Passer au contenu principal

Medikaplant

Benefis Medisinal ki Genyen nan Frèz

strawberry, product, fruit, kitchen, product, product, product, product, product
Medikaplant.org

1. Rich nan antiyoksidan: Frèz yo rich ak antioksidan, ki ede pwoteje selil yo kont domaj radikal lib yo ka lakòz.

2. Amelyore sante kadyak (kè): Frèz yo ka ede diminye risk pou maladi kadyovaskilè lè yo amelyore fonksyon vaskilè epi redwi enflamasyon.

3. Soutni Sante Po: Frèz yo rich nan vitamin C, ki ede pwoteje po moun kont domaj solèy la ka lakòz epi yo amelyore elastisite po a.

4. Ka Ede Kontwole Dyabèt :Frèz ka ede amelyore regilarizasyon nivo sik ki nan san epi ede redui potansyalite pou soufri maladi dyabèt tip 2 menm jan ak bleyè (Bleuberry).

5. Ranfòse sistèm iminitè: Frèz yo rich nan vitamin C, ki ede ranfòse sistèm iminitè a epi pwoteje n kont enfeksyon.


Se youn nan fwi ki pi popilè yo. Li bon si w ka manje frèz kri konsa, jis asire w lave yo byen pwòp menm jan w dwe fè pou tout plant. Souvan frèz kenbe anpil ti bèt ak plen parazit, mete ti priz bikabonat nan dlo a oswa vinèg pou tranpe fwi yo. Ou ka ajoute yo nan salad fèy tou, yo ajoute yon lòt savè nan salad la. Ou ka bay timoun yo nan lèt oswa sereyal. Yo fè bon ji ki gou, pa mete twòp sik, epi evite itilize sik blan rafine nan ji sa si w vle rekòlte tout benefis medisinal plant sa. Ou ka fè ji blennde « smoothie » avèk yo pou kont li oswa melanje a lòt fwi bè oswa lòt fwi.

MedikaPlant
www.medikaplant.org

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè