1. Plen Antiyoksidan: Antoyoksidan enpòtan anpil paske ede pwoteje selil yo kont domaj radikal lib yo ka lakoz ladan yo.
2. Amelyore Sante Kadyak (Kè): Yo diminye enflamasyon ak amelyore fonksyoon vaskilè yo, gras ak avantaj sa yo bleyè ede redui risk pou w fè maladi kadyovasilè.
3. Ede Fokis Pi Byen (Konsantrasyon) ak Ranfòse Memwa: Bleyè bon pou moun k ap rantre nan laj ak timoun lekòl oswa etidyan paske yo bay memwa epi ede w fokis pi byen, tèt klè.
4. Ede Swen Vizyon (Je): Yo chaje ak « antosyain » (anthocyanes), k ap ede pwoteje je yo kont dega radikal lib yo ka fè epi konsa yo redui risk pou soufri maladi okilè (je).
5. Ka ede konbat maladi sik (dyabèt): Yo ede amelyore regilarizasyon nivo sik ki nan san epi ede redui potansyalite pou soufri maladi dyabèt tip 2.

Li bon si w ka manje gren bè bleyè yo kri konsa, jis asire w lave yo byen pwòp. Ou ka ajoute yo nan salad fèy tou, yo ajoute yon lòt savè nan salad la. Ou ka bay timoun yo nan lèt oswa sereyal. Yo fè bon ji ki gou, pa mete twòp sik, epi evite itilize sik blan rafine nan ji sa si w vle rekòlte tout benefis medisinal plant sa. Ou ka fè ji blennde « smoothie » avèk yo pou kont li oswa melanje a lòt grenn bè oswa lòt fwi. Li vèsatil anpil, ou ka itilize l plizyè fason diferan. jis evite kwit fwi sa yo, chalè a lakoz w ap pèdi pi fò benefis yo. Lè w bwè ji sa oswa konsome bleyè souvan, w ap remake anpil chanjman nan kò w.

Bleyè kapab melanje ak lòt fwi bè tankou frèz, ets…
Evite bwè alkòl nan moman w ap flòch kò w ak ji sa, si w ta vle wè bèl mèvèy. Men po w gen plis ekla, kè w ap pi an sante, je w ap fonksyone pi byen, w ap fè prevansyon kont anpil maladi tankou kansè, tansyon wo ak sik. W ap evite kriz kadyak, w ap ka reflechi pi byen akoz memwa w pi djougan epi w ap dekonsantre, sitou si w strese toutan.
W ap jwenn anpil lòt fwi medisinal ak resèt ji ou ka fè ak yo sou platfòm Medikaplant lan.
Medikaplant
Platfòm Medsin Tradisyonèl Ayisyen an


