Passer au contenu principal

Medikaplant

Pran Swen Tèt Nou: Pa Ret Tann Nou Pete Kouri

Medikaplant.org

Tretman tèt avèk plant natirèl pou geri moun ayisyen yo fè fou nan mistik.

  • Lè moun lan bay siy yon moun bonnanj li oswa tèt li faya, sa vle di l koumanse pa fè sans Lè l ap pale, veye moun lan, chache trètman, pa kite l rive nan stad pou l gentan pete kouri pran lari. Sa pi grav.
  • Si n santi tèt nou menm oswa yon moun nou konnen ap pati oswa chaje, nou anvi pete kouri, chache èd rapid. Sa k pi efikas ak fasil la, se ale sou Medikaplant oswa sou sit entènèt la epi tape Maladi Tèt l ap ba w tout pòs nou pibliye sou sa epi w ap aplike dòz yo rapid vit. W ap tounen nòmal.
  • Depi l deja pete kouri pran lari se pa tout moun ki ka trete l. Ki ka trete kanmenm, se konnen ki fè. Men, depi l te deja pran lari a l ap fasil pou l fou ankò menm si se apre 10 ane, oswa tèt li pi fasil pou loke. Ayisyen renmen di, l ap manke yon paj.
  • Pran swen moun yo, pi bonè se gran maten.
  • Gen plizyè plant nou itilize nan kalite trètman sa yo, genyen ou p ap janm jwenn piblik la, ou pa VIP, n ap wè po enfizyon kalalou a, n ap wè yon fèy rache k ap tranpe nan kleren blan nan yon bòl blan; n ap wè fèy joumou pile ak grenn zanmorèt melanje ak lwil esansyèl 5 lòt plant tèt. Sa se etap 1 nan pwotokòl trètman maladi foli yon ka ki te pran lari e gentan dòmi deyò, fanmi pa konn kote moun sa te gentan alèz. Nan ka sa yo fòk ou k lokalize moun lan, epi fè tounen lakay li vin jwenn fanmi l. Sa yo tou ou ka fè si w konnen jan pou manipile plant ak lanati
  • . Zòzòyè p ap konprann pati sa.
  • Gen dòz pou koule tèt ak fè konprès tèt sou Medikaplant.org. Kote parese, aplike dòz yo epi w ap deja fè premye pa yo anvan sa twò
  • ta.

MedikaPlant

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè