Non syantifik: Cananga odorata
Kèk lòt non: Ylang-ylang, Cananga Tree
Nou te bay yon beny fen ane ki gen plant kle sa ladan l: ilan-ilan. Anpil moun t ap di yo pa janm tande pale de li deja. Ebyen se sou #Medikaplant ou ye, w ap tande non kèk plant ou pa janm konnen deja, w ap dekouvri sekrè yo. Ilan-ilan ka fè mevèy nan nenpòt beny lan sitou beny Limyè, deblokaj, bon enèji oswa pwoteksyon. Se boujon ak flè a ki santi bon konsa. Lè l ap flere li pran tout zòn lan pou li, menm jasmen li bay bon konpetisyon pou plas rèn ou chevalye lannwit la. Plant sa yo ou dwe p lante nan lakou w, li granmoun menm jan ak tout plant gad-lakou yo, sèd, gwo nèf, lalwa, bazilik, bwa pini ou bwa kaka.

Lwil esansyèl yo rale nan ilan-ilan an, se yon engredyan yo itilize anpil nan pafen atravè mond lan; li pami lwil pafen yo plis itilize pou konpoze tout kalite pafen sitou sa ki pi chè yo menm jan ak lwil vetivè nou an tou. Ayit, flè yo itilize pou pije lwil fragrans ekzotik sa, se gaspiye sa ap gaspiye tonbe atè.
Si w gen gran lakou ou dwe plante yon pye Ilan-ilan ladan l. Itilize non syantifik la pou w fè rechèch oswa chache achte grenn semans yo sou nèt la. Ilan-ilan fè yon gwo pyebwa men depi w netwaye l ou ka kontwole kantite espas li pran nan lakou w. W ap jwenn lwil esansyèl la achte ou pafen an, w ap ka itilize l nan beny yo.

Ou ka itilize fèy yo ak flè yo nan beny. W ap jwenn kèk pye Ayiti ak Florida. Yo koumanse gase nan plizyè peyi byenke yo te koumanse gaye ann Azi anvan men yo transplante yo toupatou kounye a.

Depi w sou Medikaplant, chak jou w ap dekouvri plis plant e w ap jwenn dòz pou konpoze pou pwoteje lavi w gras ak byenfè plant sa yo. W ap jwen plis detay sou ilan-ilan sou paj la.
MedikaPlantz
www.medikaplant.org



Bonswa
Svp eske yon fi ka fè beny nan moman li gen règ li ?
Bonswa! Wi, ou ka fè beny kò a pandan règ ou. Sèl sa pou w evite se beny chita ak vapè anba pandan règ la.
Mw renmen travay lan map toujou commenté like partagé platform lan merci a nous pour konesans yo
Mèsi anpil Roberto, se sa ki fè platfòm nan grandi!
Hello , mwen abite nan nòdès peyi dayiti mwen pa jwenn plant ki rele Ilan Ilan an , edem jwenn li silvouplè…
Eskize n pou reta a. Wedly, ilan-ilan pa komen ann Ayiti. Ou ka jwenn lwil esansyèl ilan-ilan nan boutik pafen oswa sou entènèt.
Bonsai medikaplant.Plant sa pa fleri tout l paske pou Fen ane a la map wè sa ki bò lakay mwen an fleri.
Eskize n pou reta a. Se vre Pierre, li fleri sitou nan sezon pa l.
M chachel mpoko ka jwenn li
Eskize n pou reta a. Ilan-ilan pa komen. Ou ka jwenn lwil esansyèl ilan-ilan nan boutik pafen.