Medam ki bezwen ansent yo: menm si nou trete fibwòm ak kis la, pwoblèm twonp anfle a ak andometriyoz plis lòt bagay ki anpeche w ansent. Sonje sa ki enpòtan, anpil fwa se nèg la ki gen pwoblèm, pa ekzanp kantite ak kalite spèm nan fèb. Depi se konsa li p ap fasil pou n ansent si nèg la pa gen spèm bon kalite.
Pandan tretman nou an men se pou fè tretman pou mari nou oswa nèg nou pou amelyore ak ogmante kantite ak kalite spèm li pou l ka ansent nou pi fasil.
Dòz #1
1) Pou rafrechi yon ponyen fèy bazilit nan dlo tchèd chak maten
Dòz #2
2) LABOUYI = Pòmdetè + manyòk + kawòt + espageti; bouyi, blennde oubyen pile mete lèt pou mari w bwè sa pou prepare moman li pral antre nan fè bagay avèk ou

Dòz #3
Medikaplant gen pwòp fòmil pa n nou devlope pou ede rezoud pwoblèm spèm fèb ki pi grav yo. Se toujou ak plant nou konpoze yo, li senp epi l biyo. Konsa tou, li toujou bon pou moun nan ta detoksike tout sistèm kò l nèt pou amelyore sante jeneral li.
Pou labouyi a l ap bwè l chak de (2) fwa pa semèn
ENPÒTAN: Obsève ki koulè spèm mari nou. Koulè a ka ede n detèmine sante osw akalite spèm yo. Nou ka toujou di pèsonèl swen sante nou an sa pou l oryante n nan bon direksyon an.
Medikaplant
#Medikaplant | #Spèm_Fèb | #Bazilik | #Labouyi | #Remèd_Fèy



M be went on Renee pou ka ansent et pou sperm feb
Bonjou Moleye. Ou ka jwenn pwodui yo sou medikaplantshop.com. Pou fètilite, pi bon nou gade sitiyasyon w an prive: https://medikaplantshop.com/consultation/