa.

Dòz Tèt Anplas

• ENGREDYAN:

9 fèy joumou – sèl grenn – yon moso twal blan (bann machwè) – achte yon ti boutèy kleren blan ayisyen ki fò anpil (Kleren blan, Vodka, Wonm/Rhum blan, kleren 22/22, nazon, tèt chòf, elatriye).

Preparasyon | Aplikasyon:

– Pile 9 fèy joumou (fòk yo pa pike, itilize 9 bon fèy nèf chak jou w ap refè l) ansanm ak grenn sèl

– Mete 3 gwo genn sèl chita nan mitan tèt malad la

– Apre sa mete fèy pile a nan mitan tèt la

– Pran twal blan an mare tèt la an mouchwa oubyen tankou bandoulyè

– Vide kleren blan fò a sou fèy la tanzantan vide.

– Fè sa pandan 3 jou, chak jou mete l nan maten fè tout jounen an depi solèy ap desann retire l ak tout ma yo nèt.

Ki sa pou w fè ak ma konprès la?

Lè w fin retire konprès la ka fouye twou antere konprès sa, sa preferab, oswa tou ou ka jete l nan rivyè dlo, nan lak, nan lanmè, men pinga malè jete l nenpòt kote paske ou pa vle nenpòt move moun tonbe sou li. Yo ka itilize l pou fè w mal. Sa di sa pa posib, li posib. Koute granmoun.

DIPLIS:

Fòmil #1 Trètman Medikaplant Pou Maladi Tèt

Ou ka fè dòz sa nenpòt jou pou kont li paske se yon remèd konplè; timoun kou granmoun ka fè l. Yon jou sifi pou fè l men si ka a grav ou ka refè l chak mwa padan 3 mwa, sa dwe sifi. Si w vle kore dòz sa pou dechouke maladi tèt ki rabi oubyen ki la lontan, fè Beny Dechaje Tèt + Beny Koule Tèt ki sou MedikaPlant nan premye jou ou koumanse travay tèt la ; epi sou 3 jou fè konprès fèy joumou an. Depi w koumanse trètman sa bwè 1 tas te melis ak siwomyèl chak swa anvan w kouche pandan 7 swa, kontinye fè 7 swa ap bwè 1 tas te fèy kowosòl ak siwomyèl, si w jwenn chadèk kontinye 7 swa ak te fèy chadèk plis siwomyèl, sa bay yon total 3 semèn. Pandan 2èm semèn lan chak swa lage 3 ti gout lwil maskreti nan mitan tèt malad la.

MedikaPlant.org

_____________________________________________

#Medikaplant | #Fèy_Joumou | #maladi_tèt |#sante_mantal

Pou jwenn Beny Dechaje Tèt + Beny Koule Tèt ki sou MedikaPlant, klike la: https://medikaplant.org/beny-preparasyon-ak-jan-pou…/…

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè