Passer au contenu principal

Medikaplant

Horsetail, Ke Chwal, Cola de Caballo: Fikse Pwoblèm Ren, Vesi + Lòt Byenfè

Medikaplant.org

Fikse Pwoblèm Ren, Vesi + Lòt Byenfè Medisinal

Plant sa yo konn « Pwèl » la, non sa yo pran l soti nan non fransè a ki se « Prêle », li pa gen anyen pou wè ak plim moun, jan anpil moun panse a.

Non anglè a ki pi popilè se « Horsetail », se konsa tou panyòl yo, bay plant sa menm non an men nan lang pa yo: Cola de Caballo. Se pou sa nou rele l an Kreyòl « Ke Chwal », non sa fè l jistis epi l byen tonbe tou. Men sa pa anpehe nou toujou ka rele l Pwèl.

Non syantifik: Equisetum arvense

Fanmi: Equisetaceae

Gen plizyè espès, nou dwe fè atansyon ak kiyès n ap itilize kòm remèd natirèl. Li pa difisil pou jwenn li achte, nou pa jwenn li an Ayiti fasil ni li pa popilè nan medsin tradisyonèl nou an, tandiske Sen Domeng machann fèy yo souvan genyen l. Nan kominote latino yo USA w ap jwenn yo itilize l anpil, genyen l nan majorite makèt panyòl yo. Yo itilize l tradisyonèlman pou sipòte bon fonksyònman ren yo (kidneys) ak aparèy irinè. Se yon bon dyeretik, kidonk li fè w pipi byen ak pi fasil.

Kèk Byenfè Medisinal Tradisyonèl:

– Pwoblèm ren ak vesi (blad pise), yon bon dyeretik

– Enfeksyon irinè, kanal brile

– Bon pou po, cheve ak zong, paske l chaje silika ladan l

– Li bon pou zo tou

– Dyeretik

-Antienflamatwa

– Antiyoksidan

– Sikatrizan, ede geri blese ou maleng pi rapid

– Netwaye, dezefektan, li bon anpil nan netwaye, yo toujou konn itilize l pou foubi bagay, pou klin ak elimine grès ki kole sou yon bagay.


Dòz Kont Pwoblèm Krache San

Krache San: Men youn nan puisans medisinal plant Ke Chwal genyen se nan ede fikse pwoblèm krache san an. Youn nan resèt granmoun yo konn sere se lè yo itilize plant sa pou kanpe san an nan krache kèk malad. Men s ayo fè: pran plant lan tou ankè a, sa vle di ak tout rasin, ou ka pran 1-2 swivan gwosè pye a, mete l bouyi pou 7-10 minit nan 1 lit dlo (anviwon 2 bidon regilye yo). Ou ak bwè 1 tas 2-3 fwa pa jou swivan bezwen; ou ka kanpe nan demen depi san an fin kanpe, lè w pa wè tras li ann krache a ankò.

Pou krache san an tou pa bliye youn nan remèd efikas anpil se sik plant ki rele planten an: pran 3 kiyè pandan 3 fwa nan jounen an, l ap ede kanpe san an nan krache w rapid. Si sa pa mache ale lopital rapid. W ap jwenn plis detay sou plant sa sou Medikaplant plis lòt dòz. Pa janm gen yon sèl remèd natirèl pou yon pwoblèm sante. Se sa ki fè richès remèd natirèl.


Dyare:

Ou ka fè menm dòz dekoskyon sa ak menm dozaj ak pozoloji a, sa vle di fè l menm jan an pou kanpe dyare. Si w vle ou ka ranfòse l ak de twa fèy gwayav oswa po gwayav.

Emoraji, San Koule:

W ap aplike menm resèt sa tou si w gen emoraji, li mache byen tou.

Sante w se responsabilite w. Tout pòs nou yo la pou rezon enfòmasyonèl, konsa n ap klere antèn ou sou enpòtans plant yo ak byenfè medisinal yo. Men toujou pran responsabilite pa w pou fè rechèch ou epi konsilte pwofesyonèl sante w pou konnen si w ka konsome yon plant ou pa. Fanm ansent oswa k ap bay tete oubyen moun ki fenk opere oswa ki soufri yon malad kèlkonk, dwe evite bwè te plant sa. Pòs sa yo pa konsèy medikal ni dwe ranplase dyagnostik ak preskrisyon pwofesyonèl sante w ka ba ou.


Medikaplant

www.Medikaplant.org

Medsi Tradisyonèl Ayisyen

Anpil nan nou ki sou paj la chak jou, poko janm Follow (abòne) ak paj la. Si w renmen travay la ak pa vle rate anyen, Follow paj la kounye a.

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè