Medsiyen Barachen | Ti Mapou | Ti Medsiyen
Non syantifik: Jatropha gossypiifolia
An Anglè: Bellyache Bush, Cotton-Leaf Physicnut, Black Physicnut, Leprus Tree
An Panyòl: Tua Tua
Konesans Tradisyonèl | Koze Granmoun
Lè yon moun reve yon mò oswa yon defen kouche avè l nan dòmi — espesyalman si li te konnnen moun sa — li dwe fè remèd pou netwaye kò a imedyatman. Dapre konesans tradisyonèl, lè mò a « lage likid » li nan rèv la, an reyalite li rantre nan kò moun nan, epi sa ka bay gwo pwoblèm sante.
Si moun nan neglije trete sa, kò a ka kòmanse anfle, fè mal, e sa ka mennen l byen lwen nan maladi ki grav. Dòz Medsiyen Barachen sa a se yon dòz pou sove lavi.

Kiyès Plant Sa Ye?
Medsiyen Barachen, yo konn rele l tou manyòk barachen, bwachen, ti bachen, ti barachen, ti mapou, ti medsiyen bata, oswa menm medsiyen bwa zòtolan.
Non yo varye anpil selon zòn, men se menm plant la. Nan lòt peyi, li pote lòt non gras ak non syantifik li Jatropha gossypiifolia.
W ap jwenn plis enfòmasyon ak resèt tradisyonèl sou li sou www.Medikaplant.org.
Koze Granmoun di konsa:
Si yon moun reve yon defen (tankou ansyen mari, madanm, zanmi, oswa menm yon moun ou pa konnen) vin kouche avè l nan dòmi — oswa menm fòse l manje yon bagay nan rèv — se pa yon senp rèv.
Nan konesans tradisyonèl, sa vle di mò a te antre an kontak ak enèji kò moun nan, e li nesesè pou w fè dòz netwayaj sa pi vit posib pou retire tout mak, jèm, oswa likid toksik sa ki ta antre nan sistèm ou.
PREPARASYON & ENSTRIKSYON
Engredyan:
- 1 ponyen fèy Medsiyen Barachen
- 3 grenn bannann gòsbòt (bannan kiryèz), gen zòn li ka gen lòt non, men se bannan yo konn pran pou gaz ak balònman yo

Metòd #1 – Frikase san grès:
Frikase fèy Medsiyen Barachen yo san okenn grès, mete yon ti sèl sèlman. Bouyi bannann pouyak yo apa, epi bay moun nan manje yo ansanm.
Metòd #2 – Bouyi ansanm:
Bouyi bannann gòsbòt yo, epi lè yo prèske kwit, ajoute fèy Medsiyen Barachen yo. Toufe yo pandan 5–7 minit sèlman, san anpil dlo ni grès. Dòz sa a anmè, men li trè efikas. Bay moun nan manje pandan li cho.
Ou ka fè youn an de metòd sa yo 1 sèl fwa, sa sifi pou netwaye w. Men si nesesè ou ka refè l jiska fwa si l pa pase w. Men si l te pase w byen pase, ou pa oblije refè l. Ou ka fè lòt bagay tankou tizann rasin Ave a pou 7 jou, oswa te po pòmdetè pou bwè nan yon jou.
PREKOSYON
- Pa sèvi ak twòp fèy ni twòp bannann, paske li ka lakoz dezagreman (tankou vomisman oswa repiyans pou manje fèy).
- Dòz sa fò anpil, itilize li ak prekosyon, e sèlman lè w gen rezon medsin tradisyonèl pou sa.
Benefis ak Lòt Itilizasyon
Kont cham ak move enèji:
Dekoksyon fèy Medsiyen Barachen ede rache « cham » oswa move enèji gason pran nan fanm oswa vis vèrsa.
Apre sa, yo konn graje yon ti annikòn, chofe l nan yon ti kleren, epi bay moun nan bwè yon ti tas. Ou ka mete poud annikòn nan nan yon ti lèt tou.

Bon pou vant ak dijesyon:
Fèy Medsiyen Barachen gen pwopriyete dijestif ak netwayaj entesten.
Li ede w ale nan twalèt, men si w pran twòp, li ka bay dyare.
Dekoksyon fèy oswa rasin nan bon tou pou vant fè mal ki pa vle sispann ak ilsè gastrik.
Medikaplant ap pote limyè sou konesans sa yo pou sove lavi, pa pè, se konnen ki fè.
#Medikaplant #PlantPaPlant #TradisyonAkSyans #ByennètNatirèl
ATANSYON:
Li pòs la yon dezyèm fwa oswa fè rechèch sou sit la, w ap jwenn sa pou fè, li ka pa pase w, ou ka ogmante dòz fèy yo, ou ka prepare vant ou 3 jou anvan w pran l, fè tizàn ak fèy yo. Ou ka chofe yon vè lèt bwè kou w fin pran l, ou ka pran yon laksatif ki fèt ak Sena, plen bagay ou ka fè. Ou ka itilize lòt varyete fèy ki soti nan menm plant lan men ki soti nan lòt zòn. Plen rezon li ka pa pase w, tankou ou sere, ou te pran remèd lòk lè w piti oswa yo te fè medsin lavman ak plant sa tou pou ou deja. Gen dòz pou pwazon oswa ranfòsman, ou pwoteksyon granmoun ou te ba w piti li p ap pase w. Men li ka pase w jan n di a, menm janw ka fè lavman ak po pòmdetè imedyatman apre sa. Tout sa yo w ap jwenn sou sit la, ak lòt detòks ou ka fè ki se ak lalwa oswa chabon aktive, ajil betonit, elatriye.
W ap jwenn li achte sou Medikaplantshop.com si w aletranje sitou USA.
.
MedikaPlant
www.medikaplant.org




Mèsi paske ou chwazi pataje sa avèk nou gratis. Mwen apresye sa anpl
Se nou ki di w mèsi Thyllot!
Rekonesans pou ou Vye Ewol pou kontribisyonw nan sove, pwoteje ak pwolonje lavi pitit granmèt la.
ABA zozoyè
Mèsi anpil Daphnée, aba zozoyè!
Vyè svp banm yon reset si moun an santi yon bgay ak mâche nan vant li
Eskize n pou reta a. Beatrice, yon bagay k ap mache nan vant ka gen plizyè koz. Pi bon nou gade sa an prive: https://medikaplantshop.com/consultation/
Bonsoir Ton Vye!! M espere Oú Anfom Ak Granmèt souf la vie an.!! Pou doz medsiyen barachen an konbyen jour poum pran l stp??? Merci déjà 🙏
Eskize n pou reta a. Sarah, gade dòz la nan atik la. Pa pran medsiyen barachen plis pase yon jou: li fò.
Bonjour Ton Vye, ´ espere Oú Anfom, pou dòz sa konbyen jour m ka pran l stp? M reve yon Moun mouri kouche m épi li ejacule anndanm ! Yon Moun mwen pat menm rekonet se lè li mouri mkonn egzistans li atis ki rele asap yo te boule an. Merci m espere Oú reponn mwen stp sim konbyen nou poum fe ap pran doz barachen .🙏
Sarah, mwen reponn ou nan lòt kòmantè a. Si rèv yo kontinye deranje w, ekri n an prive: https://medikaplantshop.com/consultation/
Yon sèl fwa sifi wi pou fè dòz sa.