Passer au contenu principal

Medikaplant

Dòz pou Fanm Ki Gen Pwoblèm Lèt ak Lokyostaz (Pèt nan matris)

Medikaplant.org

→ Lokyotaz (Lochi): se pèt, ekoulman oswa senyen Apre-Akouchman.

Dòz Plant pou Pòspatòm & Pwodiksyon Lèt

Lochi ak Lokyostaz
Apre akouchman, tout fanm pase pa yon fenomèn natirèl yo rele Lochi (Lochia), ki se senyen ak dechay matris la jete pou netwaye apre tibebe fèt. Lochi a konn gen 3 faz:

  1. Lochia Rubra / Cruenta – senyen wouj fonse, rive premye jou yo.
  2. Lochia Serosa – vin pi klè, yon melanj san ak likid.
  3. Lochia Alba / Purulenta – dènye etap la, pi blan oswa jòn klè.

Pafwa lochi a konn rete bloke anndan matris la, sa rele Lokyostaz oswa Lokyokesis (Lochiostasis / Lochioschesis). Lè sa rive, li ka lakòz doulè, enfeksyon, ak pwoblèm gerizon. Nan medsin tradisyonèl, plant itilize kòm yon mwayen natirèl pou ede netwaye matris la, ankouraje senyen koule nèt, epi evite blokaj.


Pwoblèm Pwodiksyon Lèt
Yon lòt difikilte fanm konn rankontre se pwodiksyon lèt pou bay tibebe. Genyen ki fè tout sa yo konnen, men lèt la pa desann ase. Sa konn gen rapò ak estrès, alimantasyon, oswa balans òmòn. Nan tradisyon medsin plant, gen fòmil ki rele galaktogòg (plant ki ankouraje laktasyon) pou ede ranfòse sekresyon lèt.


Solisyon: Dòz ak Fòmil Ou ka fè ak 3 engredyan senp + 2 Lòt ou ka konsome

Kèk Lòt Plant Ki Ka Ede w & Benefis yo Genyen

  • Fenouy (Foeniculum vulgare) – galaktogòg natirèl, ankouraje lèt desann, ede kont gaz ak kolik nan tibebe.
  • Fenugreek (Trigonella foenum-graecum) – pi popilè pou ogmante lèt, amelyore dijesyon, ranfòse enèji manman.
  • Basilik (Ocimum basilicum) – kalme sistèm nève a, ede ak balans òmòn.
  • Anis (Pimpinella anisum) – ede lèt koule, diminye vant gonfle ak espas.
  • Ortij / Nettle (Urtica dioica) – fèy rich an fè ak vitamin, ranfòse manman ki pèdi anpil san nan akouchman.
  • Moringa / Doliv (Moringa oleifera) – tradisyonèlman itilize kòm « miracle tree », yon gwo sipò pou ogmante lèt, pote anpil vitamin A, C, fè ak kalsyòm.
  • Zèb Sen Jan (St. John’s Wort – Hypericum perforatum) – tradisyonèlman itilize pou balans emosyonèl apre akouchman.
  • Melanj Pwopriyetè Medikaplant – nou gen kèk pwodui ki fèt ak kèk plant tou ki ede netwaye matris la, ranfòse sistèm iminitè, epi soutni rekiperasyon jeneral fanm nan. Vizite Medikaplantshop.com pou w ka chwazi sa ou bezwen nan ka pa w la


Benefis Dòz la

  • Ede netwaye matris la pou evite lochi bloke (Lokyostaz).
  • Soutni gerizon natirèl apre akouchman.
  • Ogmante pwodiksyon lèt pou nouri tibebe yo.
  • Bay manman an fòs, mineral, ak vitamin pou reprann vitalite pi vit.
  • Sèvi kòm yon sipò iminitè pou evite enfeksyon.



Medikaplant se avni ak tradisyon ansanm – nou rasanble konesans fanm chay yo, ansyen medsin plant, ansanm ak syans modèn pou pote solisyon natirèl ki mache.



Medikaplant


______________

#Medikaplant | #fanm_chay | #postpartum| #akouchman | #lokyostaz |#lochio | #manke_lèt | #alètman | #FanmNouris |#ayiti | #kreyòl | #tradisyon |
FDA pa t evalye deklarasyon sa yo. Pòs sa a pa fèt pou dyagnostike, trete, geri, oswa anpeche okenn maladi.

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè